|
Kesyon moun poze souvan
Dènye mizajou 3 fevriye 2010 a 1:54 PM LÈS.
Tout lyen ki mennen nan lòt sit wèb yo louvri nan yon lòt fenèt. Tout dokiman PDF yo mwens pase 500kb nan dimansyon yo, sòf si nou di yon lòt bagay.
_______________________________________________Retoune anwo
Enfòmasyon Jeneral
»Enfòmasyon Jeneral. Rezime
Kisa grip H1N1 ye? Grip H1N1 se yon nouvo viris grip ki lakòz maladi sou moun. Yo te detekte Grip H1N1 toudabò sou moun ki Ozetazini pandan mwa avril 2009. Yo te fè dyagnostik premye ka Grip H1N1 nan Florid 1 me 2009. Vizite www.myflusafety.com regilyèman pou pifò enfòmasyon ki ajou sou Grip H1N1 nan Florid.
Ki dènye sitiyasyon Grip H1N1 nan Florid? Grip H1N1 lakòz maladi sou moun ki enfekte nan Florid, Ozetazini ak nan peyi lòtbò-dlo. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) prevwa maladi sa yo kapab kontinye pou kèk tan. Poutèt sa, oumenm oswa moun ki nan antouraj ou ka vin malad. Si nou vin malad, nou dwe rekonnèt sentòm yo ak konnen kisa pou nou fè.
Ki kote mwen ka jwenn dènye aktivite grip la pou Florid?
http://www.doh.state.fl.us/Disease_ctrl/epi/swineflu/Reports/reports.htm
Ou ka jwenn lòt rapò chak semenn nan
http://www.doh.state.fl.us/Disease_ctrl/epi/htopics/flu/2009/index.html
Pou kisa yo rele viris grip la "grip kochon" pafwa? Grip H1N1 te gen pou wè toudabò ak "grip kochon" paske tès laboratwa te montre anpil jèn ki nan nouvo viris sa a te sanble anpil ak viris grip ki parèt nòmalman sou kochon nan Amerik-di-Nò. Lòt etid te montre nouvo viris sa a diferan anpil ak sa k ap sikile nòmalman sou kochon nan Amerik-di-Nò yo. Li gen jèn avyè (zwazo) ak jèn moun tou.
Èske ka trape Grip H1N1 sou lòt moun? Viris H1N1 kontajye epi yon moun ka transmèt li ba yon lòt moun. Viris la transmèt menm jan viris grip sezonye regilye a transmèt. Pifò moun ki te vin malad ak nouvo viris sa a te refè san yo pa t bezwen tretman medikal.
Kijan Grip H1N1 transmèt? Grip H1N1 sanble transmèt ant yon moun ak yon lòt moun nan kontak sere, nan fason ki sanble ak lòt viris grip yo. Grip la kapab transmèt nan:
- Touse ak etènye
- Kontak, anjeneral nan men, avèk yon moun ki gen Grip H1N1
- Si w manyen yon sifas ki kontamine epi answit ou manyen nen, bouch oswa zye ou.
Ki siy ak sentòm Grip H1N1 sou moun? Sentòm grip H1N1 sanble ak sentòm grip sezonye regilye epitou yo genyen lafyèv ki kòmanse toudenkou, tous, gòj fèmal, doulè nan kò, maltèt, frison ak fatig. Kèk moun te rapòte yo genyen dyare ak vomisman ki asosye ak grip H1N1. Moun kapab enfekte avèk grip, avèk grip H1N1 tou, epitou yo kapab genyen sentòm respiratwa san yon lafyèv tankou grip sezonye a. Grip H1N1 kapab lakòz eta sante kwonik kache vin pi grav.
Èske nenpòt moun iminize kont Grip H1N1? Yo te rapòte moun ki pi aje, moun ki gen laj 65 ane ak plis genyen to enfeksyon avèk Grip H1N1 pi ba parapò ak lòt gwoup laj yo. Pou kisa se ka yo pa fin byen konprann?
Kijan maladi ki asosye avèk Grip H1N1 grav? Maladi ki asosye avèk H1N1 te klase ant modere ak grav. Alòske pifò moun ki te malad yo te refè san yo pa t bezwen tretman medikal, te gen moun ki entène lopital ak moun ki mouri akòz enfeksyon an. Apeprè 70 pousan moun ki te entène lopital avèk Grip H1N1 te genyen youn oswa plis eta sante yo te rekonèt anvan ki mete moun nan "gwo risk" pou konplikasyon grav ki asosye ak grip sezonye a. Sa genyen ladan:
- Gwosès
- Dyabèt
- Maladi kè
- Opresyon
- Maladi ren
Yon bagay ki sanble diferan avèk grip sezonye a sèke adilt ki gen laj 65 ane ak plis poko sanble gen gwo risk pou konplikasyon ki asosye ak Grip H1N1. Etid laboratwa CDC te montre okenn timoun ak yon ti kantite adilt ki poko gen laj 60 ane genyen antikò ki egziste pou viris grip H1N1; men, apeprè yon tyè adilt ki gen plis pase 60 ane kapab gen antikò kont viris sa a. Yo pa konnen konbyen pwoteksyon, si genyen, nenpòt antikò ki egziste kapab pwokire kont grip H1N1
Ki peryòd enkibasyon grip la? Dapre enfòmasyon ki sòti nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), peryòd enkibasyon ki asiyen pou grip H1N1 se ant 1 ak 4 jou avèk yon mwayèn 2 jou. Viris grip k ap gaye a (tan lè yon moun ta ka kontajye pou yon lòt moun) kòmanse jou anvan kòmansman maladi a epi li ka pèsiste pandan 5 a 7 jou. Kèk moun ka transmèt viris la pandan peryòd ki pi long, sitou pou jenn timoun yo epi gravman pou moun ki gen sistèm iminitè yo frajil.
Konbyen tan moun kontajye pou lòt moun? Moun ki enfekte avèk grip sezonye ak grip H1N1 transmèt viris la epi yo ka anmezi pou enfekte lòt moun jiska apeprè 1 jou anvan yo vin malad epi jiska apeprè 5 a 7 jou apre yo vin malad. Sa ka pran plis tan sou moun, sitou timoun ak moun ki gen sistèm iminitè yo frajil, epitou sou moun ki enfekte avèk nouvo viris grip H1N1. Moun yo pi kontajye lè yo gen lafyèv. Nan pifò sitiyasyon, moun yo ka retounen al travay oswa lekòl san pwoblèm si lafyèv yo te tonbe san yo pa t pran medikaman kont lafyèv la pandan 24 èdtan oswa plis.
Konbyen tan maladi a dire? Anjeneral, grip la dire twa a sèt jou, menmsi tous ak gwo fatig kapab pèsiste pandan plis pase de semenn. Viris grip imen kapab lakòz grip primè ak nemoni viral. Viris grip imen kapab agrave eta sante kache, tankou maladi poumon oswa maladi kè; lakòz nemoni bakteryen segondè oswa sinizit; oswa lakòz ko-enfeksyon avèk lòt patojèn viral oswa bakteryen.
Èske ka genyen re-enfeksyon grip H1N1? Kò moun pwodui antikò (pati nan sistèm iminitè ou ki ka rekonèt ak atake mikwòb yo si w ekspoze nan mikwòb la ankò) ki ofri yon nivo pwoteksyon pou anpeche ou re-enfekte ak viris yo.
Enfeksyon avèk nenpòt viris grip, avèk Grip H1N1 tou, ta dwe lakòz kò ou devlope rezistans iminitè pou viris la pou moun sa a pa ta gen chans pou vin enfekte avèk menm viris grip la plis pase yon fwa. (Men, moun ki gen sistèm iminitè fèb ka pa fin devlope iminite nèt apre enfeksyon an epi yo ka gen plis chans vin enfekte ak menm viris grip la plis pase yon fwa.) Li posib tou pou yon moun ta genyen yon rezilta tès pozitif pou enfeksyon grip plis pase yon fwa nan yon sezon grip. Sa ka rive pou de rezon:
- Yon moun ka enfekte ak plizyè viris grip (pa egzanp, premye fwa ak H1N1 2009 epi dezyèm fwa ak yon viris grip sezonye òdinè a. Pifò tès rapid pa ka distenge ki viris grip ki responsab maladi a. Epi,
- Tès pou grip yo ka bay pafwa fo rezilta pozitif ak fo rezilta negatif, kidonk li posib pou youn nan rezilta tès yo pa t kòrèk. Sa gen plis chans pou rive lè dyagnostik la fèt avèk tès rapid pou grip yo. Gen lòt enfòmasyon sou dyagnostik grip ki disponib nan http://www.cdc.gov/h1n1flu/diagnosis/
Men kèk konsèy pou anpeche enfeksyon:
- Moun ki gen maladi a ta dwe pran tan pou yo refè nèt
- Yo sispèk si w rete lakay ou lwen travay oswa lekòl sa ka diminye lòt moun ekspoze nan maladi a.
- Lavaj men souvan diminye posiblite pou ekspoze ak re-ekspoze nan maladi kontajye
- Nou sijere pou itilize jèl jèmisid ki touye mikwòb sou kontak
- Itilizasyon dezenfektan espre fè sifas yo rete pwòp
Ki kalite pwoblèm kè grip la lakòz? Grip kapab lakòz konplikasyon grav akoutèm, avèk tou nemoni ak ensifizans respiratwa, epitou li ka agrave maladi kache tankou opresyon oswa dyabèt. Moun ki soufri avèk konplikasyon grip sa yo kapab pran tan pou yo refè, men pa genyen pwoblèm sante alontèm grip la lakòz poukont li.
Èske m dwe patisipe nan rasanbleman sosyal? Si ou malad, ou ta dwe rete lakay ou epi pa pran twòp kontak avèk lòt moun otank posib epitou pa ale oswa pa patisipe nan evènman oswa nan lòt rasanbleman sosyal. Nan tout sitiyasyon, timoun tankou granmoun dwe swiv pratik debaz sante ak ijyèn. Pratik sa yo gen ladan lavaj men regilyèman, kouvri nen ou ak bouch ou avèk yon klinèks lè w ap touse oswa lè w ap etènye epi jete klinèks la nan poubèl, ak evite manyen zye, nen oswa bouch ou.
Èske Leta mete izòlman obligatwa pou moun ki malad ak/oswa mete karantèn obligatwa pou moun ki te an kontak yo? Non. Depatman Sante Florid rekòmande pou moun ki malad avèk maladi grip la rete lakay yo, pou yo pa al travay oswa lekòl epitou pou yo pa ekspoze lòt moun nan grip la. Men kèk estrateji pou anpeche transmisyon sèten maladi kontajye: izòlman moun ki malad yo ak karantèn pou moun ki te ekspoze nan maladi a. Yo rekòmande izòlman volontè pou Grip H1N1. Lekòl yo oswa patwon yo kapab ranvwaye moun ki malad yo jouk lè yo refè, dapre pwòp règleman pou anplwaye yo.
Ki lòt etap y ap pran pou pwoteje moun ki pi frajil yo pou maladi grav nan Grip H1N1? Depatman Sante angaje nan yon kantite aktivite pou asire dènye konsèy CDC konsènan Grip H1N1 divilge yon fason apwopriye pou founisè swen sante yo, piblik jeneral la jwenn aksè nan enfòmasyon egzat, epi maladi a kontwole yon fason aktif toupatou nan eta a. Depatman an, nan tèt ansanm avèk patnè federal, leta ak lòt patnè piblik ak prive li yo, alatèt kanpay vaksinasyon eta a kont Grip H1N1. Gwoup sible ki jwenn premye priyorite pou vaksinasyon an genyen ladan moun ki nan pi gwo risk pou konplikasyon grip la ak/oswa pou transmisyon maladi a. Sa gen ladan travayè swen sante yo. Ou ka jwenn lòt enfòmasyon sou aktivite Depatman Sante nan lyen ki anba la a:
http://www.myflusafety.com/SwineFlu/documents/DOHandH1N120090904.pdf
Ki kote mwen ka pran vaksen kont Grip H1N1? Si founisè swen sante ou pa ofri vaksen kont H1N1, ale nan http://www.myflusafety.com/myfluclinic.htm pou jwenn yon klinik vaksen kont H1N1 sante piblik sipòte ki toupre ou. Vaksen kont H1N1 ap rive nan Florid, kidonk kontinye tcheke founisè swen sante ou oswa depatman sante zòn ou pou disponiblite vaksen an. Ap genyen ase vaksen ki disponib pou moun ki mande pou pran li. Ou ka jwenn enfòmasyon sou sante konte ou la a: http://www.doh.state.fl.us/chdsitelist.htm
Èske ap gen ase vaksen disponib? Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) prevwa ap genyen ase vaksen ki disponib pou tout moun ki mande pou vaksinen. Men, disponibilite ak demann vaksen kont grip la kapab pa prediktib epi toudabò, vaksen an ap disponib an kantite limite. Alòske estòk vaksen an limite a, Depatman Sante Eta Florid ap swiv konsèy CDC pou vaksinen gwoup moun ki nan pi gwo risk pou trape Grip H1N1.
Prezidan an te deklare Ijans Nasyonal pou Grip H1N1. Kisa sa vle di? Deklarasyon sa a bay lopital yo posiblite pou mande anilasyon egzijans legal ki ta ka limite kapasite yo pou reponn yon ogmantasyon pasyan toudenkou ki gen grip H1N1. Yo p ap akòde anilasyon sa yo nan yon mannyè global epitou y ap detèmine demann yo sou baz ka-pa-ka.
Konbyen ka grip H1N1 nou obsève nan Florid? Kijan Eta Florid ap swiv grip la? Yo pa mande doktè yo pou rapòte tout dyagnostik grip la pou kounye a, paske kantite yo ta trè gran. Pou anpil moun, tretman an se menm pou grip H1N1 oswa pou lòt grip sezonye. Yon repons sante piblik pa nesesè nan chak ka. Yo mande doktè Florid yo pou rapòte ka lanmò sou moun ki gen Grip H1N1, moun yo admèt nan lopital avèk maladi grav akòz Grip H1N1, ak fanm ansent yo admèt nan lopital avèk maladi konsa; epitou pou voye notifikasyon pou Depatman Sante Konte yo sou deklanchman grip yo vin konnen an. Ou ka jwenn plis enfòmasyon la a: http://www.myflusafety.com/data.html
_______________________________________________Retoune anwo
»Enfòmasyon Jeneral: Siy ak Sentòm
Ki siy ak sentòm Grip H1N1? Sentòm grip H1N1 sanble ak sentòm grip sezonye regilye epi yo genyen ladan yo:
- Lafyèv
- Tous
- Gòj irite
- Doulè nan kò
- Maltèt
- Frison
- Fatig
Kèk moun te rapòte yo te gen dyare ak vomisman ki asosye avèk Grip H1N1. Tankou grip sezonye a, Grip H1N1 ka lakòz eta sante kache yo vin pi grav. Moun ki enfekte avèk grip sezonye ak grip H1N1 transmèt viris la epi yo ka anmezi pou enfekte lòt moun jiska apeprè 1 jou anvan yo vin malad epi jiska apeprè 5 a 7 jou apre yo vin malad. Sa ka dire pi lontan sou kèk moun, sitou timoun ak moun ki gen sistèm iminitè yo fèb. Moun yo pi kontajye lè yo gen lafyèv. Nan pifò sitiyasyon, moun yo ka retounen al travay oswa lekòl san pwoblèm si lafyèv yo te tonbe san yo pa t pran medikaman kont lafyèv la pandan 24 èdtan oswa plis.
Si m gen sentòm tankou grip, èske m dwe ale nan Sal-dijans? Toujou rele founisè swen sante nòmal ou anvan w ale nan Sal-Dijans, menmsi se lannwit oswa nan wikenn. Founisè swen sante yo gen sistèm anplas pou satisfè bezwen pasyan yo nan lè biwo pa louvri.
Mwen gen sentòm grip la men mwen pa ka teste pou H1N1. Pou kisa? Pou kounye a, se viris Grip H1N1 ki lakòz prèske tout grip ki nan Florid. Si w gen sentòm grip, gen anpil chans pou w trape Grip H1N1.
Founisè swen sante ou se espè nan fè dyagnostik maladi ak nan detèmine ki tès li ta dwe rekòmande pou ou. Oumenm ansanm ak doktè w se patnè nan swen sante w. Poze kesyon, swiv enstwiksyon doktè w, epi asire ou toujou doktè w konnen nenpòt chanjman nan eta sante ou.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Enfòmasyon Jeneral: Prevansyon
Kijan m ka pwoteje tèt mwen ak fanmi m?
- Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande ou pou pran vaksen H1N1 lè li vin disponib pou pwoteje ou ak fanmi ou. Y ap bay vaksen an pou gwoup priyoritè yo dabò. Si ou gen nenpòt kesyon konsènan si ou ta dwe pran vaksen, ou ta dwe kontakte founisè premye swen ou.
- Kouvri nen ou ak bouch ou avèk yon klinèks lè w ap touse oswa lè w ap etènye. Jete klinèks la nan poubèl apre ou fin itilize li, epitou lave men ou avèk savon ak dlo.
- Lave men ou souvan avèk savon ak dlo, sitou apre ou fin touse oswa etènye. Likid pou netwaye men abaz alkòl efikas tou.
- Pa manyen zye ou, nen ou oswa bouch ou. Mikwòb yo gaye nan fason sa a.
- Pa pran kontak sere ak moun ki malad.
- Si ou malad avèk maladi grip la, rete lakay ou pandan omwen 24 èdtan apre lafyèv ou fin tonbe, sof si se pou jwenn swen medikal oswa pou lòt nesesite. (Lafyèv ou ta dwe tonbe san w pa itilize yon medikaman ki pou bese yon lafyèv.) Rete lwen lòt moun otank posib. Se pou anpeche ou lakòz lòt moun vin malad.
- Pandan ou malad, pa pran twòp kontak avèk lòt moun pou w pa enfekte yo. Si w malad epi w ap viv nan menm espas avèk lòt moun ki lakay ou, mete yon mask figi si ou sou yon distans sis pye ak lòt yo, si w genyen mask figi epi si w ka tolere sa, pou ede ou pa transmèt viris la ba lòt yo.
- Swiv konsèy sante piblik konsènan ranvwa lekòl, foul moun pou evite, ak lòt mezi sosyal pou pran distans ak moun.
- Si w poko gen youn, anvizaje devlope yon plan-dijans poun fanmi ou kòm yon prekosyon, pou w pa oblije ale nan boutik pandan ou malad. Sa ta ka genyen estokaj yon kantite manje anplis, medikaman, ak lòt pwovizyon ki enpòtan.
Ki pi bon teknik pou m lave men m? Si ou lave men ou souvan sa ap pwoteje w kont mikwòb. Lave men w ak savon ak dlo oswa netwaye yo ak pwodui netwayaj pou men abaz alkòl. Li rekòmande pou lè w ap lave men ou avèk savon ak dlo tyèd pandan 15 a 20 segonn (chante "Jwaye Anivèsè" pou tèt ou de fwa se apeprè 15-20 segonn). Lè pa genyen savon ak dlo, ou ka itilize tanpon jetab oswa jèl dezenfektan pou men abaz alkòl. Ou ka jwenn yo nan pifò makèt ak famasi. Si w ap sèvi ak jèl, fwote men w jiskaske jèl la seche. Jèl la pa bezwen dlo pou l efikas; alkòl ki ladan an touye mikwòb ki te sou men w yo.
Mwen fè alèji ak jèl pou men yo. Kisa m dwe fè? Lave avèk savon ak dlo.
Si mwen gen yon manm fanmi ki malad lakay mwen avèk H1N1, èske mwen ta dwe al travay? Moun ki ansante men ki gen yon manm fanmi ki malad lakay yo avèk H1N1 kapab al travay jan yo konn fè sa. Ou ta dwe kontwole sante ou chak jou, epi ou ta dwe pran prekosyon chak jou, answit kouvri bouch ou lè w ap touse ak etènye, epitou lave men ou souvan avèk savon ak dlo, sitou apre ou fin touse oswa etènye. Si w vin malad avèk sentòm grip la, avèk lafyèv, doulè nan kò, nen k ap koule oswa nen bouche, gòj fèmal, noze, oswa vomisman oswa dyare, ou ta dwe rete lakay ou epi evite kontak avèk lòt moun. Si w vin malad, ou ta dwe fè sipèvizè ou konnen sa epi rete lakay ou. Anpwlaye ki gen yon eta sante kache oswa ki ansent ta dwe rele founisè swen sante yo pou konsèy, paske yo kapab bezwen pran medikaman antiviral. Rete lakay ou vle di ou pa dwe kite kay ou sof pou w al pran swen medikal. Sa vle di evite aktivite nòmal yo, tankou travay, lekòl, vwayaj, fè acha, evènman sosyal ak rasanbleman piblik.
Èske ka genyen re-enfeksyon Grip H1N1? Kò moun pwodui antikò (pati nan sistèm iminitè ou ki ka rekonèt ak atake mikwòb yo si w ekspoze nan mikwòb la ankò) ki ofri yon nivo pwoteksyon pou anpeche ou re-enfekte ak viris yo.
Enfeksyon avèk nenpòt viris grip, avèk Grip H1N1 tou, ta dwe lakòz kò ou devlope rezistans iminitè pou viris la pou moun sa a pa ta gen chans pou vin enfekte avèk menm viris grip la plis pase yon fwa. (Men, moun ki gen sistèm iminitè fèb ka pa fin devlope iminite nèt apre enfeksyon an epi yo ka gen plis chans vin enfekte ak menm viris grip la plis pase yon fwa.) Li posib tou pou yon moun ta genyen yon rezilta tès pozitif pou enfeksyon grip plis pase yon fwa nan yon sezon grip. Sa ka rive pou de rezon:
- Yon moun kapab enfekte avèk plizyè viris grip (pa egzanp, premye fwa avèk Grip H1N1 epi dezyèm fwa avèk yon viris grip sezonye regilye. Pifò tès rapid pa ka distenge ki viris grip ki responsab maladi a. Epi,
- Tès pou grip yo ka bay pafwa fo rezilta pozitif ak fo rezilta negatif, kidonk li posib pou youn nan rezilta tès yo pa t kòrèk. Sa gen plis chans pou rive lè dyagnostik la fèt avèk tès rapid pou grip yo. Gen lòt enfòmasyon sou dyagnostik grip ki disponib nan http://www.cdc.gov/h1n1flu/diagnosis/
Men kèk konsèy pou anpeche enfeksyon:
- Moun ki gen maladi a ta dwe pran tan pou yo refè nèt
- Yo sispèk si w rete lakay ou lwen travay oswa lekòl sa ka diminye lòt moun ekspoze nan maladi a.
