Paj-dakèy Depatman Sante Sijè A a Z Prezantasyon Depatman Sante Plan Sit la Kontakte Nou - Louvri nan yon lòt fenèt

Grip Kochon H1N1 www.MyFluSafety.com

Español   English

Enskri pou Jwenn Avètisman yo (RSS)  

  Jwenn Enfòmasyon/Rimè yo parèt Aklè 

flu.gov - Konnen kisa w dwe fè konsènan grip - ale nan flu.gov (Louvri lyen an nan yon lòt fenèt)

 

Sante Piblik Florid Sipòte
Klinik Vaksen kont H1N1

Dènye mizajou 2 fevriye 2010 a 8:11 PM LÈS.
Tout lyen ki mennen nan lòt sit wèb yo louvri nan yon lòt fenèt.
Tout dokiman PDF yo mwens pase 500kb nan dimansyon yo, sòf si nou di yon lòt bagay.

Sit wèb sa a bay enfòmasyon konsènan klinik vaksen kont H1N1 sante piblik sipòte epi ki pwograme toupatou nan eta a. Nou ankouraje vizitè yo pou yo kontinye tcheke sit sa a pou dènye enfòmasyon sou klinik vaksen lokal ak sou disponiblite vaksen an. Ou ka kontakte depatman sante konte ou tou pou jwenn lòt enfòmasyon ak mizajou yo nan adrès sa a: http://www.doh.state.fl.us/chdsitelist.htm


Pou jwenn yon klinik vaksen kont H1N1 sante piblik sipòte nan yon konte espesifik, chwazi konte ki enterese ou. Pou fè sa, klike sou konpozant apwopriye plant sit la oswa sou lis konte a.

Konte Gulf

 

Men lòt chwa ou ka fè pou jwenn vaksinasyon kont H1N1:

  • Kontakte founisè swen regilye ou pou wè si w li kapab ba ou vaksen kont grip H1N1 ki bon pou ou. Lyen ki anba la a ka ede ou jwenn yon founisè swen medikal, si ou pa gen youn: http://findahealthcenter.hrsa.gov/

  • Tcheke jounal lokal oswa estasyon radyo lokal ou pou detèmine ki lòt vaksen kont grip H1N1 ki disponib.

  • Kontakte depatman sante konte ou: Jwenn Depatman Sante Konte kote w ap viv la

Lòt Resous:

  • http://www.myflusafety.com/SwineFlu/documents/H1N1SwineFluVaccine.pdf - Bay yon bilten enfòmasyon sou vaksen H1N1.

  • http://www.myflusafety.com/H1N1_Vaccines.html - Bay medikaman FDA apwouve ki ajoute pou vaksen kont grip H1N1.

  • Fèy Enfòmasyon Vaksen (VIS) H1N1 ki pa aktif (Sous: Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi)

  • Fèy Enfòmasyon sou Vaksen (VIS) H1N1 ki Modere (Sous: Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi)

  • Sit wèb Depatman Sante Eta Florid: www.myflusafety.com

  • Sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi: http://www.cdc.gov/h1n1flu/general_info.htm

  • Liy gratis Florid pou jwenn enfòmasyon sou grip la, 1-877-352-3581, disponib 24 èdtan pa jou ak 7 jou pa semenn pou mesaj ki anrejistre nan lang Angle, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen. Operatè yo disponib ant 8am ak 8pm Fizo Orè Lès.
     

  • Liy Enfòmasyon Florid pou Grip la (1-877-352-3581) ofri plizyè fason pou jwenn enfòmasyon enpòtan sou grip la:
    • TTY/FL Relay Access
      • Men nimewo ki disponib pou TTY/FL Relay: Angle 800-955-8771, Panyòl 877-955-8773, Kreyòl 877-955-8707.
         
    • Sant Apèl Piblik
      Sant apèl piblik la pa ofri konsiltasyon medikal pou piblik la.
      Piblik la ta dwe konsilte founisè swen sante yo konsènan kesyon sou espesifik sou grip H1N1 pou eta sante ak tretman yo.
      • Orè Fonksyònman: 8:00am -8:00pm
      • Odyans: Piblik
      • Objektif: Ofri enfòmasyon jeneral konsènan grip sezonye a ak grip H1N1. Genyen mesaj otomatize konsènan H1N1 ki disponib 24/7 nan lang Angle, Panyòl ak Kreyòl. Operatè yo disponib ant 8:00am-8:00pm Fizo Orè Lès, 7 jou pa semenn nan lang Angle, Panyòl ak Kreyòl.
         
    • Sant Apèl pou Swen Sante
      Liy sa a pa deziyen pou piblik la chèche konsèy medikal. Y ap transfere apèl piblik la nan sant apèl piblik la.
      • Orè Fonksyònman 24/7
      • Odyans: Founisè Swen Sante ki gen Lisans Florid
      • Objektif: Ofri konsèy ak konsiltasyon sou tès ak tretman pou H1N1, kilè ak kijan pou rapòte deklanchman H1N1, enfòmasyon sou koleksyon echantiyon, transpò ak anbalaj, epitou distribisyon ak sekirite vaksen kont H1N1. Pwofesyonèl swen sante yo disponib tou pou ede avèk evalyasyon ak kontwòl efè segondè vaksen an.
         
    • Sant Apèl pou Efè Segondè
      Depatman Sante Eta Florid mete tèt ansanm avèk Sant Kontwòl Pwazon Florid yo pou ofri konsiltasyon 24/7 pou Sant Apèl Swen Sante ak pou Sant Apèl Efè Segondè.
      • Orè Fonksyònman 24/7
      • Odyans: Nenpòt moun ki te pran vaksen kont H1N1.
      • Objektif: Ofri evalyasyon medikal, triyaj, ak kontwòl efè segondè vaksen an pou moun ki panse yo kapab gen pwoblèm medikal apre yo fin pran vaksen an. Operatè yo disponib nan lang Angle, Panyòl ak Kreyòl.