|
|
Rimè ak Reyalite sou H1N1
Dènye mizajou 10 desanm 2009 a 11:45 AM FIZO ORÈ LÈS
Tout lyen ki mennen nan lòt sit wèb yo louvri nan yon lòt fenèt. Tout dokiman PDF yo mwens pase 500kb nan dimansyon yo, sòf si nou di yon lòt bagay.

 |
RIMÈ: Mwen te resevwa yon demann Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) pou mwen kreye yon pwofil vaksinasyon kont H1N1. Èske m dwe fè sa?
|
 |
JWENN ENFÒMASYON YO: Pa fè sa! Se yon tantativ malonèt pou rasanble enfòmasyon pèsonèl moun. Imèl sa a pa sòti nan Sant pou Kontwòl Maladi (CDC). Si w ta resevwa yon imèl konsa oswa si w gen dout sou imèl ou resewa ki sòtit nan CDC, tanpri pa klike sou okenn lyen ki nan imèl la.
Imèel la ka sanble ak imèl nou mete la a.
|
|
|
 |
RIMÈ: Vaksen kont H1N1 an danjere, li te touye moun nan esè klinik yo. |
 |
JWENN ENFÒMASYON YO: Yo fè ak teste vaksen kont H1N1 avèk menm pwosesis ki itilize pou vaksen kont grip sezonye yo. Yo distribiye plizyè milyon dòz vaksen kont grip sezonye a chak ane pandan anpil ane, epi genyen yon dosye sekirite ki anplas pou vaksen an. Pou plis enfòmasyon: Èske vaksen kont H1N1 yo sennesòf? ak fèy enfòmasyon sou vaksen. |
|
|
|
 |
RIMÈ: Vaksen kont H1N1 an obligatwa. |
|
 |
JWENN ENFÒMASYON YO: Vaksen kont H1N1 an pa obligatwa. Pou plis enfòmasyon: "Èske vaksen kont grip H1N1 obligatwa?" |
| |
|
|
 |
RIMÈ: Timoun yo pa ka ale lekòl si yo pa t vaksinen. |
|
 |
JWENN ENFÒMASYON YO: Li pa obligatwa pou timoun yo pran vaksen kont H1N1 pou yo ka ale lekòl. Men, ou pa ta dwe voye lekòl timoun ki malad ak timoun ki gen sentòm grip la. Pou plis enfòmasyon: Kesyon moun poze souvan sou Edikasyon ak Gadri |
Pou plis enfòmasyon sou Rimè, ale nan sit sa yo:
Nan mwa ki fèk pase yo, piblik la te enkyete plis pou viris Grip H1N1 ki gen deyò a. Kounye a, plizyè rimè ap sikile nan toupatou nan eta a. Li enpòtan pou moun k ap viv nan Eta Florid konnen reyalite yo osijè H1N1 pou yo pran desizyon pou sante yo. Gade lis anwo a sou dènye rimè yo epi jwenn reyalite yo nan www.myflusafety.com
|