- Lavaj men souvan diminye posiblite pou ekspoze ak re-ekspoze nan maladi kontajye
- Nou sijere pou itilize jèl jèmisid ki touye mikwòb sou kontak
- Itilizasyon dezenfektan espre fè sifas yo rete pwòp
Èske m dwe patisipe nan rasanbleman sosyal? Si ou malad, ou ta dwe rete lakay ou epi pa pran twòp kontak avèk lòt moun otank posib epitou pa ale oswa pa patisipe nan evènman oswa nan lòt rasanbleman sosyal. Nan tout sitiyasyon, timoun tankou granmoun dwe swiv pratik debaz sante ak ijyèn. Pratik sa yo gen ladan lavaj men regilyèman, kouvri nen ou ak bouch ou avèk yon klinèks lè w ap touse oswa lè w ap etènye epi jete klinèks la nan poubèl, ak evite manyen zye, nen oswa bouch ou.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Enfòmasyon Jeneral: Konsèy pou Netwayaj
Konbyen tan viris grip yo ka viv deyò kò moun? Viris grip la ka siviv sou sifas (tankou anlè biwo ak kontwa) epi li ka enfekte yon moun pandan 2 a 8 èdtan apre yo fin depoze li sou sifas la. Lavaj men souvan ap ede ou diminye chans pou trape kontaminasyon nan sifas komen sa yo.
Kisa ki touye viris grip? Chalè (167-212°F [75-100°C]) detwi viris grip. Answit, plizyè jèmisid chimik, tankou klò, dlo oksijene, detèjan (savon), yodofò (antiseptik abaz yòd) ak alkòl efikas kont viris grip imen si w itilize yo nan konsantrasyon kòrèk pandan yon peryòd ki long ase. Pa egzanp, lenjèt oswa jèl ki gen alkòl ladan ka sèvi pou netwaye men. Ou dwe fwote jèl yo nan men ou jiskaske yo seche.
Ki sifas ki gen plis chans pou vin sous kontaminasyon? Mikwòb yo ka transmèt lè yon moun manyen yon bagay ki te kontamine ak mikwòb la (pa egzanp yon tab) epi moun lan manyen zye, nen oswa bouch li. Ti gout likid ki soti lè yon moun touse oswa etènye deplase nan lè a sou yon distans apeprè sis pye.
Esi pa gen savon ak dlo disponib, epi yo pa otorize pwodui abaz alkòl yo nan enstitisyon m lan? Menmsi prèv syantifik pa apwofondi menm jan tankou pou lavaj men ak dezenfektan abaz alkòl, lòt dezenfektan pou men ki pa gen alkòl ladan ka itil pou touye mikwòb ki sou men w yo.
Kijan yo ta dwe jere eliminasyon dechè pou anpeche viris grip la transmèt? Pou anpeche viris grip la transmèt, li rekòmande pou jete nan fatras klinèks ak lòt atik jetab yon moun ki enfekte fin itilize. Answit, moun dwe lave men yo ak savon ak dlo apre yo fin manyen klinèks ize ak lòt dechè sanblab.
Ki netwayaj ki ta dwe fèt nan kay la pou anpeche viris grip la transmèt? Pou anpeche viris grip la transmèt, li enpòtan pou kite sifas yo (sitou akote tab yo, sifas ki nan twalèt yo, kontwa kuizin yo ak jwèt pou timoun) pwòp. Pou fè sa, ou dwe netwaye yo avèk yon dezenfektan kay dapre enstwiksyon ki sou etikèt pwodui a.
Kijan pou jere lenj, kouvè ak asyèt moun ki enfekte ak viris grip la? Lenj, kouvè ak asyèt moun ki malad yo pa fèt pou netwaye apa, men sa ki pi enpòtan se pou pa sèvi nan atik sa yo si w pa byen lave yo anvan ak savon ak dlo. Ou dwe sèvi ak savon lesiv menajè pou lave lenj (tankou dra ak sèvyèt) epi fikse machin lan sou cho pou seche yo. Moun dwe evite "anbrase" lesiv yo anvan yo lave yo pou pa kontamine tèt yo. Moun dwe lave men yo ak savon ak dlo oswa itilize dezenfektan pou men abaz alkòl touswit apre yo te fin manyen lesiv sal.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Enfòmasyon Jeneral: Tretman
Kisa m dwe fè si m vin malad? Fè plis atansyon a kò ou ak fason ou santi ou. Si w gen sentòm grip la, rete lakay ou, pa pran twòp kontak avèk lòt moun epi rele founisè swen sante w. Founisè swen sante w ap deside si tès oswa tretman nesesè. Tès sa yo ka gen ladan yon prelèvman nazal ki pi bon pou fèt nan premye 4-5 depi w malad la. Tankou grip regilye a, Grip H1N1 ka fè lòt pwoblèm medikal yo vin grav. Nenpòt lè ou poukont ou, si w santi w malad mande yon moun tcheke w souvan. Se toujou yon bon lide. Si ou genyen kontak sere avèk moun ki gen Grip H1N1 oswa k ap trete poutèt li te ekspoze nan Grip H1N1, kontakte founisè swen sante ou pou diskite sou si ou bezwen tretman pou diminye chans pou trape grip la.
Kijan Grip H1N1 transmèt? Trete nenpòt lafyèv touswit. Tylenol® (asetaminofèn) se pi bon tretman lafyèv pandan gwosès.
Bwè anpil likid pou ranplase sa w pèdi lè w malad.
Doktè ou ap detekte si ou bezwen medikaman antiviral tankou Tamiflu® (oseltamivir) oswa Relenza® (zanamivir). Medikaman antiviral se konprime, likid oswa inalatè sou preskripsyon ki goumen kont grip la lè yo anpeche mikwòb devlope nan kò ou. Medikaman sa yo ka fè w refè pi vit epitou yo ka fè sentòm ou yo vin pi modere.
Medikaman antiviral yo pi efikas lè w kòmanse pran yo touswit apre sentòm yo kòmanse (anvan de [2] jou fin pase), men yo ka bay moun ki malad anpil oswa ki gen gwo risk (tankou fanm ansent) medikaman yo tou menm apre 48 èdtan.
Yo itilize Tamiflu® ak Relenza® tou pou anpeche Grip H1N1.
Genyen enpe enfòmasyon sou efè medikaman antiviral sou fanm ansent yo oswa sou tibebe yo, men yo pa t rapòte okenn efè segondè ki grav. Si w panse ou te gen efè segondè nan medikaman antiviral yo, rele doktè ou touswit.
Mwen pa gen doktè, ki kote m ka ale konsilte si m malad? Klinik lokal yo oswa sant swen ijan yo kapab yon chwa, si ou pa genyen yon doktè. Ou ka kontakte depatman sante lokal oswa konte a. Yo ka anmezi pou ede w. Ou ka jwenn enfòmasyon sa yo nan www.floridashealth.com. Ou ka eseye tou http://findahealthcenter.hrsa.gov/ pou w jwenn yon sant sante toupre w.
Kilè m dwe al pran swen medikal pou ijans? Si w gen nenpòt nan siy sa yo, chèche swen medikal pou ijans touswit:
-
Pwoblèm pou respire oswa respirasyon kout
-
Doulè oswa presyon nan pwatrin oswa nan vant
-
Toudisman toudenkou
-
Konfizyon
-
Vomisman ak/oswa dyare ki grav oswa pèsistan
-
Mouvman tibebe a diminye oswa li pa fè mouvman
-
Yon gwo lafyèv Tylenol® pa fè anyen pou li
Kijan yo ka fè dyagnostik enfeksyon avèk grip H1N1 sou moun? Doktè ou ka fè dyagnostik si ou gen Grip H1N1 ki baze sou siy ak sentòm ou genyen oswa dapre tès laboratwa. Pou fè dyagnostik Grip H1N1, yo ta dwe pran anjeneral yon echantiyon respiratwa nan premye kat nan senk jou maladi a (lè yon moun ki enfekte gen plis chans pou transmèt viris la). Si doktè w kwè ou bezwen yon analiz laboratwa, yo ka fè analiz sa a kounye a nan laboratwa klinik prive yo.
Doktè di mwen gen Grip H1N1, men li p ap fè tès pou mwen. Pou kounye a, se Grip H1N1 ki lakòz prèske tout grip nan Florid. Si w gen sentòm grip la, ou gen plis chans pou gen Grip H1N1. Doktè ou se espè nan fè dyagnostik maladi yo ak nan detèmine ki tès li ta dwe rekòmande pou ou. Oumenm ansanm ak doktè w se patnè nan swen sante w. Poze kesyon, swiv enstwiksyon doktè w, epi asire ou toujou doktè w konnen nenpòt chanjman nan eta sante ou.
Èske gen medikaman pou trete enfeksyon Grip H1N1? Wi. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande itilizasyon medikaman antiviral pou tretman ak/oswa prevansyon enfeksyon avèk viris Grip H1N1. Medikaman antiviral yo se medikaman sou preskripsyon (konprime, likid, oswa yon poud inale) ki goumen kont grip la lè yo anpeche viris grip la repwodui nan kò ou. Si w malad, medikaman antiviral yo ka fè maladi ou vin pi modere epi li ka fè ou vin refè pi vit. Yo ka anpeche konplikasyon grav grip la tou. Itilizasyon priyorite pou medikaman antiviral kont grip se pou trete maladi grav grip la (pa egzanp, pasyan ki entène lopital) ak moun ki malad ki gen yon maladi ki mete yo nan gwo ris pou konplikasyon grav ki asosye ak grip la.
Èske m bezwen yon preskripsyon pou medikaman sa yo? Wi, ou bezwen yon preskripsyon. Kontakte doktè ou sou fason pou jwenn medikaman antiviral la.
Doktè a te preskri mwen medikaman antiviral yo epi mwen pa ka achte yo. Kisa pou m fè? Eta Florid ap travay avèk diferan detayan toupatou nan eta a pou asire moun k ap viv nan Florid jwenn medikaman antiviral yo. Biwo Sèvis Famasetik Eta a te devlope yon Pwogram Rezèv Piblik Medikaman Antiviral pou asire founisè swen sante yo genyen yon resous pou rekòmande pasyan ki pa ka achte medikaman antiviral yo. Pasyan yo ka ale nan youn nan plizyè famasi patisipan yo toupatou nan eta a: Publix, Walgreen's, Winn Dixie ak Navarro.
Depatman Sante Konte yo ap genyen rezèv medikaman antiviral tou, kidonk moun k ap viv nan Florid ki bezwen li ka jwenn li.
Answit, amnpil founisè swen sante okouran pwogram asistans pou preskripsyon kominote a. Si w gen entènèt, ou ka itilize sit wèb Patenarya pou Ede ak Preskripsyon: http://www.pparx.org/prescription_assistance_programs/free_clinic_finder pou jwenn enfòmasyon sou èd ak preskripsyon ki toupre w.
Kijan medikaman antiviral yo efikas nan prevansyon grip la? Lè yo itilize medikaman antiviral pou anpeche grip la, medikaman yo efikas apeprè a 70% a 90% kont viris siseptib yo (sètadi viris ki pa rezistan nan medikaman antiviral la). Li enpòtan pou sonje medikaman antiviral yo pa ranplase vaksen kont grip la.
Èske medikaman antiviral kont grip ede avèk lòt maladi tankou larim sèvo? Non. Medikaman antiviral kont grip efikas sèlman kont viris grip. Yo p ap ede diminye sentòm rim sèvo, ni okenn lòt maladi ki sanble ak grip lòt viris ki pa viris grip lakòz yo. Apa grip, anpil lòt viris ka lakòz maladi sezon livè.
Ki benefis tretman medikaman antiviral kont grip la? Tretman an, lè yo endike li, ta dwe kòmanse san pèdi tan paske benefis yo pi gwo lè tretman an kòmanse nan premye 2 jou maladi a. Men, kèk etid ki fèt sou pasyan ki entène lopital avèk grip sezonye a ak grip H1N1 te sijere benefis tretman antiviral la menm lè tretman te kòmanse plis pase 2 jou apre kòmansman maladi a. Lè yo pran yo fason sa a, medikaman sa yo ka diminye gravite sentòm grip la ak diminye tan ou malad la a 1 oswa 2 jou. Yo ka anpeche konplikasyon grav grip la tou. Kèk etid tretman avèk oseltamivir ki fèt sou pasyan ki entène lopital avèk grip sezonye te endike benefis, avèk tou diminisyon nan mòtalite oswa nan dire ospitalizasyon an menm pou pasyan ki gen tretman ki te kòmanse plis nan pase 48 èdtan apre kòmansman maladi a. Medikaman antiviral yo kapab enpòtan sitou pou moun malad anpil (entène lopital) oswa pou moun ki malad avèk grip la epi ki nan gwo risk pou konplikasyon grav grip la, tankou fanm ansent, jenn timoun, ak moun ki gen eta sante kwonik.
Èske yon moun ka pran medikaman antiviral menm si moun la pa teste pou grip la oswa si yon tès grip pa endike moun lan gen grip? Wi. Tretman pa ta dwe rete tann pou konfimasyon laboratwa grip paske tès laboratwa a ka retade tretman an epi paske yon tès rapid negatif pou grip la pa rejte grip la.
Evalyasyon founisè swen sante sou prezantasyon klinik yon pasyan ak faktè risk ki kache toujou reprezante yon pati enpòtan desizyon sou bezwen pou fè lòt evalyasyon medikaman oswa lòt tretman.
Pou kisa moun ki gen laj 65 ane ak plis jwenn priyorite pou tretman antiiviral si yo malad avèk grip la, men yo pa nan youn nan premye gwoup ki jwenn priyorite pou pran vaksen kont H1N1? Moun ki gen laj 65 ane ak plis gen mwens chans pou vin malad avèk grip H1N1 parapò ak moun ki pi jenn yo. Men, lè moun ki gen laj 65 ane oswa plis vin malad avèk grip la, yo nan pi gwo risk pou konplikasyon grav ki asosye avèk grip la.
Rekòmandasyon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) pou tretman antiviral: Ou ka jwenn dènye rekòmandasyon CDC yo nan: http://www.cdc.gov/h1n1flu/recommendations.htm
Yo te fè mizajou nan rekòmandasyon pwovizwa sa yo pou ofri lòt konsèy pou klinisyen yo nan preskri medikaman antiviral pou tretman ak prevansyon grip la pandan sezon 2009-2010. Anjeneral, itilizasyon priyorite medikaman antiviral yo pandan sezon sa a kontinye la pou moun ki entène lopital avèk grip la ak pou moun ki nan gwo risk konplikasyon ki asosye avèk grip la. Yo te fè mizajou nan dokiman sa a nan:
1. Eklèsi konsiderasyon tretman ak chimyo-pwofilaksi pou moun ki vaksinen avèk vaksen kont grip H1N1 2009 ak grip sezonye.
2. Genyen fanm ki gen apeprè 2 semenn apre akouchman ki nan pi gwo risk pou konplikasyon nan grip H1N1 2009.
3. Bay lòt enstwiksyon sou dòz oseltamivir pou timoun ki poko gen laj 1 ane.
4. Revize efè segondè ak kont-endikasyon ki asosye avèk oseltamivir ak zanamivir.
Dokiman sa a: (http://www.cdc.gov/h1n1flu/recommendations.htm, ta dwe konsidere pwovizwa, epi y ap fè mizajou ladan lè sa nesesè.
Dènye rekòmandasyon yo ap kontinye ekilibre ant bay klinisyen yo enfòmasyon yo ak konsèy ki nesesè pou rive nan gwo risk sa yo avèk tretman apwopriye, pou diminye chans rezistans antiviral nan chimyo-pwofilaksi ki pa apwopriye oswa ki pa nesesè; epoutan pou toujou rekonèt enpòtans jijman klinik nan desizyon pou fè tretman ak chimyo-pwofilaksi. Evalyasyon founisè swen sante sou prezantasyon klinik yon pasyan ak faktè risk ki kache toujou reprezante yon pati enpòtan desizyon sou bezwen pou fè lòt evalyasyon medikaman oswa lòt tretman.
Pou plis enfòmasyon, tanpri ale nan http://www.cdc.gov/h1n1flu/antiviral.htm pou plis enfòmasyon sou sijè sa a
_______________________________________________Retoune anwo
Vaksen
»
Kesyon Popilè Konsènan Vaksen yo
Ki kote Vaksen an ye? (videyo)
Èske Vaksen kont H1N1 pwoteje?
Kimoun ki ta dwe ak pa ta dwe pran vaksen kont H1N1?
Ki vaksen mwen ta dwe pran kont H1N1?
Ki kote mwen ka pran vaksen kont H1N1?
Konbyen vaksen kont H1N1 an pral koute?
Èske vaksen kont H1N1 obligatwa?
Kilè rès popilasyon an ap ka vaksinen avèk vaksen kont H1N1?
»
Vaksen - H1N1
Èske vaksen kont H1N1 yo sennesòf?
Yo sèvi ak menm pwosesis yo itilize pou vaksen kont grip sezonye a pou fè ak teste vaksen kont grip H1N1 yo. Yo distribye plizye milyon dòz vaksen kont grip sezonye a chak ane pandan anpil ane, epi vaksen kont grip sezonye yo gen yon pwofil sekirite byen etabli.
Kimoun ki ta dwe ak pa ta dwe pran vaksen kont H1N1? Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) te idantifye senk gwoup priyoritè ki nan pi gwo risk pou grip la oswa pou konplikasyon ki asosye ak grip la, oswa ki gen chans pou vin an kontak avèk viris grip la akòz metye yo epitou ki ta ka transmèt viris grip la ba lòt moun ki nan anviwònman swen medikal, oswa ki gen kontak sere avèk timoun ki gen mwens pase 6 mwa, (ki twò jenn pou pran vaksen). Gwoup priyoritè sa yo se:
- Fanm ansent
- Moun k ap viv avèk tibebe oswa k ap pran swen tibebe ki gen mwens pase 6 mwa (pa egzanp, paran, frè/sè, ak founisè sèvis gadri).
- Anplwaye swen sante ak anplwaye sèvis medikal ijan jan sa defini nan Rapò sou Mòbidite ak Mòtalite Chak Semenn (MMWR) (http://www.cdc.gov/mmwr/preview/mmwrhtml/rr58e0821a1.htm)
- Moun ki gen laj 6 mwa - 24 ane, ak
- Moun ki gen laj 25 - 64 ane ki gen eta sante ki mete yo nan pi gwo risk pou konplikasyon ki asosye ak grip la
Kèk moun pa ta dwe pran vaksen si yo pa konsilte yon doktè anvan. Yo genyen:
- Moun ki fè yon alèji grav ak ze poul.
- Moun ki te gen yon reyaksyon grav nan yon vaksen kont grip lontan.
- Moun ki te devlope Sendwom Guillain Barré (GBS) nan 6 semenn ki vini apre yo te pran yon vaksen kont grip anvan.
- Timoun ki gen mwens pase 6 mwa (yo pa apwouve vaksen kont grip pou itilize sou gwoup laj sa a).
- Moun ki gen yon maladi modere oswa grav avèk lafyèv ta dwe tann pou yo pran vaksen jouk lè sentòm yo diminye.
Si w gen kesyon pou w konnen si w dwe pran vaksen yon vaksen kont grip H1N1, kontakte founisè swen sante w.
Ki vaksen mwen ta dwe pran kont H1N1? Yo apwouve vaksen espre nazal la pou:
- Moun ansante ki gen laj 2-49 ane ki pa ansent
- Moun ansante k ap viv avèk moun ki nan yon gwoup ki nan gwo risk oswa k ap pran swen yo
Espre nazal la pa rekòmande pou:
- Tibebe ki poko gen laj 2 ane
- Adilt ki gen plis pase 49 ane
- Fanm ansent
- Moun k ap pran swen moun ki gen yon sistèm iminitè ki trè frajil
- Nenpòt moun ki gen yon seri pwoblèm sante kache.
Yo rekòmande vaksen sou fòm enjeksyon (piki) pou:
- fanm ansent
- Moun k ap viv avèk tibebe ki poko gen laj 6 mwa oswa k ap pran swen yo
- Anplwaye swen sante ak anplwaye medikal pou ijans
- Nenpòt moun ki gen laj ant 6 mwa ak 24 ane
- Nenpòt moun ki gen laj ant 25 ak 64 ane ki gen sèten eta sante kwonik oswa yon sistèm iminitè frajil
- Moun ansante ki gen laj ant 25 ak 64 ane
- Adilt ki gen 65 ane ak plis
Vaksen sou fòm enjeksyon (piki) pa rekòmande si ou fè yon alèji grav (ki menase lavi ou) ak ze oswa ak nenpòt lòt sibstans ki nan vaksen an. Pale avèk founisè swen sante ou si ou te gen yon reyaksyon alèjik ki te menase lavi ou apre yon dòz vaksen kont grip sezonye a, oswa ak Sendwòm Guillain-Barré (yon maladi paralitik ki rele GBS tou).
Ki kote mwen ka pran vaksen kont H1N1?
Si founisè swen sante ou pa ofri vaksen kont H1N1, ale nan http://www.myflusafety.com/myfluclinic.htm pou jwenn yon klinik vaksen kont H1N1 sante piblik sipòte ki toupre ou. Vaksen kont H1N1 rive nan Florid chak jou, kidonk kontinye tcheke avèk founisè swen sante ou osa depatman sante zòn ou pou konnen lè li disponib. Ap genyen ase vaksen ki disponib pou moun ki mande pou pran li. Ou ka jwenn enfòmasyon sou sante konte ou la a: http://www.doh.state.fl.us/chdsitelist.htm
Konbyen vaksen kont H1N1 an pral koute?
Gouvènamn federal la bay vaksen an gratis. Pa gen frè pou peye pou vaksen an. Founisè prive yo ka fè pasyan yo peye yon frè administrasyon.
Èske vaksen kont H1N1 obligatwa? Leta PA mete okenn vaksinasyon obligatwa. Men, sèvis swen sante endividyèl yo ka gen règleman yo pou anplwaye yo. Anplwaye swen sante yo dwe kontakte resous imèn oswa biwo sante anplwaye konsènan règleman espesyal nan espas travay la. Si w gen kesyon pou konnen si w dwe pran vaksen an, tanpri kontakte founisè swen sante w.
Konbyen fòm vaksen kont H1N1 ki genyen?
Vaksen kont H1N1 sanble ak vaksen kont lòt grip yo. Yo fè vaksen an sou plizyè fòm: "Piki kont grip" se yon vaksen ki pa aktif (ki genyen viris ki mouri) yo bay avèk yon zegwi, anjeneral nan bra. Yo apwouve itilizasyon piki kont grip la pou moun ki gen plis pase 6 mwa, avèk tou moun ansante epi moun ki soufri eta sante kwonik (tankou opresyon, dyabèt oswa maladi kè).
Vaksen espre nazal kont grip, yon vaksen ki fèt avèk viris grip aktif afebli ki pa lakòz grip la, apwouve pou itilize sou moun an sante ki gen laj 2-49 ane ki pa ansent.
Divès kalite fabrikan vaksen ap pwodui vaksen kont H1N1 an inite yon dòz, ki pa bezwen itilizasyon timewozal kòm yon pwodui konsèvasyon. Timewozal se yon pwodui konsèvasyon abaz mèki ki itilize nan kèk vaksen kont grip pou anpeche mikwo-òganis kontamine yo.
Answit, vèsyon aktif modere vaksen an, ki administre nan nen, pwodui an inite yon dòz epi li p ap gen timewozal.
Kèk vaksen ap vini an fyòl plizyè dòz epi y ap gen timewozal kòm yon ajan pwoteksyon. Al gade sit wèb CDC, http://www.cdc.gov/h1n1flu/vaccination/thimerosal_qa.htm pou plis enfòmasyon.
Kisa nou konnen sou livrezon vaksen kont H1N1 yo nan Florid? Konte nan Florid yo te kòmanse resevwa livrezon vaksen nan semenn 5 oktòb.
- Founisè swen sante prive te anrejistre pou vin yon founisè vaksen kont H1N1 nan pwogram Shots Florid epitou yo pran angajman pou ofri sèvis vaksinasyon.
- Y ap mete vaksen an adispozisyon eta yo imedyatman yo fè yo. Alòske kantite vaksen pi piti pase sa ki te prevwa, leta kontinye ap resevwa livrezon regilye vaksen an chak jou.
- Konte yo ofri klinik vaksinasyon piblik. Depatman Sante Eta Florid genyen yon paj wèb "Adrès Klinik Vaksen" nan sit wèb http://www.myflusafety.com, ki bay enfòmasyon sou klinik vaksen sante piblik sipòte nan chak konte.
Answit, espre nazal FluMist ki genyen vèsyon aktif modere (afebli) vaksen, Florid ap resevwa livrezon "vaksen kont grip" H1N1 ki pa genyen viris aktif la. Li apwopriye pou itilize sou timoun ak adilt. Se yon vaksen inaktif, ki pa genyen viris vivan ladan. Kèk nan vaksen kont H1N1 yo bay sou fòm piki genyen ajan konsèvatè timewozal. Si ou gen enkyetid konsènan timewozal, mande founisè ou si li genyen vaksen an san li. Florid resevwa vaksen chak semenn, paske se patnè federal nou yo ki fè ak distirbiye vaksen an. Nou pa prevwa ap genyen mank vaksen kont H1N1. Depi demann pou vaksen pou tout gwoup priyoritè yo satisfè nan nivo lokal, pwogram yo ak founisè yo ap kòmanse ofri vaksinasyon pou tout adilt an sante ak moun ki gen laj 65 ane oswa plis ki mande li.
Konbyen dòz vaksen ki nesesè? Administrasyon Federal Kontwòl Medikaman (FDA) te apwouve epi done esè klinik preliminè yo sipòte:
- Yon dòz vaksen kont H1N1 bon pou moun ki gen laj 10 ane ak plis
- De dòz vaksen kont H1N1 bon pou timoun ki gen laj 3-9 ane
- Timoun ki gen laj ant 6 mwa ak 35 mwa ap pran de dòz vaksen kont H1N1 ki genyen yon mwatye dòz ki itilize pou timoun ak adilt ki pi aje.
Ki entèval tan ki rekòmande ant premye ak dezyèm dòz la? FDA te apwouve epi etikèt pake vaksen an endike yon dezyèm dòz ta dwe administre apeprè yon mwa apre preye dòz la.
Kijan y ap fè piblik la konnen si yon dezyèm dòz nesesè? Y ap bay enfòmasyon sou dezyèm dòz la nan moman premye dòz la administre. Medya yo (televizyon, radyo, jounal ak Entènèt) ap bay enfòmasyon yo tou kòm premye mwayen pou fè moun yo konnen kimoun ki bezwen pran yon dezyèm dòz.
Èske l ap nesesè pou premye ak dezyèm dòz la se menm pwodui a? Anjeneral, premye ak dezyèm dòz la ta ka nan menm pwodui a. Men, konsiderasyon pratik ka fè sa difisil pou aplike. CDC bay pèmisyon sou zafè sa a men li pito moun ki bezwen yon dezyèm dòz pran vaksen an ak menm pwodui a, si sa posib. Alòske yo pa pito sa, administrasyon yon dòz kòm vaksen ki pa aktif ak yon lòt dòz kòm vaksen aktif akseptab.
E konsènan efè segondè yo? Efè segondè yo prevwa yo pral menm ak sa vaksen sezonye a genyen, yo ka enkli tou yon lafyèv lejè, doulè nan kò ak fatig pandan kèk jou apre vaksen an ak doulè kote ou te pran piki a. Pami efè segondè ki pi komen yo te obsève avèk administrasyon vaksen nazal la, genyen nen k ap koule oswa nen bouche sou moun tout laj ki pran vaksen an, lafyèv plis pase 100 degre Farennayt sou timoun ki gen laj ant dezan ak sizan, ak malgòj sou adilt. Efè segondè yo pi komen sou moun ki pa t pran vaksen kont grip anvan. Tankou pou tout pwodui medikal, evènman endezirab grav ka rive.
Èske mwen ka kontinye pran medikaman regilye mwen yo apre m fin pran vaksen kont H1N1? W ap bezwen kontakte founisè swen sante ki te preskri ou medikaman yo.
Ki medikaman pasyan yo ka pran apre vaksinasyon an? Anjeneral:
- Moun ki sou medikaman ka kontinye pran medikaman yo jan yo te preskri anvan, pandan oswa apre yo fin pran vaksen kont grip la, sof jan sa endike anba a.
- Moun ki vle pran medikaman pou soulajman sentomatik efè segondè vaksen yo (tankou asetaminofèn, ibipwofèn oswa aspirin) ta dwe diskite avèk founisè regilye yo sou nenpòt kont-endikasyon oswa reyaksyon posib medikaman an.
- Genyen yon kantite prekosyon ak kont-endikasyon pou vaksen kont viris grip modere aktif (LAIV, ki administre nan nen) ki asosye ak maladi kache ak imino-sipresyon.
- Moun ki sou medikaman ki ka lakòz imino-sipresyon (pa egzanp, estewoyid, chimyoterapi kansè, medikaman a modilasyon iminitè pou poliyatrit rimatoyid, elatriye) pa ta dwe pran LAIV.
- Timoun ki poko gen laj 19 ane ki sou terapi aspirin kwonik pa ta dwe pran LAIV akòz posiblite pou Sendwòm Reye
- Kidonk, timoun ki pran LAIV pa ta dwe pran aspirin, oswa nenpòt aspirin oswa salisile ki gen pwodui pou trete lafyèv, maltèt oswa lòt efè segondè vaksinasyon avèk LAIV. Olye sa, itilize asetaminofèn (Tylenol) oswa ibipwofèn (Motrin, Advil) selon enstwiksyon, toutotan timoun yo pa genyen kont-endikasyon pou pran medikaman sa yo (sa ta dwe diskite avèk founisè regilye yo).
- Nòt - timoun ki poko gen laj 19 ki gen sentòm ILI oswa nenpòt lòt kalite sendwòm viral pa ta dwe pran aspirin, oswa nenpòt aspirin oswa salisile ki gen pwodui akòz gwo risk pou Sendwòm Reye
-
Moun ki sou medikaman antiviral pa ta dwe pran LAIV paske yo ka nui devlopman yon repons iminitè apwopriye pou vaksen viris aktif la.
- Yo pa dwe administre LAIV jouk 48 èdtan apre sispansyon terapi antiviral pou grip la
- Medikaman antiviral kont grip pa dwe administre pandan 2 semenn apre administrasyon LAIV. Si yo administre yo, vaksinasyon yo p ap valab.
Moun ki sou medikaman antiviral kapab pran vaksen inaktif kont grip.
Ki kote founisè yo ka enskri pou distribiye vaksen kont H1N1? Founisè swen sante nan Florid ki enterese bay vaksen H1N1 an nan pwogram eta/lokal dwe soumèt yon demann nan sit wèb FLSHOTS sa a:
https://www.flshots.com.
Founisè swen yo ka resevwa lòt enfòmasyon si yo rele oswa si yo imèl biwo asistans Florida SHOTS ki anba la a: Orè Biwo Asistans Florida SHOTS: lendi - vandredi 8:00 AM - 5:00 PM Fizo Orè Lès Telefòn: (877) 888-SHOT (7468) Faks: (850) 412-5801
Kilè rès popilasyon an ap ka vaksinen avèk vaksen kont H1N1? Chak konte te devlope plan pou òganize klinik vaksinasyon toupatou nan konte a. Ou ka jwenn yon lokalizatè Klinik Vaksen kont H1N1 nan http://www.myflusafety.com/myfluclinic.htm. CDC bay konsèy pou ofisyèl sante piblik yo konsènan ki gwoup moun ki nan pi wo risk pou trape viris grip kochon H1N1 epi kidonk ki ta dwe jwenn priyorite pou vaksinasyon bonè.
Apati 4 desanm 2009, konte yo gen otorizasyon pou ogmante estòk vaksen kont H1N1 pou plis pase senk gwoup priyoritè dapre disponibilite kantite vaksen an nan konte a. Konte yo te devlope plan ki pèmèt yo ogmante disponibilite vaksen pou lòt gwoup popilasyon an lè vaksen an pare, pou satisfè demann chak popilasyon apa. Chak konte inik nan popilasyon li, epi konsèy sa yo ap ede planifte pou ogmantasyon pou plis pase gwoup priyoritè ACIP yo lè gen plis vaksen ki rive.
Kilè vaksen kont H1N1 ap disponib pou moun ki plis pase 65 ane? Dènye etid yo endike risk pou moun ki gen 65 ane oswa plis vin enfekte mwens pase risk pou gwoup ki pi jenn yo. Men, depi yo satisfè demann vaksen pou pi jenn gwoup yo, pwogram ak founisè yo ta dwe ofri li pou moun 65 ane oswa plis.
Èske eta Florid ap bay vaksen pou moun ki pa abite nan Florid? Chak konte ta dwe gen plan yo anplas pou adrese moun ki p ap viv nan eta a (sètadi rezidan sezonye, travayè sezonye, elatriye). Men, moun ki vayaje nan zòn plizyè eta pa egzanp chofè kamyon entè-eta yo ta dwe tcheke nan eta kote y ap viv la konsènan fason pou yo pran vaksen yo (pa egzanp, depatman sante konte lokal ki nan konte kote y ap viv la). Answit, yo kapab tcheke avèk patwon yo pou wè si nenpòt aranjman te fèt pou vaksinen anplwaye yo, epitou pou resevwa enfòmasyon konsènan gwoup priyoritè yo ki sible pou Kanpay Vaksinasyon kont H1N1 an mas.
Èske pasyan mwen yo ka ale nan limit konte a pou pran vaksen yo si konte kote y ap viv la pa genyen oswa pa òganize klinik vaksen nan moman sa a? Paske alokasyon vaksen kont H1N1 fèt dapre popilasyon konte a, li pa ideyal pou moun k ap viv nan konte travèse limit konte a. Men, nou prevwa ap genyen ka kote sa ap fèt nan konte yo toupatou nan Florid. Depatman sante konte yo fè eksperyans avèk sa (dapre klinik grip sezonye yo) epi yo gen plan pou kontwole senaryo sa yo.
Yo ta dwe mande pasyan yo pou yo kontakte depatman sante konte apwopriye yo pou detèmine si vaksen an disponib ak pou jwenn enfòmasyon sou klinik grip. Sa ta ka itil pou eseye ak pou sètifye si pasyan an tonbe oswa pa tonbe nan gwoup priyoritè yo (pa egzanp, fanm ansent) paske ou ta ka answit mande li pou kontakte obstetrisyen li pou wè li yo se yon patisipan kòm yon founisè vaksen kont H1N1 - menm konsèp pou yon moun ki rele pou chèche konnen fason pou vaksinen pitit li yo - refere li ba pedyat pitit li yo. Ak tout sa, li enpòtan pou si pasyan an pa tonbe nan youn nan gwoup priyoritè yo, nou dwe fè yo konnen dènye estrateji Florid pou kanpay vaksinasyon an mas ak gwoup priyoritè asosye yo.
Answit, li ta ka enpòtan pou pasyan yo pou fè yo konnen livrezon vaksen chak semenn ap vini nan eta Florid, epi CDC te fè konnen ap genyen ase vaksen pou iminize tout moun ki vle pran vaksen konnt H1N1.
Èske pral gen ase vaksen kont H1N1 disponib? Eta Florid pral resevwa 11 milyon dòz vaksen kont H1N1 anvan 2010 janvye. A shortage of the vaccine is not expected.
Konbyen fabrikan k ap fè vaksen? Kounye a, kat fabrikan ap pwodui vaksen FDA apwouve pou itilize Ozetazini: Sanofi Pasteur, Novartis, Medimmune ak CSL
Konbyen tan apre mwen fin pran vaksen H1N1 anvan mwen kòmanse devlope iminite nan viris la? Apeprè 2 semenn apre vaksinasyon an, antikò ki ofri pwoteksyon kont viris grip H1N1 2009 ap devlope nan kò a.
Kisa Vaksen Modere Aktif la (afebli) - Espre Nazal/FluMist ye? Se yon vaksen ki fèt avèk viris aktif afebli ki pa lakòz grip la (pafwa li rele LAIV pou "vaksen modere aktif kont grip"). Yo apwouve LAIV pou itilize sou moun an sante ki gen laj ant 2 ane ak 49 ane ki pa ansent. Se MedImmune ki fè vaksen espre nazal pou itilize Ozetazini. MedImmune se menm konpayi ki fè vaksen espre nazal kont grip sezonye ki rele "FluMist." Vaksen espre nazal kont H1N1 2009 fèt manm jan ak vaksen espre nazal kont grip sezonye a.
Ki kote m ka jwenn lòt enfòmasyon konsènan vaksen kont H1N1 an?
http://www.myflusafety.com/SwineFlu/documents/H1N1VaccineOct082009.pdf - Bay yon bilten enfòmasyon sou vaksen H1N1.
http://www.myflusafety.com/H1N1_Vaccines.html - Bay medikaman FDA apwouve ki ajoute pou vaksen kont grip H1N1.
Fèy Enfòmasyon sou Vaksen Inaktif kont H1N1 (VIS) (Sous: Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi)
Fèy Enfòmasyon sou Vaksen Modere kont H1N1 (VIS) (Sous: Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi)
Sit wèb Depatman Sante Eta Florid: www.myflusafety.com
Sou sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi: http://www.cdc.gov/h1n1flu/general_info.htm
Liy gratis Florid pou jwenn enfòmasyon sou grip la, 1-877-352-3581, disponib 24 èdtan pa jou ak 7 jou pa semenn pou mesaj ki anrejistre nan lang Angle, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen. Operatè yo disponib ant 8am ak 8pm Fizo Orè Lès.
Sit wèb Ministè Sante Gouvènman Federal la pou enfòmasyon sou grip: www.flu.gov
Èske ou ka di mwen plis sou retrè vaksen an?
- Nan dat 15 desanm epi ankò 29 janvye, yo te rantre sèten lo men pa akòz pwoblèm pirite oswa sekirite.
- Yo te retire lo yo akòz efò kontwòl pòs-pwodiksyon ki te jwenn gwoup (oswa lo) vaksen yo chwazi ki pa t satisfè espesifikasyon fabrikasyon an.
- Sèl dòz ki afekte se vaksen fabrikan Sanofi Pasteur pou timoun ki touranpli an .25mL ak yon lo dòz 0.5 mL nan sereng ki touranpli pou pi gran timoun ak adilt.
- Those that have received the designated lots of vaccine do not need to be revaccinated – it is an effective vaccine. Kidonk, moun ki te pran vaksen nan lo vaksen ki idantifye yo ap resevwa notifikasyon pou sa.
- Si yon timoun ki poko gen dizan te pran premye dòz vaksen kont H1N1, timoun sa a ta dwe pran 2yèm dòz la selon enstwiksyon.
- Akòz enkyetid piblik la genyen kont vaksen H1N1, fabrikan an te panse li oblije divilge enfòmasyon sa yo menmsi enfòmasyon yo pa genyen konsekans pou sekirtie vaksen an.
- Pou plis enfòmasyon ak kesyon yo poze souvan tanpri ale nan:
Pou kisa y ap retire kèk lo vaksen espre nazal kont H1N1 2009 sou mache a?
- Nan dat 23 desanm, yo te retire sèten lo vaksen espre nazal kont H1N1, men pa akòz pwoblèm pirite oswa sekirite.
- Yo te retire lo yo akòz efò kontwòl pòs-pwodiksyon ki te jwenn gwoup (oswa lo) vaksen yo chwazi ki pa t satisfè espesifikasyon fabrikasyon an.
- Sèl dòz ki afekte yo se vaksen espre nazal monovalan (souch senp) fabrikan Medlmmune kont grip H1N1 2009.
- Those that have received the designated lots of vaccine do not need to be revaccinated – it is an effective vaccine. Kidonk, moun ki te pran vaksen nan lo vaksen ki idantifye yo ap resevwa notifikasyon pou sa.
- Si yon timoun ki poko gen dizan te pran premye dòz vaksen kont H1N1, timoun sa a ta dwe pran 2yèm dòz la selon enstwiksyon.
- Akòz enkyetid piblik la genyen kont vaksen H1N1, fabrikan an te panse li oblije divilge enfòmasyon sa yo menmsi enfòmasyon yo pa genyen konsekans pou sekirtie vaksen an.
- Pou plis enfòmasyon ak kesyon yo poze souvan tanpri ale nan http://www.cdc.gov/h1n1flu/vaccination/sprayrecall_qa.htm
Grip sezonye a sanble prale nèt- Pou kisa moun yo toujou bezwen vaksinen kont H1N1 2009? Grip sezonye a poko ale nèt. Kèk eta te toujou ap rapòte aktivite grip rejyonal, kidonk grip sezonye a toujou nan la. Epitou, anjeneral grip sezonye a deklanche plis an fevriye ak mas epitou aktivite grip la ka fèt jouk an me. Kidonk, plis aktivite grip sezonye, grip H1N1 2009 oswa toulède toujou posib pou sezon sa a. Menm si aktivite grip la bese nèt an janvye, jan li ye ane sa a, sezon an poko fini. Li toujou enpòtan pou al vaksinen kont grip la epi pou prepare ou otank posib si aktivite a ogmante ankò pou sezon sa a.
èske vaksen kont viris grip H1N1 2009 (ki rele tou "grip kochon") se enm vaksen an 2010? Vaksen pou pwoteje kont viris grip H1N1 2009 ap menm pou tout sezon 2009-2010, ki pwolonje nan sezon prentan 2010. "2009" nan non an sèlman asosye ak ane yo te fèk idantifye viris la; li pa gen pou wè avèk kantite tan vaksen an ap pran pou travay oswa ane lè yo ta dwe bay vaksen an.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Vaksen - Grip sezonye
Kisa grip sezonye ye? Grip Sezonye (ki rele grip tou) se yon maladi respiratwa kontajye viris grip yo lakòz. Li ka lakòz maladi ki ant modere ak grav, epi li ka lakòz lanmò raman. Grip la pa menm ak rim, epi anjeneral li kòmanse toudenkou.
Kimoun ki dwe pran vaksen ak piki grip sezonye a? Nenpòt moun anjeneral ki vle diminye chans pou trape grip ka pran vaksen an. Men, sèten moun dwe pran vaksen an chak ane, swa paske yo nan gwo risk devlope konplikasyon grav ki asosye ak grip, avèk tou jenn timoun, fanm ansent, moun ki soufri maladi kwonik tankou opresyon, dyabèt oswa maladi kè ak maladi poumon ak moun laj 65 oswa piplis, osinon paske y ap viv avèk moun ki nan gwo risk oubyen y ap bay moun sa yo swen. Pou anpeche yo transmèt grip la ba moun ki nan gwo risk, vaksen kont grip sezonye a enpòtan tou pou travayè swen sante yo, ak pou lòt moun k ap viv avèk oubyen k ap okipe moun ki nan gwo risk. Men moun ki dwe pran vaksen chak ane:
-
Timoun laj 6 mwa jouk rive nan 19yèm anivèsè yo
- Fanm ansent
- Moun 50 an oswa plis
- Moun nenpòt laj ki gen eta sante kwonik
- Moun k ap viv nan mezon retrèt ak lòt enstitisyon swen alontèm
- Moun k ap viv avèk, oswa k ap pran swen moun ki nan gwo risk pou konplikasyon grip, avèk tou: travayè swen sante, moun nan menm kay ki an kontak ak moun ki gen gwo risk pou konplikasyon grip, moun nan menm kay ki an kontak ak timoun anba laj 6 mwa ak moun deyò k ap bay timoun sa yo swen (timoun sa yo twò piti pou yo ba yo vaksen an).
Kimoun ki pa ta dwe pran vaksen? Kèk moun pa ta dwe pran vaksen si yo pa konsilte yon doktè anvan. Yo genyen:
-
Moun ki fè yon alèji grav ak ze poul.
- Moun ki te gen yon reyaksyon grav nan yon vaksen kont grip lontan.
- Moun ki te devlope Sendwom Guillain Barré (GBS) nan 6 semenn ki vini apre yo te pran yon vaksen kont grip anvan
- Timoun ki gen mwens pase 6 mwa (yo pa apwouve vaksen kont grip pou itilize sou gwoup laj sa a).
- Moun ki gen yon maladi modere oswa grav avèk lafyèv ta dwe tann pou yo pran vaksen jouk lè sentòm yo diminye.
Si w gen kesyon pou w konnen si w dwe pran yon vaksen kont grip, kontakte founisè swen sante w.
Ki diferans ki genyen ant grip sezonye ak grip H1N1? Menmsi H1N1 se yon viris grip ki tankou grip sezonye a, li afekte diferan gwoup moun pi plis pase grip sezonye a. Moun pa gen iminite nan viris H1N1 sof si yo te malad ak H1N1 epi yo refè.
Èske vaksen kont grip sezonye a pwoteje kont H1N1? Yon vaksen p ap pwoteje kont yon lòt. Yo ankouraje tout moun pran toude vaksen yo lè yo vin disponib, ak jan founisè swen sante pa yo rekòmande.
Ki Dire Apa Ou Ta Dwe Pran Vaksen kont Grip Sezonye ak Vaksen kont H1N1? Administrasyon anmenmtan vaksen inaktif (piki) kont viris grip sezonye ak viris grip H1N1 akseptab si yo itilize diferan sant anatomik. Men, administrasyon anmenmtan vaksen viris aktif modere (flu mist) kont grip sezonye ak grip H1N1 2009 pa rekòmande. Vaksen aktif modere kont grip sezonye ak grip H1N1 ta dwe administre omwen 4 semenn apa.
Èske yo ka bay yon moun vaksen espre nazal kont Grip H1N1 ak vaksen espre nazal kont grip sezonye a anmenmtan? Non. Vaksen espre nazal kont grip sezonye a ak vaksen espre nazal kont Grip H1N1 pa ta dwe administre anmenmtan. Se paske vaksen espre nazal yo ta ka pa efikas si yo bay li ansanm. Pa gen pwoblèm pou pran vaksen espre nazal kont Grip H1N1 anmenmtan ak vaksen kont grip sezonye a, oswa vaksen kont grip sezonye a anmenmtan ak vaksen espre nazal kont Grip H1N1.
Kimoun ki ka vaksinen avèk vaksen espre nazal kont Grip H1N1 (LAIV)? Vaksen espre nazal kont Grip H1N1 rekòmande pou itilize sou moun an sante ki gen laj ant 2 ane ak 49 ane ki pa ansent.
Kimoun ki pa ta dwe pran vaksen espre nazal kont H1N1? Li pa rekòmande pou tibebe anba laj 2 ane, adilt ki depase laj 49 ane, fanm ansent, oswa tout moun ki gen yon seri pwoblèm sante kache. Answit, li pa rekòmande pou moun ki ansante, tankou travayè swen sante, k ap pran swen moun ki gen sistèm iminitè yo ki trè frajil.
Kilè yo ta dwe bay vaksen espre nazal kont Grip H1N1? Vaksinasyon kont grip ta dwe kòmanse imedyatman vaksen an disponib epi li ta dwe kontinye pandan tout sezon grip la, an desanm, janvye ak apre. Nan kòmansman mwa oktòb 2009, yo te rapòte aktivite enpòtan Grip H1N1 Ozetazini. Li posib pou kapab genyen deklanchman aktivite Grip H1N1 pandan sezon grip 2009-2010 ki frape kominote yo plis pase yon fwa nan dire sezon grip la, ki rive nan pi wo nivo a an janvye oswa fevriye men ki ka dire jouk nan fen mwa me.
Konbyen dòz vaksen espre nazal kont Grip H1N1 ki nesesè? Sou adilt yo, yon sèl dòz vaksen kont H1N1, ak vaksen espre nazal kont Grip H1N1 nesesè pou pwoteksyon. Sou timoun ki gen laj ant 2 ak 9 ane ki pran yon vaksen kont H1N1 ap bezwen de dòz vaksen kont H1N1 (swa vaksen kont H1N1 oswa vaksen espre nazal kont H1N1). Yo ta dwe bay premye dòz la imedyatman vaksen an vin disponib. Yo ta dwe bay dezyèm dòz la 28 oswa plis jou apre premye dòz la. Premye dòz la "amòse" sistèm iminitè a, dezyèm dòz la bay pwoteksyon iminitè a. Timoun ki pran yon sèl dòz vaksen an lè yo bezwen de dòz kapab pa pwoteje nèt. Asire ou fè swivi pou fè pitit ou pran yon dezyòm dòz si yo bezwen youn. Anjeneral, li pran apeprè de semenn apre dezyèm dòz la pou pwoteksyon an kòmanse.
Èske pitit mwen ka trape Grip H1N1 paske li bòkote lòt timoun ki te pran vaksen espre nazal nan yon klinik ki baze nan lekòl? Non. Klinik grip ki baze nan lekòl ki itilize LAIV pa reprezante gwo risk pou elèv/anplwaye ki pa iminize.
Ki sentòm grip sezonye?
- Lafyèv (anjeneral ki fò)
- Maltèt
- Gwo-gwo fatig
- Tous sèk
- Gòj irite
- Nen koule oubyen nen bouche
- Doulè nan miskilati
- Kapab genyen sentòm nan lestomak tankou noze, vomisman ak dyare tou, men yo plis komen sou timoun pase adilt.
Si w gen sentòm sa yo, sa pa toujou vle di ou gen grip la. Anpil lòt maladi, avèk tou larim sèvo, ka gen sentòm sanblab.
Kijan m konnen si m gen grip sezonye a? Li difisil anpil pou fè diferans ant grip la ak lòt enfeksyon yo sou baz sentòm yo sèlman. Ou ka bezwen yon egzamen doktè pou di si w fè grip la oubyen yon konplikasyon grip la. Gen analiz ki ka detèmine si se grip la ou genyen depi ou fè tès la anvan premye 2 oubyen 3 jou maladi a fin pase. Si grip la gaye anpil nan kominote pa w la, doktè a kapab pa mande yon analiz laboratwa epi li ka fè dyagnostik la selon sentòm yo sèlman.
Kimoun ki nan risk pou trape grip sezonye? Si w devlope sentòm grip la epi maladi w la ba w enkyetid, sitou si w nan gwo risk pou konplikasyon grip la, ou dwe konsilte founisè swen sante w. Pami moun ki nan gwo risk konplikasyon grip la, genyen moun ki gen laj 65 ane oswa plis, moun ki soufri maladi kwonik (tankou opresyon, dyabèt oswa maladi kè), fanm ansent ak jenn timoun.
Kijan grip sezonye a transmèt? Anjeneral grip la transmèt ant yon moun ak yon lòt nan tigout likid ki soti nan vwa respiratwa lè moun ki enfekte touse oswa etènye. Tanzantan, moun yo kapab vin enfekte si yo manyen yon bagay ki gen viris grip la sou li epi si yo manyen bouch, nen oswa zye yo.
Ki kèk konplikasyon ki gen nan grip sezonye? Nemoni, bwonchit ak enfeksyon nan sinis ak nan zòrèy se egzanp konplikasyon ki gen nan grip. Grip la ka agrave anpil pwoblèm sante kwonik.
Pandan konbyen tan yon moun kontajye avèk grip sezonye a? Pou grip sezonye a, moun ka kontajye depi yon jou anvan yo devlope sentòm yo epi jiska 7 jou apre yo vin malad. Timoun, sitou timoun ki pi jenn yo ka pètèt kontajye pandan peryòd ki pi long. Nan pifò sitiyasyon, moun yo ka retounen al travay oswa lekòl san pwoblèm si lafyèv yo te tonbe san yo pa t pran medikaman kont lafyèv la pandan 24 èdtan oswa plis.
Kisa m dwe fè si m malad avèk grip sezonye? Si w malad ou ka malad pou yon semenn oswa pi lontan. Ou dwe rete lakay ou epi rete lwen lòt moun otank posib, avèk tou evite vwayaje, ak pa ale travay oubyen lekòl pandan omwen 24 èdtan apre lafyèv ou an ale san w pa pran medikaman pou bese lafyèv, sof si se pou jwenn swen medikal oswa pou lòt nesesite.
Èske l posib pou di avèk sètitid si w gen grip la dapre sentòm yo? Non. Si w nan premye kèk jou maladi a, doktè w ka fè tès pou wè si se grip la ou fè. Founisè swen medikal ou ap detèmine si li nesesè pou fè tès grip la oswa pou swiv tretman. Konnen si grip la vin gaye anpil, y ap bezwen fè mwens analiz, kidonk founisè swen sante w ka deside pou pa fè tès pou viris grip la.
Èske w ka fè tès rapid yo konfyans? Gen tès disponib ki ka fè tès pou viris grip yo nan yon ti tan tankou 30 minit oswa mwens. Yo ka sèvis ak tès grip la pou konfime rapidman grip la kòm responsab epidemi. Men, rezilta tès rapid sa yo pa egzat a 100%; tès la ka endike yon moun pa gen grip menmsi yo gen grip toutbon.
Ki tretman ki deziyen grip sezonye a? Menmsi pran yon vaksen kont grip se premye ak pi enpòtan etap pou pwoteje kont grip sezonye, lave men ak rete lwen moun ki malad ak lafyèv ak tous reprezante dezyèm liy defans. Medikaman antiviral yo se twazyèm liy defans nan prevansyon ak tretman grip.
Yo kapab bay medikaman antiviral pou trete moun ki vin malad grav avèk grip oswa pou moun ki nan gwo risk pou devlope konplikasyon nan grip la apre yo fin pran kontak ak moun ki gen grip la. Medikaman antiviral sa yo se medikaman sou preskripsyon (konprime, likid oswa yon inalatè) ki gen aktivite kont viris grip, avèk tou viris Grip H1N1.
Kilè pratisyen yo ka espere resevwa livrezon vaksen kont grip sezonye yo? Ane sa a, livrezon vaksen kont grip sezonye ap fèt menm jan ak ane anvan yo. Kontakte founisè swen sante ou pou jwenn lòt enfòmasyon.
Kijan mwen ka jwenn yon medikaman antiviral pou grip? Yon pwofesyonèl swen sante dwe preskri w medikaman sa yo.
Ki benefis tretman medikaman antiviral kont grip la? Pou tretman an, ou ta dwe kòmanse pran medikaman antiiviral nan 2 jou apre ou vin malad. Lè yo pran yo fason sa a, medikaman sa yo ka diminye gravite sentòm grip la ak diminye tan ou malad la a 1 oswa 2 jou.
Kijan medikaman antiviral yo efikas nan prevansyon grip la? Lè yo itilize medikaman antiviral pou anpeche grip la, medikaman yo efikas apeprè a 70% a 90% kont viris siseptib yo (sètadi viris ki pa rezistan nan medikaman antiviral la). Li enpòtan pou sonje medikaman antiviral yo pa yon ranplasan pou pran yon vaksen kont grip la.
Èske yon moun ka pran medikaman antiviral menm si moun la pa teste pou grip la oswa si yon tès grip pa endike moun lan gen grip? Wi. Pou chak pasyan apa, tès grip la pa nesesè pou yo preskri yo medikaman antiviral yo. Tès la fèt dapre rekòmandasyon founisè swen sante a.
Èske medikaman antiviral kont grip ede avèk lòt maladi tankou larim sèvo? Non. Medikaman antiviral kont grip efikas sèlman kont viris grip. Yo p ap ede diminye sentòm rim sèvo, ni okenn lòt maladi ki sanble ak grip lòt viris ki pa viris grip lakòz yo. Apa grip, anpil lòt viris ka lakòz maladi sezon livè.
Èske moun ki pa nan yon gwoup-a-wo-risk ka pran medikaman antiviral? Wi. Konsilte doktè ou si ou malad oswa si ou te ekspoze nan grip pou detèmine si ou ta dwe pran medikaman antiviral.
Èske fanm ansent ka pran medikaman antiviral kont grip? Ou dwe toujou konsilte doktè w anvan w pran nenpòt medikaman si w ansent.
Ki pi bon pwoteksyon kont grip sezonye a? Sèl pi bon mwayen ki toujou rete pou prevansyon grip se pou moun pran yon vaksen chak sezon otòn, sitou moun ki nan gwo risk pou konplikasyon grav grip la.
Ki lòt mezi ki ka pran pou prevni grip la? Gen lòt bon pratik sante ki ka ede anpeche ou trape grip la. Men yo:
- Pa pran kontak sere ak moun ki malad. Lè w malad, kenbe distans ou ak lòt moun pou pwoteje yo pou yo pa malad tou.
- Lè w malad, si l posib rete lakay ou, pa al travay, pa al lekòl, pa al flannen. W ap ede anpeche lòt moun pran maladi ou.
- Kouvri nen w ak bouch ou avèk yon klinèks lè w ap touse oswa etènye . Sa ka anpeche moun ozalantou w yo vin malad.
- Si w lave men w anvan w manje, apre ou soti nan twalèt ak apre w fin touse, oswa si w etènye nan men w, sa ap ede pwoteje oumenm ak lòt moun kont mikwòb.
- Pa manyen zye ou, nen ou oswa bouch ou. Mikwòb transmèt souvan lè yon moun manyen yon bagay ki kontamine ak mikwòb epi apresa l al manyen zye, nen oswa bouch li.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Vaksen - (vaksen kont nemoni)
Èske gen chanjman nan rekòmandasyon pou vaksen kont nemoni? Komite Konsiltatif sou Pratik Iminizasyon (ACIP) Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi rekòmande yon sèl dòz vaksen polisakarid nemokoksik (PPSV) pou tout moun ki gen laj 65 ane oswa plis ak pou moun ki gen laj ant 2 ak 64 ane ki gen sèten maladi ki mete yo nan gwo risk (al gade tablo ki anba la a). Anpil moun ki nan gwoup sa yo gen gwo risk pou enfeksyon nemokoksik ak pou konplikasyon grav nan enfeksyon viris grip la. Pou moun ki gen laj 65 ane ak plis ki te vaksinen pou premye fwa anvan laj 65 ane, yo rekòmande pou yo repran yon sèl vaksen omwen senkan apre premye vaksen an. Yo rekòmande pou tout moun ki gen pi gwo risk maladi repran yon sèl vaksen, tankou moun ki gen aspleni fonksyonèl oswa anatomik, ak moun ki gen enfeksyon VIH, SIDA oswa kansè epi ki gen omwen senkan ki pase apre yo te resevwa premye vaksen an.
Yo ka bay vaksen nemokoksik la nenpòt lè pandan ane a epi yo ka bay li anmenmtan ak vaksen kont grip.
Tablo: Rekòmandasyon U.S. ACIP pou itilizasyon Vaksen Polisakarid nemokoksik |
| |
|
| Vaksinasyon Inivèsèl |
Tout adilt ki gen laj 65 ane oswa plis |
| |
|
| Endikasyon Medikal |
Moun ki gen laj ant 2 ak 64 ane ki gen youn oswa plizyè nan pwoblèm sante alontèm sa yo:
- maladi kadyo-vaskilè kwonik (ensifizans kadyak konjestif ak kadyo-myopati)
- maladi poumon kwonik (avèk tou maladi moun obstriktif kwonik ak anfizèm)
- dyabèt sikre
- alkolis
- maladi fwa kwonik (avèk siwoz tou)
- pèt likid sefalo-rachidyen, enplant kokleyè
- aspleni fonksyonèl oswa anatomik ki gen ladani anemi falsifòm ak esplenektomi
- maladi ki febli fonksyònman sistèm iminitè tankou enfeksyon VIH, lesemi, lenfòm, maladi Hodgkin, myelòm miltip, kansè jeneralize, ensifizans renal kwonik, sendwòm nefwotik; moun k ap resevwa chimyoterapi iminosipresif (avèk kòtikostewoyid tou); ak moun ki te resevwa grèf yon ògàn oswa mwèl zo
- moun k ap viv nan mezon retrèt oswa sant sante alontèm
Adilt ki gen laj ant 19 ak 64 ane ki:
- fimen sigarèt
- soufri opresyon
|
| |
|
_______________________________________________Retoune anwo
_______________________________________________Retoune anwo
»Moun ak Fanmi: Gwosès ak Tibebe
Avètisman: Si w ansent oswa si w fè gen yon tibebe ou ta dwe diskite sou nenpòt enkyetid ou ta ka genyen avèk founisè swen sante ou.
Esi mwen trape grip H1N1 epi mwen ansent? Fanm ki ansent epi ki gen sentòm grip oswa ki gen kontak sere ak yon moun ki gen grip la dwe konsilte doktè yo touswit. Fanm ansent ki vin malad ak grip la ka gen pwoblèm sante grav. Pwoblèm sa yo ka gen ladan tranche anvan lè ak nemoni grav.
Èske tibebe yo gen pi gwo risk pou viris H1N1? Yo panse tibebe yo gen pi gwo risk pou maladi grav enfeksyon Grip H1N1 lakòz. Si sa posib, se sèlman adilt ki pa malad yo ki dwe pran swen tibebe yo, tankou bay yo manje. Si fanm ki malad yo ka pran lèt nan tete yo pou yon manm fanmi ki ansante bay tibebe a bibwon, yo dwe ankouraje yo fè sa.
Ki rekòmandasyon pou manman ki malad k ap pran swen tibebe yo? Li enpòtan pou obsève bon ijyèn men ak byenseyans lè w ap touse, sitou pou fanm ansent ki pa gen okenn moun pou ede yo pran swen timoun lan pandan yo malad la. Yo rekòmande fanm ki gen maladi grip la pou yo mete mask sou figi yo lè y ap pran swen ak nouri tibebe. Paran ak gadyen timoun yo ta dwe:
-
Toujou obsève bon ijyèn men ak byenseyans lè y ap touse
- Kenbe tibebe a lwen moun ki malad ak lwen kote ki chaje ak moun.
- Limite pataj jwèt ak lòt atik ki soti nan bouch tibebe yo. Byen lave ak savon ak dlo tout atik ki soti nan bouch tibebe yo.
Kisa m kapab fè pou pwoteje tèt mwen, tibebe m ak fanmi mwen? Pran mezi sa yo toulejou pou ede anpeche transmèt mikwòb ak pwoteje sante w: Kouvri nen ak bouch ou avèk yon klinèks lè w ap touse oswa lè w ap etènye, oswa etènye nan manch rad ou. Jete klinèks la nan poubèl apre w fin itilize l, epi lave men w ak savon ak dlo oubyen ak jèl abaz alkòl pou netwaye men. Pa manyen zye ou, nen ou oswa bouch ou. Mikwòb yo gaye nan fason sa a. Pa pran kontak sere ak moun ki malad. (Si w ansent epi w ap viv avèk yon moun ki gen grip H1N1 oswa ou an kontak sere avèk moun lan, pale ak doktè ou osijè medikaman pou pa trape grip la.) Prepare yon plan-dijans pou pran swen manm fanmi ki malad yo. Estoke rezèv pou kay ou, pou sante ou ak pou ijans tankou dlo, Tylenol®, ak manje ki p ap gate fasil.
Èske gen konsèy espesyal pou nouri tibebe ki fèk fèt? Wi, Ou ka jwenn rekòmandasyon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) nan sit wèb sa a - http://www.cdc.gov/h1n1flu/infantfeeding.htm. Men kèk enfòmasyon enpòtan ki sou sit sa a:
-
Kouvri nen w ak bouch ou avèk yon klinèks lè w ap touse oswa etènye . Sa ka anpeche lòt moun pran maladi ou
- Si ou lave men ou souvan sa ap ede bay pwoteksyon kont mikwòb
- Pa manyen zye ou, nen ou oswa bouch ou. Mikwòb transmèt souvan lè yon moun manyen yon bagay ki kontamine ak mikwòb epi apre sa moun lan manyen zye, nen oswa bouch li
- Obsève lòt bon abitid sante tankou dòmi anpil, aktivite fizik, jere estrès, bwè anpil likid ak manje aliman nourisan
Èske li bon pou m bay tibebe m manje si m malad? Si w ap bay tibebe ou tete oswa si w ap bay tibebe a lèt an poud, men kijan pou fè sa ak pridans pou w kapab pwoteje tibebe ou pou li pa ekspoze nan viris grip la:
-
Si sa posib, mande yon lòt moun ki pa malad pou li ede w nouri ak pran swen tibebe ou.
- Si pa gen okenn lòt moun ki ka pran swen tibebe a pandan w malad, eseye mete yon mask sou figi w toutan lè w ap nouri oswa pran swen tibebe ou. Ou dwe fè anpil atansyon tou pou w lave men w epi pran prekosyon toulejou pou anpeche tibebe ou trape grip http://www.cdc.gov/flu/protect/habits.htm
- Sa ka ede tou si mete yon kouvèti an twal ant oumenm ak tibebe a lè w ap ba l manje.
- Si w ap bay tibebe w tete, yon moun ki pa malad ka bay tibebe a lèt ou pran nan tete w. Yon fason ideyal, tibebe mwens ki gen mwens pase 6 mwa ta dwe resevwa nouriti yo nan lèt manman. Ou KA pran medikaman pou trete grip pandan w ap bay tibebe tete.
Èske alètman pwoteje tibebe kont nouvo viris grip sa a? Gen apil fason alètman ak lèt manman pwoteje sante tibebe yo. Grip ka grav anpil sou jenn tibebe yo. Tibebe ki pa pran tete vin malad ak enfeksyon tankou grip pi souvan epi pi grav pase tibebe ki pran tete yo. Paske se yon nouvo viris, nou poko konnen pwoteksyon espesifik kont li. Nan alètman an, manman yo transmèt antikò ba tibebe ki ka pwoteje yo. Antikò yo se yon kalite pwoteyin sistèm iminitè a fè nan kò w. Antikò yo ede konbat enfeksyon. Si w malad ak grip epi w ap bay tibebe ou tete, yon moun ki pa malad ka bay tibebe a lèt ou pran nan tete w.
Èske m dwe sispann bay tibebe mwen tete si m kwè mwen te an kontak ak grip la? Non. Lè manman vin an kontak ak maladi, yo fè antikò pou konbat maladi a; tibebe a vin an kontak ak maladi sa yo tou, epitou lèt manman an adapte pou konbat maladi sa yo. Sa enpòtan anpil pou jenn tibebe yo lè sistèm iminitè yo kontinye ap devlope. Ou KA pran medikaman pou anpeche grip pandan w ap bay tibebe ou tete. Ou ta dwe asire ou lave men w souvan ak pran prekosyon toulejou http://www.cdc.gov/flu/protect/habits.htm oswa vizite www.flu.gov
Men si w devlope sentòm grip tankou lafyèv, tous, oswa gòj fèmal, ou dwe mande yon moun ki pa malad pou li pran swen timoun lan pou ou. Si w vin malad, yon moun ki pa malad ka bay tibebe a lèt ou pran nan tete w.
Èske m ka pran medikaman pou trete oswa evite nouvo grip H1N1 pandan m ap bay tibebe mwen tete? Wi. Manman k ap bay tibebe yo tete epi k ap pran medikaman pou trete grip poutèt yo malad ta dwe pran lèt nan tete yo pou mete nan bibwon epi yon moun ki pa malad kapab bay timoun lan lèt la. Manman k ap bay tibebe yo tete epi k ap pran medikaman pou pa trape grip la poutèt yo te an kontak ak viris la ta dwe kontinye bay tibebe yo tete depi yo pa gen sentòm grip la tankou lafyèv, tous oswa gòj fèmal.
Pou kisa Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi rekòmande fanm ansent pou yo pran vaksen kont grip H1N1 an? Li enpòtan pou yon fanm ansent pran vaksen kont grip H1N1 ak yon vaksen kont grip sezonye a tou. Yon fanm ansent ki trape nenpòt kalite grip gen risk pou konplikasyon grav ak pou entène lopital. Fanm ansent ki an sante nòmalman te frape gravman ak viris grip H1N1. Parapò ak popilasyon jeneral la, gen yon pi gwo pwopòsyon fanm ansent ki enfekte ak viris grip H1N1 ki te entène lopital. Answit, yo te obsève ka maladi grav ak ka lanmò sou fanm ansent yo. Jiska prezan, yo te obsève sis pousan ka lamò akòz grip H1N1 ki konfime sou fanm ansent alòske gen sèlman apeprè 1% popilasyon jeneral la ki ansent. Menmsi lavaj men, rete lwen moun ki malad, ak lòt mezi prekosyon ka ede pwoteje fanm ansent yo kont grip la, vaksinasyon se sèl pi bon fason ki genyen pou pwoteje kont grip la.
Èske gen yon kalite vaksen espesyal kont grip fanm ansent yo ta dwe pran? Gen de kalite vaksen kont grip. Fanm ansent dwe pran "piki kont grip" - yon vaksen inaktif (ki gen moso viris yo touye) yo bay ak zegwi, anjeneral nan bra. Yo apwouve itilizasyon piki kont grip la pou fanm ansent.
Èske gen vaksen kont grip fanm ansent pa dwe pran? Lòt tip vaksen kont grip la - vaksen espre nazal la (yo rele pafwa LAIV pou "vaksen vivan modere kont grip"), yo poko apwouve l nan moman sa a pou bay fanm ansent yo. Vaksen sa a fèt ak viris grip vivan, febli, ki pa ka lakòz grip la). Yo apwouve LAIV (FluMist®) pou itilizasyon sou moun an sante ki gen laj 2-49 ane ki pa ansent.
Èske vaksen kont grip H1N1 an sennesòf pou fanm ansent? Vaksen kont grip yo pa t montre yo lakòz domaj pou yon fanm ansent oswa pou tibebe li. Vaksen kont grip sezonye (piki) a pwouve li sennesòf epi yo rekòmande li deja pou fanm ansent. Y ap fè vaksen kont grip H1N1 avèk menm pwosesis ak ekipman ki itilize pou fè vaksen kont grip sezonye a.
Ki sentòm Grip H1N1? Sentòm yo tankou grip sezonye a epi yo fè pati sa ki annapre la:
-
Lafyèv
- Tous
- Gòj irite
- Doulè nan kò
- Maltèt
- Frison ak fatig
- Pafwa, dyare ak vomisman
Kisa m dwe fè si m vin malad? Si gen grip kochon H1N1 nan kominote ou, fè plis atansyon sou kò ou ak fason ou santi ou. Si w gen sentòm grip la, rete lakay ou, pa pran twòp kontak avèk lòt moun epi rele founisè swen sante w. Founisè swen sante w ap deside si tès oswa tretman nesesè. Tès sa yo ka gen ladan yon prelèvman nazal ki pi bon pou fèt nan premye 4-5 depi w malad la. Tankou grip regilye a, Grip H1N1 ka fè lòt pwoblèm medikal yo vin grav. Nenpòt lè ou poukont ou, si w santi w malad mande yon moun tcheke w souvan. Se toujou yon bon lide. Si ou genyen kontak sere avèk moun ki gen Grip H1N1 oswa k ap trete poutèt li te ekspoze nan Grip H1N1, kontakte founisè swen sante ou pou diskite sou si ou bezwen tretman pou diminye chans pou trape grip la.
Kijan Grip H1N1 transmèt? Trete nenpòt lafyèv touswit. Tylenol® (asetaminofèn) se pi bon tretman lafyèv pandan gwosès. Bwè anpil likid pou ranplase sa w pèdi lè w malad. Doktè w ap deside si w bezwen medikaman antiviral tankou Tamiflu® (oseltamivir) oswa Relenza® (zanamivir). Medikaman antiviral yo se konprime, likid oswa inalatè sou preskripsyon ki konbat grip la paske yo anpeche mikwòb yo devlope nan kò ou. Medikaman sa yo ka fè w refè pi vit epitou yo ka fè sentòm ou yo vin pi modere. Medikaman sa yo pi efikas lè w kòmanse pran yo touswit apre sentòm yo kòmanse (anvan de [2] jou fin pase), men yo ka bay moun ki malad anpil oswa ki gen gwo risk (tankou fanm ansent) medikaman yo tou menm apre 48 èdtan. Yo itilize Tamiflu® ak Relenza® tou pou anpeche Grip H1N1. Gen enpe enfòmasyon osijè efè medikaman antiviral yo sou fanm ansent oswa sou tibebe yo, men yo pa t rapòte okenn efè segondè grav. Si w panse ou te gen efè segondè nan medikaman antiviral yo, rele doktè w touswit.
Kilè m dwe al pran swen medikal pou ijans? Si w gen nenpòt nan siy sa yo, chèche swen medikal pou ijans touswit:
-
Pwoblèm pou respire oswa respirasyon kout
- Doulè oswa presyon nan pwatrin oswa nan vant
- Toudisman toudenkou
- Konfizyon
- Vomisman grav oswa ki pa sispann
- Mouvman tibebe a diminye oswa li pa fè mouvman
- Yon gwo lafyèv Tylenol® pa fè anyen pou li
Èske m KA pran medikaman pou trete oswa evite Grip H1N1 an pandan m ap alete tibebe m? Wi. Manman k ap bay tibebe yo tete ka kontinye fè sa pandan y ap swiv tretman pou grip la.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Moun ak Fanmi: Moun ki gen risk
Èske gen gwoup timoun ki nan pi gwo risk pou konplikasyon grav? Wi, timoun ki poko gen laj 5 ane ak timoun ki gen sèten maladi kwonik gen plis risk pou konplikasyon ak maladi grav nan viris grip kochon H1N1. Pami maladi sa yo genyen maladi poumon kwonik (avèk opresyon tou), kadyo-vaskilè (sof ipètansyon), renal, epatik, ematolojik (avèk anemi falsifòm tou), newolojik, newomiskilè, oswa twoub metabolik (avèk dyabèt tou); epi iminodepresyon, avèk sa medikaman oswa VIH lakòz la tou. Moun ki poko gen laj 19 ane epi k ap resevwa terapi aspirin alontèm gen gwo risk tou.
Kisa paran timoun ki gen gwo risk pou konplikasyon grav ta dwe fè? Si pitit ou nan yon gwoup ki gen gwo risk, epi li devlope maladi grip (tankou kòmansman yon lafyèv toudenkou, tous, gòj fèmal, doulè miskilati, gwo fatig), tanpri konsilte sous abityèl swen medikal pitit ou pou kòmanse tretman antiviral. Terapi sa a travay pi byen si li kòmanse touswit, men nan okenn ka nan 48 premye èdtan maladi a. Si pitit ou rete byen, men li te an kontak ak yon moun yo konfime oswa sispèk ki gen grip H1N1, oswa si li nan yon lekòl kote viris la ap sikile, konsilte sous swen medikal regilye pitit ou pou li pran medikaman antiviral pou li pa pran maladi a.
Ki gwoup andikape ki gen risk espesyal pou grip la? Si w gen youn nan andikap nan lis anba la a, ou ka gen plis risk pou w vin enfekte oswa pou w gen maladi yo pa rekonèt. Ou dwe diskite sou risk maladi w avèk founisè swen sante ou. Pami gwoup andikape ki gen risk pou trape grip ak/oswa gen sentòm grip yo pa rekonèt genyen:
-
Moun ki gen limit pou yo bouje oswa ki pa ka limite kontak yo ak lòt moun ki enfekte tankou anplwaye ak manm fanmi yo.
- Mou ki gen pwoblèm pou konprann oswa pou obsève mezi prevansyon tankou lavaj men
- Moun ki kapab pa anmezi pou kominike sentòm maladi
- Moun yo kapab pa kontwole deprè pou sentòm maladi
Èske moun ki gen VIH/SIDA gen plis risk pase lòt moun pou enfeksyon ak grip kochon H1N1 an? Pou kounye a, nou pa gen enfòmasyon sou risk grip H1N1 sou moun ki gen VIH/SIDA. Lontan, moun ki gen VIH/SIDA pa t sanble nan pi gwo risk pase popilasyon jeneral la pou enfeksyon avèk grip sezonye òdinè a. Men, adilt ak adolesan ki enfekte ak VIH, ak sitou ki gen to selil CD4 ba oswa SIDA, yo kapab gen konplikasyon pi grav pou grip sezonye. Kidonk, li posib pou adilt ak adolesan ki enfekte ak VIH gen pi gwo risk tou pou konplikasyon nan enfeksyon viris grip H1N1. Kidonk li rekòmande pou yo pran vaksen kont grip.
Si mwen gen VIH/SIDA, èske m dwe pran vaksen an? Wi, "piki kont grip" la. Moun ki gen laj ant 25 ak 64 ane ki soufri maladi ki asosye ak pi gwo risk pou konplikasyon grip, avèk enfeksyon VIH tou, se yon premye group sible pou vaksen kont H1N1 epi yo dwe vaksinen. Depi yo fin satisfè demann vaksen pou premye group sible yo onivo lokal, pwogram yo ansanm ak founisè swen yo dwe ofri piki kont grip H1N1 pou tout moun ki gen laj 25-64 ane, epi answit pou moun ki gen laj 65 ane oswa plis, ak adilt ki enfekte ak VIH tou. Moun ki gen laj 65 ane oswa plis, ak adilt ki enfekte ak VIH ki gen laj 65 oswa plis, pa nan gwoup priyoritè yo paske etid k ap fèt kounye a montre risk pou enfeksyon pami moun ki gen laj 65 oswa plis mwens pase risk pou pi jenn moun. Menmsi premye estòk vaksen yo pa anpil, yo prevwa estòk yo ap ogmante ase pou vaksinen tout moun ki pa nan premye gwoup sible yo.
Kijan atrit afekte fason m reyaji ak grip la? Moun ki soufri sèten kalite atrit, ki rele atrit enflamatwa oswa sistemik oswa maladi rimatismal oto-imin, gen pi gwo risk pou konplikasyon ki asosye ak grip, tankou nemoni. Epitou, anpil medikaman yo bay pou trete atrit enflamatwa kapab fè sistèm iminitè a frajil. Atrit rimatoyid ak lipis se kalite atrit enflamatwa ki pi komen. Moun ki soufri atwoz pa gen chans pou gwo risk pou konplikasyon grip sofi si yo soufri lòt maladi ak gwo risk tou pou grip yo tankou opresyon, dyabèt, maladi kè oswa kansè.
Si w ap pran medikaman pou trete atrit ou an (sa pa valab pou krèm ak pomad ou pase sou po w), ou ka gen pi gwo risk pou trape grip la oswa konplikasyon nan grip la. Pale ak founisè swen sante w si w gen nenpòt kesyon sou maladi ou, medikaman ou ak risk ou gen pou grip.
Èske moun ki soufri atrit enflamatwa dwe pran piki kont grip la? Wi, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande sèten moun ki nan nenpòt nan gwoup priyoritè yo ki gen sistèm iminitè frajil pou pran vaksen kont H1N1 ak piki kont grip sezonye a, ki gen ladan moun ki soufri atrit enflamatwa. Moun ki soufri atrit enflamatwa dwe pran "piki kont grip" - yon vaksen inaktif (ki gen moso viris yo touye) yo bay ak zegwi, anjeneral nan bra. Yo apwouve itilizasyon piki kont grip la sou moun ki soufri atrit enflamatwa. Lòt kalite vaksen kont grip la - vaksen espre nazal la (yo rele pafwa LAIV pou "vaksen vivan modere kont grip) - yo pa apwouve li nan pou kounye a pou itilizasyon sou moun ki soufri atrit enflamatwa.
Moun ki gen laj 65 ane oswa plis (avèk tou moun ki soufri atrit enflamatwa) yo pa nan gwoup priyoritè sa yo paske etid k ap fètkounye a montre risk pou enfeksyon grip H1N1 pami moun ki gen laj 65 oswa plis mwens pase risk nan gwoup laj ki pi jenn yo. Men, depi yo fin satisfè demann vaksen pou gwoup ki pi jenn yo, moun ki gen laj 65 ane oswa plis ki soufri atrit enflamatwa dwe resevwa piki kont grip H1N1.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Moun ak Fanmi: Vwayaj
Mwen gen pwojè vwayaje anvan lontan epi m pè poutèt grip H1N1. Kisa m dwe fè? Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande vwayajè ki gen gwo risk pou konplikasyon nan nenpòt kalite grip pou yo diskite sou pwojè vwayaj yo avèk founisè swen sante yo. Yo dwe byen etidye ansanm sitiyasyon grip H1N1 nan kote yo prale a avèk chwa swen sante ki disponib nan zòn nan. Yo ta dwe diskite sou sitiyasyon sante espesifik ak posiblite ogmantasyon risk pou vwayaje nan zòn ki afekte avèk grip H1N1. Pou plis enfòmasyon, ale nan, http://wwwn.cdc.gov/travel/content/novel-h1n1-flu.aspx
Pami vwayajè ki gen risk pou konplikasyon, genyen:
- Timoun ki poko gen laj 5 ane
- Moun ki gen laj 65 oswa plis (grip sezonye)
- Timoun ak adolesan (mwens pase laj 18 ane) k ap resevwa tretman aspirin alontèm epi ki ta ka andanje pou gen sendwòm Reye apre enfeksyon avèk viris grip la
- Fanm ansent
- Adilt ak timoun ki gen maladi poumon kwonik, maladi kadyo-vaskilè, epatik, ematolojik, newolojik, newo-miskilè, oswa twoub metabolik
- Adilt ak timoun ki gen imino-sipresyon (avèk tou imino-sipresyon medikaman oswa VIH lakòz)
Moun ansante ki ka fè plan vwayaj jan yo ta fè sa nòmalman epi ki gen prekosyon avèk yon bon sans pou pwoteje sante yo pandan vwayaj la.
Anvan Vwayaj Ou Si w ap fè plan pou vwayaje nan yon zòn kote yo te rapòte ka grip H1N1, rekòmandasyon ki annapre la yo ap ede w diminye risk pou trape enfeksyon ak pou rete an sante.
Prepare pou vwayaj ou
- Toujou enfòme
- Asire ou ajou avèk tout vaksen woutin, avèk tou vaksen kont grip sezonye, lè yo disponib.
- Chèche konnen lòt risk sante ak rekòmandasyon vwayaj pou kote ou prale a
- Pake yon twous vwayaj ki genyen atik debaz premye sekou ak atik medikal.
- Idantifye resous swen medikal ki nan zòn ou pral vizite a (yo).
- Chèche konnen si plan asirans sante ou ap garanti swen medikal ou pandan vwayaj ou; anpil konpayi PA garanti frè sa yo.
- Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande pou achte asirans anplis ki garanti depans medikal yo pandan yon vwayaj entènasyonal ak evakyasyon medikal.
- Pou plis enfòmasyon, al gade Enfòmasyon Medikal pou Ameriken ki Pral nan Lòt Peyi nan Depatman-Deta Etazini. Ou kapab jwenn yo nan: http://travel.state.gov/travel/tips/brochures/brochures_1215.html
- Sonje sèvis anbasad, konsila ak fòs lame ameriken pa evakye oswa pa bay medikaman, vaksen, oswa swen medikal pou sitwayen ameriken prive pandan vwayaj entènsyonal.
Tcheke Pwòp Sante Ou Pa vwayaje si ou malad. Si ou gen sentòm grip, ou ta dwe rete lakay ou epitou ou pa ta dwe vwayaje pandan 7 jou apre ou fin malad oswa pandan omwen 24 èdtan apre sentòm yo ale, pa egzanp yon lafyèv (san asistans medikaman oswa medikaman antiviral), kèlkeswa sa ki dire pi lontan an. Se pou pa kite lòt moun trape viris la.
- Sentòm grip H1N1 sanble ak sentòm grip sezonye epi pami yo gen lafyèv, tous, gòj fèmal, nen k ap koule oswa nen bouche, doulè nan kò, maltèt, frison ak fatig.
- Kèk moun gen dyare ak vomistan tou.
Pandan Vwayaj Ou Swiv gid lokal yo
- Fè atansyon ak anons gouvènman lokal la epitou kontwole sitiyasyon sante ak sekirite a.
- Swiv nenpòt restriksyon mouvman ak rekòmandasyon pou prevansyon.
- Ou dwe konnen sèten peyi tcheke sante pasaje ki rive ak/oswa k ap sòti epitou yo fè depistaj pou detekte maladi akòz grip kochon H1N1 pou anpeche lòt moun vin malad. Pou plis enfòmasyon al gade anons sou Reta ki ka genyen nan vwayaj entènasyonal yo akòz pwosedi depistaj nouvo grip H1N1. Ou ka jwenn sa nan: http://wwwn.cdc.gov/travel/content/news-announcements/delays-H1N1-screening.aspx
Pratike abitid ki bon pou sante ou pou ede bloke transmisyon grip H1N1.
- Lave men ou souvan avèk savon ak dlo tiyo, stiou apre ou fin touse oswa etènye.
- Sèvi ak dezenfektan abaz alkòl (ki genyen omwen 60% alkòl) lè pa gen savon ak lè men ou pa sal yon fason ki vizib.
- Kouvri bouch ou ak nen ou avèk klinèks lè w ap touse oswa lè w ap etèny, epitou jete klinèks ou nan poubèl. Si ou pa genyen yon nakpin, touse oswa etènye nan manchon anwo ou, pa nan men ou. Lave men ou avèk savon ak dlo.
- Pa pran kontak sere avèk moun ki malad.
Sa pou fè si w santi ou malad
- Yo espere pifò moun ap refè san yo pa bezwen swen medikal.
- Si ou gen maladi grav oswa si ou gen gwo risk pou konplikasyon grip, chèche swen medikal.
- Yon ofisye konsila ameriken kapab ede w jwenn swen medikal lokal nan yon peyi etranje. Pou kontakte anbasad oswa konsila ameriken ki nan peyi w ap vizite a, rele Sèvis Sitwayen Aletranje nan:
- 1-888-407-4747 si w ap rele depi Etazini oswa Kanada,
- 00-1-202-501-4444 si w ap rele depi lòt peyi, oswa
- Vizite http://www.usembassy.gov pou jwenn enfòmasyon kontak pou Anbasad ameriken peyi w ap vizite a.
- Evite fè lòt vwayaj jouk ou vin pa gen sentòm pandan 24 èdtan (san asistans medikaman ak medikaman antiviral), kèlkeswa sa ki dire pi lontan.
- Kouvri nen ou ak bouch ou avèk yon klinèks lè w ap touse oswa lè w ap etènye. Jete klinèks la nan poubèl apre ou fin itilize li, epitou lave men ou avèk savon ak dlo.
- Lave men ou souvan avèk savon ak dlo tiyo, sitou apre ou fin touse oswa etènye. Jèl pou men ki abaz alkòl efikas tou.
- Pa manyen zye ou, nen ou oswa bouch ou.
- Swiv tout rekòmandasyon sante lokal yo. Pa egzanp, si ou malad, yo kapab mande ou pou mete yon mask chirijikal pou pwoteje lòt moun yo oswa pou rete lakay ou oswa nan otèl pou evite transmisyon grip H1N1.
- Pou jwenn plis enfòmasyon sou sa pou fè si w vin malad pandan w ap vwayaje deyò Etazini, ale nan sit Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): http://wwwn.cdc.gov/travel/content/survival-guide.aspx
- Pou plis enfòmasyon sou rekòmandasyon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) sou itilizasyon medikaman antiviral pandan epidemi Grip H1N1 an, tanpri ale nan http://www.cdc.gov/h1n1flu/recommendations.htm
Apre Vwayaj Ou
- Kontwole sante ou deprè padan 7 jou.
Si w vin malad avèk lafyèv ak lòt sentòm grip H1N1 tankou yon tous, gòj fèmal, ak pètèt vomisman ak dyare, al gade enfòmasyon ki nan seksyon anwo a ki gen tit "Sa pou fè si w malad" ak "Sa pou Fè si Ou Gen Sentòm Grip la", ou ka jwenn yo nan sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi, ki se: http://www.cdc.gov/h1n1flu/
_______________________________________________Retoune anwo
Edikasyon ak Gadri
Èske y ap fèmen lekòl pitit mwen? Pa gen chans pou yo fèmen lekòl, men sa posib. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ak Depatman Sante Eta Florid te fè rekòmandasyon ba responsab lekòl yo sou fason pou kontwole maladi grip nan yon anviwònman lekòl san yo pa ranvwaye lekòl yo. Se komisyon eskolè lokal la, distri eskolè lokal la ak lòt ofisyèl lokal yo k ap pran desizyon pou ranvwaye lekòl yo. Depatman Edikasyon Florid bay la a yon lis lekòl ki fèmen kounye a: http://www.fldoe.org/closed-schools.asp
Kimoun k ap pran desizyon sou si lekòl yo ta dwe lage? Dsitri eskolè lokal yo ap pran desizyon pou konnen si pou yo lage lekòl yo. Y ap konsilte avèk ofisyèl sante leta ak lokal ak ofisyèl jesyon ijans pou pran desizyon sa a. Depatman Sante Eta Florid bay rekòmandasyon ak konsèy pou distri eskolè yo sou si yo ta dwe fèmen oswa pran sèten mezi pou asire sekirite ak byennèt elèv yo ak anplwaye yo. Rekòmandasyon sa yo baze sou konsèy Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi. Pwofesè ak anplwaye yo ka ede ralanti trransmisyon larim ak grip. Toujou fè timoun yo sonje:
-
Kouvri nen ak bouch yo avèk yon klinèks lè y ap touse oswa lè y ap etènye - fè yo jete klinèks la apre yo fin itilize li, epitou pou yo lave men yo avèk savon ak dlo.
- Lave men yo souvan avèk savon ak dlo, sitou apre yo fin touse oswa etènye. Si dlo a pa pre, itilize yon dezenfektan pou men.
- Fè yo sonje pou yo pa manyen zye yo, nen yo oswa bouch yo. Mikwòb gaye fason sa a souvan.
- Timoun ki malad oswa ki vin malad, yo dwe voye yo lakay yo.
Gen yon "gadri/lekòl/espas piblik pou rasanble" kote yo aksepte timoun/moun malad vini. Kisa m ka fè? Toudabò, pale ak sipèvizè w oswa direktè enstitisyon an. Epitou, ou ka rele depatman sante konte pa w la. Yo anboche moun ki fòme pou travay anndan kominote w lan pou anpeche transmisyon anpil maladi. Sèvi ak lyen sa a pou w jwenn depatman sante konte ki apwopriye a. http://www.doh.state.fl.us/chdsitelist.htm Repons debaz tout kominote kont grip se pou moun ki malad rete lakay yo (sòf si yo malad anpil epi yo bezwen al pran swen nan opital), epi pou tout moun nan kominote a travay anfavè konpòtman sa a.
Èske pitit mwen bezwen mete yon mask nan lekòl li? (Oswa) Pou kisa yo mande pitit mwen pou mete yon mask nan lekòl la? Si pitit ou vin malad avèk sentòm grip la nan lekòl, lekòl la dwe mete yon mask sou pitit ou pandan l ap tann nan "klinik" pou yo vin chèche li. Sa a se rekòmandasyon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) bay kounye a pou lekòl yo. Mask la deziyen se pou pa kite mikwòb transmèt ba lòt moun lè yon moun ki malad ap touse oswa ap etènye. Lè ou vin chèche pitit ou, anplwaye ki asiyen nan "klinik" lan ap kapab mete yon mask tou pou pa kite li inale mikwòb grip la paske li an kontak trè sere avèk moun malad yo. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande itilizasyon mask yo nan sitiyasyon trè espesifik sèlman epitou li pa rekòmande itilizasyon mask kòm mezi prevansyon jeneral pou timoun ak adilt ki an sante.
Kijan m ka pwoteje pitit mwen kont grip sezonye a? Vaksen kont grip se pi bon fason pou pwoteje kont grip sezonye. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande pou tout timoun ki gen depi laj 6 mwa jouk yo rive nan 19yèm anivèsè yo pran yon vaksen kont grip la chak sezon lotòn oswa livè (timoun ki pran yon vaksen pou premye fwa dwe pran de dòz).
-
Yo kapab bay vaksen kont grip pou timoun 6 mwa ak plis.
- Yo ka bay yon vaksen espre nazal pou timoun ansante ki gen 2 ane ak plis (timoun ki poko gen 5 ane epi ki te gen souf anlè ane pase oswa nenpòt timoun ki gen pwoblèm sante kwonik ta dwe pran vaksen kont grip la).
- Ou ka pwoteje pitit ou si ou pran yon vaksen ou kont grip la tou. Epitou ankouraje moun ki pwòch pitit ou pou yo vaksine kont grip la. Sa trè enpòtan si pitit ou poko gen laj 5 ane oswa si li gen yon pwoblèm sante kwonik tankou opresyon (maladi respirasyon) oswa dyabèt (nivo glisid elve).
Kisa mwen ta dwe itilize pou netwaye men? Si ou lave men ou avèk savon ak dlo (pandan tan ou pran pou chanje Jwaye Anivèsè de fwa) sa ap ede pwoteje pitit ou kont anpil mikwòb diferan. Lè pa genyen savon ak dlo, ou ka itilize lenjèt oswa jèl dezenfektan pou men ki gen alkòl ladan yo (ou ta dwe fwote jèl la nan men ou jouk li sèch).
Konbyen tan yon moun malad ka transmèt grip la ba lòt moun? Adilt ansante ka anmezi pou transmèt grip la nan 1 jou anvan yo vin malad jiska apeprè 5 jou apre yo fin malad. Sa ka dire pi lontan sou timoun ak moun ki pa goumen kont maladi tou (moun gen sistèm iminitè yo fèb).
Kisa m ka fè si pitit mwen vin malad? Konsilte doktè ou epi asire pitit ou pran anpil repo epitou asire li bwè anpil likid. Si pitit ou gen plis pase 2 ane, ou ka achte medikaman (san preskripsyon) san yon preskripsyon ki ta ka fè pitit ou vin refè. Pran prekosyon avèk medikaman yo epitou swiv enstwiksyon ki sou pake a. Pa janm bay timoun oswa adolesan ki ka gen grip la aspirin oswa medikman ki gen aspirin ladan. Sa ka lakòz yon maladi ra men ki grav ki rele Sendwòm Reye.
Esi pitit mwen sanble malad anpil? Rele oswa mennen pitit ou ka doktè touswit si pitit ou:
-
gen yon lafyèv fò oswa yon lafyèv ki dire lontan
- gen pwoblèm pou respire oswa respire vit
- gen po kò li ki sanble ble
- pa bwè ase
- sanble gen konfizayon, p ap reveye, pa vle yo kenbe li, oswa gen malkadi (latranblad san konwòl)
- vin refè men vin pi grav ankò
- gen lòt maladi &tankou maladi kè oswa maladi poumon, dyabèt) ki vin pi grav
Èske gen gwoup timoun ki nan pi gwo risk pou konplikasyon grav? Wi, timoun ki poko gen laj 5 ane ak timoun ki gen sèten maladi kwonik gen plis risk pou konplikasyon ak maladi grav nan viris grip kochon H1N1, tanpri konsilte sous regilye swen medikal pitit ou. Pami maladi sa yo genyen maladi poumon kwonik (avèk opresyon tou), kadyo-vaskilè (sof ipètansyon), renal, epatik, ematolojik (avèk anemi falsifòm tou), newolojik, newo-miskilè, oswa twoub metabolik (avèk dyabèt tou); epi iminodepresyon, avèk sa medikaman oswa VIH lakòz la tou. Moun ki poko gen laj 19 ane epi k ap resevwa terapi aspirin alontèm gen gwo risk tou.
Kisa paran timoun ki gen gwo risk pou konplikasyon grav ta dwe fè? Si pitit ou nan yon gwoup ki gen gwo risk, epi li devlope maladi grip (tankou kòmansman yon lafyèv toudenkou, tous, gòj fèmal, doulè miskilati, gwo fatig), tanpri konsilte sous abityèl swen medikal pitit ou pou kòmanse tretman antiviral. Terapi sa a travay pi byen si li kòmanse touswit, men nan okenn ka nan 48 premye èdtan maladi a. Si pitit ou rete byen, men li te an kontak ak yon moun yo konfime oswa sispèk ki gen grip kochon H1N1, oswa si li nan yon lekòl kote viris la ap sikile, konsilte sous swen medikal regilye pitit ou pou li pètèt pran medikaman antiviral pou li pa trape maladi a.
Èske timoun ka ale lekòl si yo malad? Non. Yo dwe rete lakay yo pou yo pa transmèt grip la ba lòt timoun.
Èske timoun dwe ale lekòl si lòt timoun yo malad? Sa pa konn rive pou kèk timoun nan lekòl malad pandan mwa sezon livè a. Si anpil timoun vin malad, se paran ki pou deside si pou voye timoun yo lekòl oswa pou pa voye yo. Paran yo ka bezwen konsilte doktè yo, sitou si timoun yo gen lòt pwoblèm sante.
Kilè timoun yo ka retounen lekòl apre yo te fin gen grip? Kite pitit ou lakay ou jouk lè tanperati kò li vin nòmal pandan 24 èdtan (san asistans medikaman pou bese lafyèv la). Fè pitit ou sonje pou li kouvri bouch li lè l ap touse oswa lè l ap etènye, pou pwoteje lòt yo (ou ka vle voye pitit ou lekòl avèk klinèks ak lenjèt oswa jèl avèk alkòl ladan yo).
Èske gen medikaman pou trete grip sezonye a oswa grip H1N1? Antibyotik tankou penisilin pa trete grip la. Gen medikaman antiviral pou timoun ki gen laj 1 ane oswa plis ki ka fè yo santi yo pi byen ak refè pi bonè. Se yon doktè ki dwe preskri medikaman sa yo. Pou yo efikas pi byen ou ta dwe kòmanse yo nan premye 2 jou timoun lan malad la. Doktè yo ka diskite avèk paran yo sou si medikaman sa yo bon pou pitit yo.
Kisa lekòl yo ka fè pou pwoteje pitit mwen?
-
Nenpòt anplwaye, elèv, pwofesè oswa manm pèsonèl yo sispèk ki gen grip la pa ta dwe ale lekòl.
- Elèv ak pwofesè yo ta dwe lave men yo plizyè fwa pa jou avèk savon ak dlo tyèd pandan 15-20 segonn (anjeneral sa pran menm tan ak lè w ap chante ABC yo). Seche men ou avèk sèvyèt papye oswa sechwa otomatik pou men si sa posib. Pèmèt ak ankouraje pòz regilye pou elèv ak pwofesè yo lave men yo. Jenn timoun yo ta dwe jwenn enstwiksyon ak èd pou asire yo lave men yo kòrèkteman. Yo ta dwe tcheke twalèt yo regilyèman pou asire toujou gen savon ak sèvyèt papye.
- Asire genyen klinèks nan salklas yo. Elèv yo ak anplwaye yo ta dwe kouvri bouch yo lè y ap touse (pa egzanp, touse oswa etènye nan koud-bra ou) epitou itilize klinèks lè y ap etènye oswa lè y ap mouche nen yo. Yo ta dwe jete klinèks yo imedyatman. Elèv yo ak anplwaye yo ta dwe fè swivi avèk teknik lavaj men (yo ka itilize jèl pou men abaz alkòl nan salklas yo pou minimize deranjman).
- Anplwaye yo ak elèv yo (sitou sa ki gen eta sante yo ak nenpòt lòt moun ki vle diminye risk pou trape grip la) ta dwe pran vaksen kont grip la lè li vin disponib. Sonje, li pa janm twò ta pou pran vaksen nan sezon grip la. Tcheke avèk founisè swen sante ou oswa depatman sante lokal ou sou disponiblite vaksen an:
- Ranvwa lekòl endividyèl sizoka yon deklanchman pa pwouve yon fason efikas pou bloke grip la, epoutan se ofisyèl apwopriye lekòl yo ki ta dwe pran desizyon sa a nan tèt ansanm avèk depatman sante lokal yo dapre lòt konsiderasyon yo.
- Lekòl yo ta dwe pi vijilan pou timoun malad yo retire kò yo nan aktivite espòtif, koral oswa nenpòt lòt aktivite ki ka fè yo pran kontak sere, paske transmisyon grip la ka pi fasil nan sitiyasyon sa yo. Tout elèv ak anplwaye yo pa ta dwe sèvi nan menm linèt, boutèy dlo, bwason, kiyè/fouchèt, elatriye.
- Otobis lekòl la, akòz espas fèmen an, kapab lakòz transmisyon grip la fasil. Ta dwe gen klinèks nan otobis yo, epi yo ta dwe ankouraje elèv yo pou yo kouvri nen yo ak bouch yo pandan y ap touse oswa etènye (pa egzanp, touse oswa etènye nan koud-bra ou). Dezenfekte sifas enteryè komen moun manyen (sètadi manch pòt, ranp, elatriye) regilyèman.
- Netwaye sifas komen moun itilize tankou manch pòt, ranp, sifas pou mete manje, biwo, elatriye, souvan avèk dezenfektan. (dezenfektan komèsyal yo apwopriye.)
Èske pitit mwen dwe mete yon mask nan lekòl la? (Oswa) Pou kisa yo mande pitit mwen pou mete yon mask nan lekòl la? Si pitit ou vin malad avèk sentòm grip la nan lekòl, lekòl la dwe mete yon mask sou pitit ou pandan l ap tann nan "klinik" pou yo vin chèche li. Sa a se rekòmandasyon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) bay kounye a pou lekòl yo. Mask la deziyen se pou pa kite mikwòb transmèt ba lòt moun lè yon moun ki malad ap touse oswa ap etènye. Lè ou vin chèche pitit ou, li posib pou anplwaye ki asiyen nan "klinik" lan mete yon mask tou pou anpeche li respire mikwòb grip la paske li an kontak trè sere avèk moun malad yo. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande itilizasyon mask sèlman nan sitiyasyon trè espesifik epitou li pa rekòmande itilizasyon mask kòm mezi prevansyon jeneral pou timoun ak adilt ki an sante.
Mwen kirye, ki rekòmandasyon ki fèt pou lekòl yo? Èske ou ka ban mwen plis enfòmasyon sou grip H1N1 ak lekòl yo? Wi, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) gen plizyè resous pou ou. Vizite http://www.cdc.gov/h1n1flu/schools/ pou plis enfòmasyon.
_______________________________________________Retoune anwo
Kominote yo ak Espas Travay
»
Kominote yo ak Espas Travay: Enfòmasyon pou Patwon yo
Kisa patwon yo ka fè pou pwoteje anplwaye yo?
-
Ankouraje travayè malad yo pou rete lakay yo epitou lwen espas travay la, epitou ba yo règleman konje ki fleksib.
- Ankouraje pratik kontwòl enfeksyon nan espas travay la. Pou fè sa, mete afich ki adrese travayè yo ak fè yo sonje bon jan pratik lavaj men, ijyèn respiratwa ak tous.
- Bay konsèy alekri (imèl elatriye) sou grip H1N1 ki apwopriye pou lang ak nivo alfabetizayon tout moun ki nan espas travay la. Patwon yo ta dwe travay nan tèt ansanm avèk ofisyèl sante piblik lokal ak leta pou asire yo bay enfòmasyon ki pi apwopriye ak dènye enfòmasyon yo.
- Bay enstalasyon ki ase pou lavaj men ak dezenfektan men abaz alkòl (oswa lenjèt) nan zòn komen espas travay la tankou lòbi yo, koulwa yo ak twalèt yo.
- Bay klinèks, dezenfektan, ak sèvyèt jetab pou anplwaye yo netwaye sifas kote yo travay, ak resipyan apwopriye pou anplwaye itilize.
Yon etid te montre viris grip la ka siviv sou sifas anviwònman epitou li ka enfekte yon moun pandan apeprè 2-8 èdtan apre yo fin depoze li sou sifas la. Pou diminye chans pou transmèt viris grip H1N1, dezenfekte sifas di moun manyen souvan nan espas travay la, tankou pòs travay yo, kontwa yo, manch pòt, ak sifas twalèt. Pou fè sa siye yo avèk yon dezenfektan kay dapre enswiksyon ki sou etikèt pwodui a.
Kisa pou mwen fè lè yon anplwaye vin travay avèk sentòm maladi grip la nan yon kominote kote viris grip H1N1 ap sikile?
- Notifye sant sante oswa pèsonèl premye sekou apwopriye.
- Mete anplwaye a nan yon sal poukont li.
- Si anplwaye a dwe ale nan yon zòn komen, li ta dwe kouvri bouch li avèk yon klinèks lè l ap touse/etènye oswa mete yon mask figi si genyen epi si li ka tolere li.
- Notifye sipèvizè anplwaye a oswa patwon an.
- Voye anplwaye a lakay li touswit.
- Rele sèvis medikal pou ijans si moun malad la devlope nenpòt sentòm avètisman ijan.
Sou adilt yo, pami sentòm avètisman ijan ki bezwen swen medikal ijan, genyen:
- Pwoblèm pou respire oswa respirasyon kout
- Doulè oswa presyon nan pwatrin oswa nan vant
- Toudisman toudenkou
- Konfizyon
- Vomisman grav oswa ki pa sispann
- Sentòm grip la amelyore men yo retounen avèk lafyèv ak yon tous grav
Asire anplwaye malad la rete lakay li pandan omwen 24 èdtan apre lafyèv li a ale sof pou li resevwa swen medikal oswa pou lòt nesesite (lafyèv la ta dwe ale san li pa pran medikaman ki bese lafyèv).
Pou rekòmandasyon sou itilizasyon mask figi ak respiratè atifisyèl pou moun k ap ede anplwaye malad la, ale sou sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) http://www.cdc.gov/h1n1flu/masks.htm
Kisa pou m fè pou yon anplwaye yo konfime avèk grip H1N1 pandan l ap vwayaje pou travay li?
- Notifye sipèvizè oswa patwon an si yon anplwaye vin malad pandan li nan vwayaj oswa nan yon asiyasyon tanporè.
- Si se deyò Etazini, kontakte founisè swen medikal la oswa konpayi asistans medikal aletranje pou ede jwenn yon founisè swen apwopriye nan peyi a, si sa nesesè. Yon ofisye konsila ameriken ka ede jwenn sèvis medikal. Sonje sèvis anbasad, konsila fòs lame ameriken pa gen otorite legal, kapasite ak resous pou evakye oswa pou bay medikaman, vaksen oswa swen medikal pou sitwayen ameriken prive ki nan peyi etranje.
Al gade sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) sou vwayaj pou jwenn plis enfòmasyon: http://wwwn.cdc.gov/travel/content/novel-h1n1-flu.aspx
Ki kalite konsiderasyon espesyal ki genyen pou anplwaye ansent yo sispèk ki gen grip H1N1? Fanm ansent yo gen plis risk pou konplikasyon grip. Fanm ansent ki gen sentòm grip la ta dwe kontakte founisè swen medikal yo. Ou ka ale tou nan sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC): http://www.cdc.gov/h1n1flu/guidance/pregnant.htm pou plis enfòmasyon.
Kisa biznis yo ka fè pou pwoteje fonksyònman yo?
- Idantifye yon kouwòdonatè espas travay la k ap responsab jere pwoblèm grip H1N1 ak enpak grip la nan espas travay la, kontakte depatman sante lokal ak founisè swen medikal yo davans, epitou devlope ak egzekite pwotokòl pou fè fas ak moun ki malad.
- Detèmine kimoun k ap responsab pou reponn pou tout anplwaye malad ki nan espas travay la, swa nan yon klinik medikal ki kreye oswa kòm travay premye sekou.
- Fè anplwaye konnen plan yo epi kominike egzijans yo aklè.
- Revize rekòmandasyon pwovizwa yo pou itilize mask ak respiratè atifisyèl nan kote ki pa gen swen medikal. Ou ka jwenn sa nan: http://www.cdc.gov/h1n1flu/masks.htm
- Idantifye anplwaye enpòtan yo, fonksyon enpòtan biznis lan, ak lòt kontribisyon enpòtan (Kontinwite Plan Fonksyònman - COOP) ki nesesè pou fè biznis lan toujou fonksyone dapre pozisyon ak fonksyon li si ta vin gen boulvèsman pandan deklanchman grip H1N1.
- Egzekite plan biznis lan san rete si genyen anpil anplwaye ki absan nan espas travay la pandan deklanchman sa a.
- Rvize plan an parapò ak ogmantasyon oswa diminisyon nan demand pou pwodui ou ak/oswa sèvis yo pandan deklanchman an (pa egzanp, bezwen pou atik ijyenik).
- Revize sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) anrapò ak vwayaj pou jwenn dènye enfòmasyon yo epitou kominike rekòmandasyon sa yo ba anplwaye ki kapab pral fè vwayaj anrapò ak biznis lan. Al gade plis enfòmasyon: http://wwwn.cdc.gov/travel/content/novel-h1n1-flu.aspx
- Kreye yon plan kominikasyon pou ijans. Plan sa a gen ladan idantifikasyon kontak enpòtan (avèk rezèv), chenn kominikasyon (tankou founisè ak kliyan), ak pwosesis pou swiv ak kominike sitiyasyon biznis lan ak sitiyasyon anplwaye yo.
- Devlope nimewo telefòn espesyal ak sit wèb ki pou kominike sitiyasyon grip H1N1 ak mezi pou anplwaye, vandè, founisè ak kliyan andedan ak deyò espas travay la nan yon fason ki konsistan ak apwopriye, avèk tou plizyè altènativ nan sistèm kontak pou ijans.
Kisa biznis yo ka fè pou pwoteje anplwaye yo?
- Egzamine règleman pou konje ak konpansasyon anplwaye yo epitou revize yo avèk manadjè yo, sipèvizè yo, ak anplwaye yo pou yo ka toujou jwenn dènye enfòmasyon sou règleman konje maladi, don konje, ak sèvis asistans anplwaye ki garanti nan diferan plan sante travay la sipòte. Règleman konje yo ta dwe fleksib epitou yo pa ta dwe yon pinisyon.
- Plan pou posiblite konje ki pa pwograme ki ankouraje anplwaye ki malad yo rete lakay yo pou pran swen tèt yo ak lòt moun ki malad avèk grip la oswa timoun lekòl voye tounen.
- Kreye règleman pou orè fleksib nan espas travay (pa egzanp tele-kominikasyon) ak orè travay fleksib (pa egzanp, peryòd travay ki repati), si sa nesesè.
- Kominike règleman yo pou anplwaye jwenn aksè nan swen sante, swen sante mantal, ak sèvis sosyal ki disponib, avèk tou resous sosyete a ak resous kominotè yo.
Ou ka jwenn lòt resous nan http://www.myflusafety.com/
_______________________________________________Retoune anwo
»
Kominote yo ak Espas Travay: Enfòmasyon pou Anplwaye yo
Kisa anplwaye yo ka fè pou diminye transmisyon grip H1N1 nan espas travay la?
-
Rete lakay ou si ou malad. Si ou gen sentòm maladi grip la, rete lakay ou pandan omwen 24 èdtan apre lafyèv la ale sof pou jwenn swen medikal oswa pou lòt nesesite (lafyèv ou dwe ale san w pa pran medikaman ki bese lafyèv). Rete lwen lòt moun otank posib. Se pou pa kite lòt moun vin malad.
- Anplwaye ki byen men ki gen yon manm fanmi yo malad lakay yo avèk grip H1N1 kapab al travay kòm dabitib. Anplwaye sa yo ta dwe kontwole sante yo chak jou, avèti sipèvizè yo epi rete lakay yo si yo ta vin malad. Anplwaye ki gen yon maladi kache oswa ki ansent dwe rele founisè swen medikal yo pou jwenn konsèy, paske yo ta ka bezwen pran medikaman antiviral kont grip la pou yo pa trape maladi.
- Kouvri nen ou ak bouch ou avèk yon klinèks lè w ap touse oswa lè w ap etènye. Jete klinèks la nan poubèl apre ou fin itilize li, epitou lave men ou avèk savon ak dlo.
- Lave men ou souvan avèk savon ak dlo, sitou apre ou fin touse oswa etènye. Ou ka itilize dezenfektan pou men abaz alkòl si pa gen savon ak dlo.
- Pa manyen zye ou, nen ou oswa bouch ou. Mikwòb yo gaye nan fason sa a.
- Pa pran kontak sere avèk moun ki malad. Si yon anplwaye sispèk li te an kontak ak yon moun ki malad avèk grip H1N1 li ka kontinye ale nan travay kòm dabitid. Anplwaye sa yo ta dwe kontwole sante yo chak jou, yo ta dwe notifye sipèvizè yo epitou yo ta dwe rete lakay yo si yo malad.
Kisa pou mwen fè pou kòlèg travay si yon anplwaye gen yon ka grip H1N1 ki konfime oswa sispèk? Fè anplwaye yo konnen yo te an kontak nan espas travay la avèk yon ka grip H1N1 ki konfime, posib, oswa sispèk pandan peryòd enfeksyon moun malad la. Divilgasyon enfòmasyon sa a ta dwe fèt dapre egzijans enfòmasyon prive ak konfidansyalite Lwa Anfavè Ameriken Andikape (ADA), ki endike patwon yo gen obligasyon pou konsève enfòmasyon medikal anplwaye yo prive ak konfidansyèl. Tanpri ale nan sit wèb http://www.eeoc.gov/facts/pandemic_flu.html pou plis enfòmasyon sou zafè konfidansyalite
-
Fè anplwaye ki ekspoze yo kontwole tèt yo pou sentòm yo.
- Mande anplwaye yo pou yo tcheke avèk founisè swen sante yo konsènan nenpòt swen espesyal yo ta ka bezwen si yo ansent oswa si yo gen yon maladi kwonik tankou dyabèt, maladi kè, opresyon oswa anfizèm.
_______________________________________________Retoune anwo
Swen Sante
»
Swen Sante: Jeneral
Ki kote founisè yo ka enskri pou distribiye vaksen kont H1N1? Founisè swen sante nan Florid ki enterese bay vaksen H1N1 an nan pwogram eta/lokal dwe soumèt yon demann nan sit wèb FLSHOTS sa a: https://www.flshots.com/
Founisè swen yo ka resevwa lòt enfòmasyon si yo rele oswa si yo imèl biwo asistans Florida SHOTS ki anba la a: Orè Biwo Asistans Florida SHOTS: lendi - vandredi 8:00 AM - 5:00 PM Fizo Orè Lès Telefòn: (877) 888-SHOT (7468) Faks: (850) 412-5801
Ki peryòd enkibasyon grip la? Anjeneral, yo estime peryòd enkibasyon pou grip la varye ant 1 ak 4 jou, avèk yon mwayèn 2 jou. Moun kòmanse transmèt viris grip la (peryòd lè yon moun ta ka vin kontajye pou yon lòt moun) jou anvan kòmansman maladi a epi li ka pèsiste pandan 5 a 7 jou, menmsi kèk moun ka transmèt viris la pandan peryòd ki pi long, sitou jenn timoun yo ak moun ki gen yon sistèm iminitè ki fèb anpil. Kantite viris yon moun gaye pi plis pandan premye 2-3 jou maladi a epi li sanble koresponn ak lafyèv, avèk plis kantite viris ki gaye lè tanperati a pi wo.
Konbyen tan moun kontajye pou lòt moun? Moun ki enfekte ak grip sezonye ak grip kochon H1N1 gaye viris yo deyò epi yo ka enfekte lòt moun jiska 1 jou anvan yo prezante siy ak sentòm malad epi jiska 5 a 7 jou apre yo te vin malad. Sa ka dire pi lontan sou kèk moun, sitou timoun ak moun ki gen sistèm iminitè yo fèb. Moun yo pi kontajye lè yo gen lafyèv. Nan pifò sitiyasyon, moun yo ka retounen al travay oswa lekòl san pwoblèm si lafyèv yo te tonbe san yo pa t pran medikaman kont lafyèv la pandan 24 èdtan oswa plis.
Konbyen tan maladi a dire? Anjeneral grip la dire twa a sèt jou, menmsi tous la ak malèz ka pèsiste pandan plis pase de semenn. Enfeksyon viris grip sou moun ka bay nemoni viral primè grip la lakòz; li ka agrave eta sante kache, tankou maladi poumon oswa maladi kè; li ka lakòz nemoni bakteryen segondè oswa sinizit; oswa li lakòz ko-enfeksyon avèk lòt ajan patojèn viral oswa bakteryen.
Èske ka genyen re-enfeksyon Grip H1N1? Lè w enfekte ak yon viris grip, H1N1 2009 ladan tou, sa dwe lakòz kò w devlope rezistans iminitè kont viris la, kidonk pa gen chans pou yon moun ka enfekte ak menm viris grip la plis pase yon fwa. (Men, moun ki gen sistèm iminitè fèb ka pa fin devlope iminite nèt apre enfeksyon an epi yo ka gen plis chans vin enfekte ak menm viris grip la plis pase yon fwa.) Men, li posib tou pou yon moun ta genyen yon rezilta tès pozitif pou enfeksyon grip plis pase yon fwa nan yon sezon grip. Sa ka rive pou de rezon:
-
Yon moun ka enfekte ak plizyè viris grip (pa egzanp, premye fwa ak H1N1 2009 epi dezyèm fwa ak yon viris grip sezonye òdinè a. Pifò tès rapid pa ka distenge ki viris grip ki responsab maladi a. Epi,
- Tès pou grip yo ka bay pafwa fo rezilta pozitif ak fo rezilta negatif, kidonk li posib pou youn nan rezilta tès yo pa t kòrèk. Sa gen plis chans pou rive lè dyagnostik la fèt avèk tès rapid pou grip yo. Gen lòt enfòmasyon sou dyagnostik grip ki disponib nan http://www.cdc.gov/h1n1flu/diagnosis/.
Men kèk konsèy pou anpeche enfeksyon:
- Moun ki gen maladi a ta dwe pran tan pou yo refè nèt
- Yo sispèk si w rete lakay ou lwen travay oswa lekòl sa ka diminye lòt moun ekspoze nan maladi a.
- Lavaj men souvan diminye posiblite pou ekspoze ak re-ekspoze nan maladi kontajye
- Nou sijere pou itilize jèl jèmisid ki touye mikwòb sou kontak
- Itilizasyon dezenfektan espre fè sifas yo rete pwòp
Èske gen dokiman (yon biwo santral) ki prepare pou piblik la founisè swen medikal yo ka enprime nan entènèt pou distribiye ba pasyan yo? Wi. Ale sou sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) nan: http://www.cdc.gov/h1n1flu/flyers.htm pou plis enfòmasyon ak atik ou ka telechaje.
Fwod ak Abi ki asosye ak Vaksen kont grip H1N1 2009 Ou ka jwenn enfòmasyon pou pwogram iminizasyon leta/lokal konsènan chwa pou rapòte sèten fwod kriminèl ak zafè abi ki asosye ak vaksen kont grip H1N1 2009 ak sou pwodui oksilyè nan: http://www.cdc.gov/h1n1flu/vaccination/h1n1_fraud_abuse.htm
_______________________________________________Retoune anwo
»
Swen sante: Distribisyon ak Estokaj Vaksen
Kilè vaksen an ap disponib? Depatman Sante ansanm ak patnè sante piblik ak patnè medikal li yo te prepare pou kanpay vaksinasyon an mas kont grip H1N1, ki te kòmanse nan mitan mwa oktòb - epi k ap kontinye pandan tout sezon grip la, oswa jan sa nesesè Pami moun ki nan pi gwo risk pou enfeksyon oswa transmisyon grip kochon H1N1, genyen timoun ak jenn adilt, moun k ap pran swen timoun ki trè jenn, fanm asent, anplwaye ki nan sèvis swen medikal ak anplwaye ki nan sèvis medikal ijan, epitou moun ki soufri maladi kwonik tankou opresyon, dyabèt oswa maladi kè ak maladi poumon.
Kilè livrezon vaksen ap kòmanse? Livrezon vaksen te kòmanse 5 oktòb epi yo te kontinye antre nan eta a chak jou nan kantite limite. Yo prevwa kantite vaksen k ap ekspedye ap ogmante pita nan mwa sa a (novanm).
Kilè y ap pran desizyon pou bay vaksen an? Inisyativ vaksinasyon te kòmanse nan mitan mwa oktòb.
Konbyen fabrikan k ap fè vaksen? Administrasyon Federal pou Kontwòl Manje ak Medikaman te anonse apwobasyon kat vaksen kont viris grip H1N1 2009. Men gwoup ki fè vaksen yo: Sanofi Pasteur, Inc; Novartis Vaccines and Diagnostics Limited; MedImmune LLC; CSL Limited. Tout fabrikan vaksen kont H1N1 2009 itilize menm pwosesis ki itilize pou fè vaksen kont grip sezonye yo, ki gen yon bon repitasyon nan pwodiksyon bon kalite vaksen kont grip sezonye.
Kijan y ap achte vaksen an? Se gouvènman federal la ki te chèche jwenn ak achte vaksen kont H1N1 2009 epi li te mete l disponib pou bay vaksen an gratis. Al gade seksyon ki gen tit "Frè administrasyon Vaksen" pou enfòmasyon sou frè administrasyon an.
Kijan vaksen kont H1N1 2009 ap sikile ant fabrikan yo ak founisè swen yo? Gouvènman federal la ap afekte vaksen an nan eta yo dapre kantite moun ki nan popilasyon yo. Eta yo reponsab pou idantifye founisè swen k ap patisipe nan administrasyon vaksen kont H1N1 2009. Yo voye vaksen an ba founisè swen yo dapre yon pwosesis distribisyon santralize. Nan pwosesis sa a, se depatman sante leta/lokal ki fasilite klasman kòmann yo, epitou yo voye enfòmasyon sa yo ba CDC pou transfere yo ba distribitè a pou tretman. Akòz limit ki asosye ak kantite sant kote distribitè a ka ekspedye vaksen imedyatman, kèk zòn pwojè (gen ladan leta, teritwa, Chikago, DC, vil Nouyòk, ak Konte LA) ka devlope lòt mwayen pou distribiye vaksen an ba founisè k ap kominike ba founisè yo sou yon nivo lokal.
Kijan founisè yo ka jwenn vaksen an? Depatman sante piblik eta/lokal responsab pou voye kantite vaksen an ba founisè ki nan chak eta. Y ap detèmine ki founisè k ap resevwa vaksen an; epitou y ap afekte vaksen an pami founisè yo lè li vin disponib pou yo. Depatman sante piblik yo kontinye detèmine ki founisè ki enterese nan bay vaksen an. Founisè ki ta renmen kolabore ak depatman sante lokal yo ka anrejistre nan sistèm Florida SHOTS la nan www.flshots.com/ Founisè ki planifye pou bay mwens pase 100 dòz dwe kontakte depatman sante lokal konte pa yo pou jwenn konsèy Ou ka jwenn lòt enfòmasyon nan sit wèb FLSHOTS: https://www.flshots.com/ Founisè yo ka resevwa lòt enfòmasyon tou depi yo swa rele oswa imèl biwo sant asistans Florida SHOTS nan enfòmasyon kontak ki anba la a:
Orè Sant Asistans Florida SHOTS: Lendi - Vandredi, 8:00 AM - 5:00 PM Fizo Lès Telefòn: (877) 888-SHOT (7468) Faks: (850) 412-5801 Imèl: flshots@doh.state.fl.us
Èske y ap distribiye vaksen an egal-ego pami founisè yo? Depatman sante piblik yo ap fè efò pou asire distribisyon egal-ego, pou konsiedere ki gwoup sible diferan kalite founisè yo wè ak resous entèn founisè yo pou posib re-distirbisyon vaksen an. Dòz vaksen yo "afekte", oswa rezève, pou chak eta dapre kantite moun ki nan popilasyon yo. Se Depatman Sante nan chak eta ki dwe deside kijan pou distribiye dòz yo. Moun ki gen kontra avèk CDC pou distribisyon angwoup ap ekspedye vaksen yo nan lopital, klinik, klinik doktè, depatman sante, ak lòt founisè vaksen leta te deziyen kòm sant pou resevwa vaksen yo.
Kijan yo ta dwe estoke vaksen an? Yo ta dwe swiv avèk atansyon rekòmandasyon pou estoke ak manipile vaksen an ki endike nan etikèt pake pwodui a. Epitou w ap jwenn dènye enfòmasyon yo nan rekòmandasyon yo. Si w gen enkyetid konsènan vaksen an ki kapab pa estoke oswa manipile kòrèkteman, swiv règleman pwogram iminizasyon depatman sante leta epi kontakte swa biwo kontwòl kalite fabrikan an oswa pwogram iminizasyon pou jwenn konsèy. Vaksen H1N1 ap bezwen konsève a 2-8°C. Ou ka jwenn lòt enfòmasyon sou estokaj vaksen an nan: http://www.cdc.gov/h1n1flu/vaccination/dosage.htm
Èske yo mande lopital yo pou ede Depatman Sante Konte yo nan yon kanpay vaksinasyon piblik? Depatman Sante ankouraje Sèvis swen sante yo pou yo travay nan tèt ansanm avèk depatman konte zòn yo pou egzekite kanpay vaksen kont grip H1N1 nan fason ki pi byen satisfè bezwen kominote a.
Ki efò k ap fèt pou ajoute gwo kantite founisè premye swen yo pou ede nan swen, tretman ak posib vaksinasyon moun ki afekte nan Grip Kochon H1N1? Depatman sante konte yo ap kouwòdone kanpay vaksinasyon kont grip H1N1 epitou yo angaje founisè swen prive pou yo patisipe. Y ap travay tou avèk patnè swen sante yo pou kontwole maladi a nan kominote yo. Depatman Sante ap itilize yon apwòch ki gen plizyè aspè pou divilge enfòmasyon yo ba founisè swen sante yo pou asire yo konnen dènye konsèy sou grip ak estrateji H1N1 pou ede kontwole maladi a nan kominote yo.
Kisa nou konnen sou premye livrezon vaksen H1N1 yo nan Florid? Konte nan Florid yo te kòmanse resevwa livrezon vaksen nan semenn 5 oktòb. Premye livrezon an te genyen ladan espre nazal FluMist sèlman. Pandan semenn oktòb 12, Eta Florid te kòmanse resevwa vaksen yo sou fòm enjeksyon (piki). Kantite total vaksen kont H1N1 ki disponib pou Florid estime a 9.8 milyon dòz apati 2010 janvye.
Depi 18 janvye 2010, Eta Florid te resevwa estòk pou plis pase 7 milyon dòz vaksen leta kont H1N1. Y ap distribiye dòz yo nan depatman sante konte yo ak ba founisè swen prive yo toupatou nan eta a. Konte yo ap soumèt kòmann adisyonèl yo chak jou.
Espre nazal la gen ladan viris modere vivan epi li deziyen pou moun ansante ki gen laj ant 2 ak 49 ane ki pa ansent, epitou li konsène moun ansante k ap viv avèk oswa k ap pran swen moun ki nan gwoup a wo risk. Sèl eksepsyon ki genyen se moun ansante k ap pran swen moun ki gen yon sistèm iminitè ki fèb anpil. Li pa rekòmande pou tibebe anba laj 2 ane, adilt ki depase laj 49 ane, fanm ansent, oswa tout moun ki gen yon seri pwoblèm sante kache.
Lè plis vaksen kont H1N1 vin disponib,
-
Plis pase 4,800 founisè swen sante prive te enskri pou vin founisè vaksen kont H1N1 nan pwogram Shots Florid la. Founisè yo kapab enskri nan http://www.flshots.com.
- Konte yo ap kòmanse ofri klinik vaksinasyon piblik. Depatman Sante Eta Florid la gen yon paj wèb "Adrès Klinik pou Grip" nan http://www.myflusafety.com/myfluclinic.htm ki bay enfòmasyon sou klinik vaksen sante piblik sipòte nan chak konte, lè vaksen an vin disponib.
Ki minimòm kòmann dòz pou livrezon vaksen kont 2009 H1N1 Pou chak fòmil vaksen (ki idantifye dapre Kòd Nasyonal Medikaman) kòmann minimòm dòz la se 100 dòz epi yo dwe plase tout kòmann yo an ogmantasyon 100 dòz. Chak twous atik segondè genyen atik pou sipòte 100 dòz vaksen, avèk diferan twous ki disponib pou pwodui sereng ki ranpli davans ak pou pwodui fyòl plizyè dòz.
Èske ap genyen yon alokasyon apa pou DoD ki nan sèvis aktif? Wi, ap genyen yon alokasyon apa pou DoD ki nan sèvis aktif
Èske ap genyen yon alokasyon apa pou depandan, retrete ak anplwaye sivil DoD? Pa genyen alokasyon apa pou gwoup sa yo. Sèvis militè yo kapab vle vaksinen gwoup sa yo, men ap gen nesesite pou vaksen an afekte pou popilasyon sa yo ak kouwòdinasyon avèk leta.
Èske ap genyen yon alokasyon vaksen apa pou popilasyon ki jwenn sèvis IHS ak lòt kominote tribi yo? P ap genyen alokasyon apa. Eta yo ak zòn lokal yo dwe asire popilasyon ak lòt kominote tribi ki jwenn sèvis IHS ajoute nan plan vaksen leta yo.
Èske ou ka di mwen kichòy sou Vaksen Modere Aktif (afebli) - Espre Nazal/FluMist? Se yon vaksen ki fèt avèk viris aktif afebli ki pa lakòz grip la (pafwa li rele LAIV pou "vaksen modere aktif kont grip"). Yo apwouve LAIV pou itilize sou moun an sante ki gen laj ant 2 ane ak 49 ane ki pa ansent. Se MedImmune ki fè vaksen espre nazal pou itilize Ozetazini. MedImmune se menm konpayi ki fè vaksen espre nazal kont grip sezonye ki rele "FluMist." Vaksen espre nazal kont H1N1 2009 fèt manm jan ak vaksen espre nazal kont grip sezonye a.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Swen Sante: Frè pou Administrasyon Vaksen
Èske plan asirans yo ap ranbouse founisè prive yo pou administrasyon vaksen kont H1N1 2009? Sa depannde chak plan sante endividyèl, men tout moun ap tann pou plan yo ranbouse lajan pou administrasyon vaksen an. Dapre America's Health Insurance Plans, yon asosyasyon national ki reprezante prèske 1,300 konpayi ki ofri asirans sante pou plis pase 200 milyon Ameriken, "Chak ane plan sante yo patisipe nan kanpay vaksinasyon kont grip sezonye a nan plizyè fason.
a) Plan sante yo kominike dirèkteman avèk esponsò ak manm plan yo sou dènye rekòmandasyon ACIP epitou yo ankouraje iminizasyon an; yo bay enfòmasyon tou sou kote pou pran vaksen an, ak kimoun pou kontakte avèk nenpòt kesyon.
b) Menm jan plan yo ofri pwoteksyon apwofondi pou adminitrasyon vaksen kont grip sezon an lontan, planifikatè sante piblik yo ka sipoze plan sante yo ap ranbouse lajan pou administrasyon yon vaksen founisè sektè prive a ofri manm yo kont (A) H1N1 orijinal nan anviwònman tradisyonèl yo, pa egzanp, klinik doktè, klinik mobil, sant swen sante, ak anviwònman ki pa tradisyonèl, kote te gen kontra ki fèt avèk konpayi asirans yo.
Èske founisè prive yo ka fè pasyan yo peye pou ba yo vaksen an si yo pa gen asirans? Wi, founisè prive yo kapab reklame yon frè pou administrasyon vaksen an pou pasyan yo. Si yo ta dwe chwazi pou reklame yon frè administrasyon, frè a ka pa depase tarif peman rejyonal Medicare pou administrasyon vaksen kont grip sezonye. Si pasyan pa ka peye, founisè a ka chwazi pou administre vaksen kont H1N1 2009 gratis oswa pou yon frè ki ba. Yo ankouraje founisè yo pou asire frè a pa anpeche moun pran vaksen an.
Èske yo ka fè moun peye pou administrasyon vaksen an nan gwo klinik vaksinasyon sante piblik òganize yo? P ap gen frè pou administrasyon vaksen nan gwo klinik vaksinasyon sante piblik òganize yo.
Èske Medicaid ap ranbouse peman vaksen kont grip H1N1? Dapre règleman medikal ki la lontan, Medicaid pa responsab pou sèvis ki disponib san frè pou pasyan oswa pou twazyèm pati ki gen responsablite legal. Anjeneral, Medicaid gen obligasyon pou asire lòt twazyèm pati ki gen responsablite legal peye dabò pou Medicaid.
Pasyan mwen pa gen mwayen pou egzekite preskripsyon antiviral li. Ki kote li ka jwenn asistans? Eta Florid ap travay avèk diferan detayan toupatou nan eta a pou asire moun k ap viv nan Florid jwenn medikaman antiviral yo. Biwo Sèvis Famasetik Eta a te devlope yon Pwogram Rezèv Piblik Medikaman Antiviral pou asire founisè swen sante yo genyen yon resous pou rekòmande pasyan ki pa ka achte medikaman antiviral yo. Pasyan yo ka ale nan youn nan plizyè famasi patisipan yo toupatou nan eta a: Publix, Walgreen's, Winn Dixie ak Navarro.
Depatman Sante Konte yo ap gen estòk medikaman antiviral tou, kidonk moun k ap viv nan Florid ki bezwen li ka jwenn li.
Answit, amnpil founisè swen sante okouran pwogram asistans pou preskripsyon kominote a. Si w gen entènèt, ou ka itilize sit wèb Patenarya pou Ede ak Preskripsyon: http://www.pparx.org/prescription_assistance_programs/free_clinic_finder
Kimoun pou m kontakte si m kwè mwen peye twòp oswa mwen mal peye pou vaksen kont H1N1, medikaman antiviral ak lòt medikaman? Tanpri ale nan liy Enfòmasyon Repatisyon Pri Biwo Pwokirè Jeneral Florid nan (gratis): 1-866-966-7226. Pou plis enfòmasyon, ale sou entènèt nan: http://myfloridalegal.com/pages.nsf/0/308348F71208C29085256EED00604673?OpenDocument
Patnè oswa ajans leta ak lokal ka rapòte afè konsa dirèkteman depi yo voye yon imèl nan bwat-a-lèt CDC pou Fwod nan Vaksen kont H1N1: H1N1FraudAbuse@cdc.gov.
Imèl la ta dwe gen ladan enfòmasyon pou kontakte moun lan, ak deskripsyon detaye sitiyasyon an, ak lè li te rive. Men lòt sitiyasyon ki ka rapòte sou fwod nan H1N1:
- Gouvènman federal ofri vaksen kont grip H1N1 2009 (dòz vaksen kont grip H1N1) GRATIS pou founisè yo ak depatman sante yo. Yo pa ka fè pasyan yo peye pou vaksen an ak lòt pwodui, men, yo pa ka fè yo peye pou administrasyon vaksen an)
- Demann yon frè konplemantè pou pasyan an peye dirèkteman ki pi wo pase maksimòm frè rejyonal Medicare ki akseptab
- Lavant vaksen kont grip H1N1 oswa lòt pwodui gouvènman federal la pwokire
- Fè fo vaksen kont H1N1, falsifikasyon oswa manipilasyon vaksen an
- Vòl vaksen an
- Reklamasyon frè pou medikaman antiviral
- Lavant ak reklam ilegal nan sit wèb oswa nan entènèt, tankou reklamasyon pwodui ki gen fwod, fo pwodui, ak resonsablite enpisit ajans federal (tankou itilizasyon ilegal logo ajans gouvènman federal),
- Detounman, tankou sitiyasyon kote mete vaksen ki sou preskripsyon lejitim nan chenn ilegal, tankou mache nwa, vaksen yo achte oswa jwenn nan yon metòd ilegal tankou vòlè distribitè, oswa vaksen yo antre ankachèt Ozetazini.
- Lavant ilegal san preskripsyon ba moun ki pa otorize
_______________________________________________Retoune anwo
»
Swen Sante: Atik Segondè
Ki pwodui oksilyè y ap bay avèk vaksen an? Gouvènman federal ap achte vaksen ak atik yo (sereng, tanpon alkòl, bwat zegwi, ak kat dosye vaksen) pou distribiye yo gratis ba founisè swen medikal ki fè aranjman avèk otorite sante piblik leta ak lokal pou bay vaksen kont H1N1.
Kijan y ap distribiye atik oksilyè yo? Y ap ekspedye atik yo apa avèk vaksen an epitou yo prevwa y ap rive anvan oswa menm jou ak vaksen an.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Swen Sante: Administrasyon Vaksen
Ki de dòz vaksen ki obligatwa? FDA te apwouve ak sipòte done premye esè klinik yo:
-
Yon dòz vaksen kont 2009 H1N1 pou moun ki gen 10 ane ak plis (Sa diferan apèn avèk rekòmandasyon CDC pou vaksinasyon kont grip sezonye ki endike timoun ki poko gen laj 9 ane k ap vaksinen kont grip pou premye fwa bezwen pran de dòz.)
- De dòz vaksen kont grip H1N1 2009 pou timoun ki gen laj 3-9 ane
- Timoun ki gen ant 6 mwa ak 35 mwa ap pran de dòz vaksen kont H1N1 2009 ki gen yon mwatye dòz ki sèvi pou timoun ki pi aje ak adilt yo
**Tibebe ki poko gen 6 mwa twò jenn pou pran vaksen kont H1N1 2009 ak vaksen kon grip sezonye.
Ki entèval tan ki rekòmande ant premye ak dezyèm dòz la? FDA te apwouve epi etikèt pake vaksen an endike yon dezyèm dòz ta dwe administre apeprè yon mwa apre preye dòz la. CDC rekòmande pou pran dezyèm dòz vaksen kont H1N1 2009 nan 4 apre premye dòz la. Men, esè vaksen kont H1N1 2009 te itilize souvan nan yon entèval 21 jou. Administrasyon de dòz yon vaksen inaktif monovalan kont H1N1 2009 nan omwen 21 apa sennesòf ak akseptab. Kidonk, si dezyèm dòz yon vaksen monovalan kont H1N1 2009 separe avèk premye dòz a nan yon entèval 21 jou, dezyèm dòz la ka valab. Si entèval ki separe dòz yo mwens pase 21 jou, pasyan an ta dwe repran dezyèm dòz la nan 28 oswa plis jou apre (dezyèm) dòz ki pa valab la (≥ 21 jou akseptab pou entèval sa a tou).
Kijan y ap fè piblik la konnen si yon dezyèm dòz nesesè? P ap gen obligasyon federal pou voye avi rapèl. Divilgasyon enfòmasyon sou dezyèm dòz la nan moman premye dòz la ak itilizasyon medya pou bay mesaj sa a ap reprezante premye mwayen pou edike moun ki bezwen yon dezyèm dòz.
Èske l ap nesesè pou premye ak dezyèm dòz la se menm pwodui a? Anjeneral, premye ak dezyèm dòz la ta ka nan menm pwodui a. Men, konsiderasyon pratik ka fè sa difisil pou aplike. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) toleran sou pwoblèm sa a men li pito moun ki bezwen yon dezyèm dòz pran vaksen an avèk menm pwodui a, si sa posib. Alòske yo pa pito sa, administrasyon yon dòz kòm vaksen ki pa aktif ak yon lòt dòz kòm vaksen aktif akseptab.
Ki kote pasyan m yo, anplwaye m yo oswa mwen antan yon founisè swen sante ka vaksinen kont H1N1 lè vaksen an vin disponib? Chak konte te devlope plan pou òganize klinik vaksinasyon toupatou nan konte a. Ou ka jwenn yon lokalizatè Klinik Vaksen kont H1N1 nan http://www.myflusafety.com/myfluclinic.htm. CDC bay konsèy pou ofisyèl sante piblik yo konsènan ki gwoup moun ki nan pi wo risk pou trape viris grip kochon H1N1 epi kidonk ki ta dwe jwenn priyorite pou vaksinasyon bonè.
Apati 4 desanm 2009, konte yo gen otorizasyon pou ogmante estòk vaksen kont H1N1 pou plis pase senk gwoup priyoritè dapre disponibilite kantite vaksen an nan konte a. Konte yo te devlope plan ki pèmèt yo ogmante disponibilite vaksen pou lòt gwoup popilasyon an lè vaksen an pare, pou satisfè demann chak popilasyon apa. Chak konte inik nan popilasyon li, epi konsèy sa yo ap ede yo planifye pou ogmantasyon pou plis pase gwoup priyoritè ACIP yo lè gen plis vaksen ki rive.
Ki kote founisè yo ka enskri pou distribiye vaksen kont H1N1? Founisè Florid ki enterese bay vaksen kont grip H1N1 nan pwogram leta/lokal dwe ale sou sit wèb SHOTS Florid nan www.flshots.com pou yo enskri pou H1N1. Founisè ki fè plan pou bay mwens pase 100 ta dwe kontakte depatman sante konte lokal yo pou jwenn konsèy.
Ou ka jwenn lòt enfòmasyon nan sit wèb FLSHOTS: https://www.flshots.com/
Founisè yo ka resevwa lòt enfòmasyon tou depi yo swa rele oswa imèl biwo sant asistans Florida SHOTS nan enfòmasyon kontak ki anba la a: Orè Sant Asistans Florida SHOTS: Lendi - Vandredi, 8:00 AM - 5:00 PM Fizo Lès Telefòn: (877) 888-SHOT (7468) Faks: (850) 412-5801 Imèl: flshots@doh.state.fl.us
Ki Dire Apa Ou Ta Dwe Pran Vaksen kont Grip Sezonye ak Vaksen kont H1N1? Administrasyon anmenmtan vaksen inaktif kont viris grip sezonye ak viris grip H1N1 2009 akseptab si yo itilize diferan sant anatomik.
Men, administrasyon anmenmtan vaksen ki gen viris aktif modere kont grip sezonye ak grip H1N1 2009 pa rekòmande. Vaksen aktif modere kont grip sezonye ak grip H1N1 ta dwe administre omwen 4 semenn apa. Yo konsidere vaksen sa yo kòm 2 diferan vaksen. Yo te devlope rekòmandasyon ACIP dapre done etid ki te fèt avèk vaksen sou fòm enjeksyon (piki) ki gen viris vivan modere tankou vaksen kont lawoujòl, malmouton ak ribeyòl. Esè H1N1 2009 vaksen vivan modere te itilize yon entèval 28 jou ant dòz yo epi kidonk, 28 jou se entèval ki rekòmande ant 2 dòz LAIV (LAIV monovalan kont grip sezonye ak H1N1). Men, dapre etid ki te fèt anvan avèk repetisyon LAIV ak repons iminitè, egzakteman 14 jou (2 semenn) ta ka ase pou konsidere yon repons iminitè apwopriye nan toulède vaksen yo. Kidonk, yon entèval ant de kalite LAIV 2 semenn oswa plis kapab akseptab, menmsi yon entèval 28 jou ta pi bon.
Èske yo ka bay vaksen kont grip sezonye ak vaksen kont H1N1 anmenmtan? Vaksen kont grip sezonye ak vaksen kont H1N1 2009 disponib sou fòm fòmil viris grip inaktif ak fòmil vivan modere (LAIV). Pou kounye a, y ap etidye administrasyon vaksen inaktif kont grip sezonye anmenmtan ak separe ak vaksen inaktif kont grip H1N1 2009. Men, dapre rekòmandasyon ki egziste, yo ka administre de vaksen inaktif ka nenpòt kilè anvan, apre oswa nan menm vizit ak chak lòt (Rekòmandasyon Jeneral sou Iminizasyon, MMWR 2006; 55[RR-15]). Rekòmandasyon ki egziste endike yo kapab administre yon vaksen inaktif ak vaksen vivan nenpòt kilè anvan, apre oswa nan menm vizit ak chak lòt.
Poutèt sa, founisè yo ka bay vaksen inaktif kont grip sezonye ak grip H1N1 2009, vaksen inatik kont grip sezonye ak LAIV kont H1N1 2009, oswa LAIV kont grip sezonye ak vaksen inaktif kont H1N1 2009 nan menm viizt la, oswa nenpòt lè anvan ak apre chak lòt. Vaksen vivan modere kont grip sezonye ak vaksen vivan modere kont 2009 H1N1 PA administre nan menm vizit la jouk lè yo fè lòt etid. Si yon moun kalifye epi li pito fòmil LAIV vaksen kont grip sezonye ak grip H1N1 2009, moun lan ta dwe pran vaksen sa yo nan yon entèval kat semenn.
Kilè rès popilasyon an ap ka vaksinen avèk vaksen kont H1N1? Chak konte te devlope plan pou òganize klinik vaksinasyon toupatou nan konte a. Ou ka jwenn yon lokalizatè Klinik Vaksen kont H1N1 nan http://www.myflusafety.com/myfluclinic.htm. CDC bay konsèy pou ofisyèl sante piblik yo konsènan ki gwoup moun ki nan pi wo risk pou trape viris grip kochon H1N1 epi kidonk ki ta dwe jwenn priyorite pou vaksinasyon bonè.
Apati 4 desanm 2009, konte yo gen otorizasyon pou ogmante estòk vaksen kont H1N1 pou plis pase senk gwoup priyoritè dapre disponibilite kantite vaksen an nan konte a. Konte yo te devlope plan ki pèmèt yo ogmante disponibilite vaksen pou lòt gwoup popilasyon an lè vaksen an pare, pou satisfè demann chak popilasyon apa. Chak konte inik nan popilasyon li, epi konsèy sa yo ap ede planifte pou ogmantasyon pou plis pase gwoup priyoritè ACIP yo lè gen plis vaksen ki rive.
Èske ap gen ase vaksen disponib? Florid resevwa vaksen chak semenn, paske se patnè federal nou yo ki fè ak distirbiye vaksen an. Yo prevwa Eta Florid ap kontinye resevwa dòz vaksen kont H1N1 jiska janvye 2010. Nou pa prevwa ap genyen mank vaksen kont H1N1. Depi demann pou vaksen pou tout gwoup priyoritè yo satisfè nan nivo lokal, pwogram yo ak founisè yo ap kòmanse ofri vaksinasyon pou tout moun ki gen laj ant 25 ak 64 ki mande li. Paske yo prevwa pral genyen plis vaksen ki disponib apre yon peryòd tan, yo PA ta dwe kite vaksen an nan rezèv pou pasyan ki te pran yon dòz epi ki ta ka bezen yon dezyèm dòz.
Konbyen vaksen san Timewozal k ap disponib? Yo prevwa ase vaksen timewozal gratis nan sereng touranpli ap disponib pou jenn timoun ak fanm ansent yo.
Èske y ap estimile vaksen an? Dapre dènye plan federal, y ap itilize sèlman vaksen ki pa estimile Ozetazini pandan sezon grip 2009 la. Sa gen ladan tout vaksen kont H1N1 ak vaksen kont grip sezonye k ap disponib pou timoun ak adilt an fòmil piki ak espre nazal. Okenn nan vaksen sa yo y ap bay kont grip Ozetazini pandan sezon 2009-10 p ap gen aditif. Depatman Sante Eta Florid genyen yon nouvo bilten enfòmasyon tou sou sekirite vaksen ki disponib nan seksyon Atansyon ak moun ak fanmi sou sit wèb nou www.myflusafety.com. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale nan paj Lejann ak Reyalite flu.gov nan http://www.flu.gov/myths/index.html oswa nan paj CDC pou Vaksen kont H1N1 nan http://www.cdc.gov/h1n1flu/vaccination/
Pou kimoun y ap rekòmande vaksen kont H1N1 orijinal? Lè vaksen an disponib dabò, Komite Konsiltatif CDC pou Pratik Iminizasyon (ACIP) te rekòmanse vaksen kont H1N1 2009 pou 5 gwoup sible (apeprè 159 milyon moun nan peyi a):
-
Fanm ansent
- Moun ki nan kay ak timoun ki poko gen 6 mwa oswa moun k ap pran swen yo (pa egzanp paran, sè/frè, ak founisè gadri)
- Anplwaye sèvis swen sante ak sèvis medikal ijan
- Moun ki gen laj ant 6 mwa ak 24 ane
- Moun ki gen laj ant 25 ak 64 ane ki gen eta sante ki asosye avèk yon pi gwo risk pou konplikasyon avèk grip la
Depi founisè yo satisfè demann pou vaksen an pami moun ki nan premye gwoup sible sa yo, vaksinasyon an rekòmande pou tout moun ki gen laj ant 25 ak 64 ane. Dènye etid yo endike risk pou enfeksyon pami moun ki gen laj 65 ane oswa plis pi piti pase risk pou pi piti gwoup laj yo. Men, depi yo satisfè demann vaksen pou pi jenn gwoup yo, pwogram ak founisè yo ta dwe ofri li pou moun 65 ane oswa plis.
Èske p ap gen ase nan vaksen an? Non, men, disponiblite vaksen kont grip la ka pa prediktib. Li difisil pou prevwa kantite vaksen k ap disponib nan yon sèten tan epitou kantite pwojeksyon yo ap chanje chak semenn. Anpil milyon dòz vaksen an ap vini epitou otorite sante piblik federal, leta ak lokal ap travay di pou distribiye vaksen an pou piblik la imedyatman li vin disponib pou kòmann. Depi 2010 janvye, apeprè 139 milyon dòz vaksen te disponib pou eta yo fè kòmann, mwens pase sa ki nesesè pou vaksinen popilasyon total Etazini. Dapre sitiyasyon sa a, eta yo ap fè efò pou vaksinasyon sible ki konsidere fason grip H1N1 2009 gaye nan zòn yo.
Sitiyasyon vaksen an chanje rapidman chak jou, y ap ekspedye vaksen an ant fabrikan vaksen an ak sant distribisyon yo; kòmann yo vini; yo travay sou kòmann yo epi yo ekspedye yo; epitou vaksen an rive nan anpil milye kote toupatou nan peyi a. Li enpòtan pou sonje genyen tan reta ant lè eta yo plase kòmann yo, lè yo ekspedye vaksen yo, ak lè vaksen an rive nan biwo oswa klinik founisè yo
Èske moun ki gen plis pase 65 ane ap ka vaksinen? Wi. Gouvènman Etazini te achte 250 milyon dòz vaksen kont H1N1, kidonk nenpòt moun ki vle pran vaksen an ap jwenn opòtinite pou fè sa. Alòske moun ki gen laj 65 ane pa nan gwoup yo rekòmande pou pran premye dòz vaksen an, yo ka pran vaksen kont grip H1N1 imedyatman gwoup ki nan gwo risk yo te jwenn opòtinite pou vaksinen. Kèk kominote ak founisè ap ofri vaksen kont H1N1 pou moun ki gen laj 65 ane ak plis pi bonè pase lòt yo, selon rapidite yo satisfè bezwen popilasyon ki nan premye gwoup priyoritè yo. Alòske yo bay premye dòz vaksen kont H1N1 pou moun ki nan gwo risk yo, priyorite Sant pou Prevansyon ak Kontwòl Maladi (CDC) pou moun ki gen laj 65 ane ak plis se pou fè yo pran vaksen kont grip sezonye yo dabò, epitou pou yo chèche konsèy medikal byen vit si yo ta devlope sentòm grip la pou sezon sa a. Sa ap detèmine si yo bezwen evalyasyon medikal ak tretman posib avèk medikaman antiviral.
Èske ap gen egzijans pou gwoup priyoritè yo montre dokiman manm yo? P ap gen egzijans federal pou vaksinatè yo egzije dokiman sitiyasyon gwoup priyoritè tankou nòt yon doktè ki endike sitiyasyon gwosès oswa risk.
Kisa yon aditif ye? Se engredyan ki nan vaksen yo souvan ki ede estimile puisans yo. P ap gen aditif nan okenn nan vaksen kont grip y ap itilize Ozetazini pandan sezon 2009-10.
Èske vaksen an genyen Timewozal? Yo fè vaksen kont grip H1N1 2009 an plizyè fòmil: Divès fabrikan vaksen pwodui vaksen kont grip H1N1 2009 an inite yon dòz, ki p ap bezwen itilizasyon timewozal kòm yon ajan konsèvasyon. Timewozal se yon pwodui konsèvasyon abaz mèki ki itilize nan kèk vaksen kont grip pou anpeche mikwo-òganis kontamine yo. Answit, vèsyon aktif modere vaksen an, ki administre nan nen, pwodui an inite yon dòz epi li p ap gen timewozal. Kèk vaksen ap vini an fyòl plizyè dòz epi y ap gen timewozal kòm yon ajan pwoteksyon. Al gade sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC), http://www.cdc.gov/h1n1flu/vaccination/thimerosal_qa.htm, pou plis enfòmasyon.
Èske timewozal efikas lè yo itilize li pou konsève vaksen yo? Wi. Nou okouran enkyetid kèk moun genyen konsènan timewozal nan vaksen. Men, pifò rechèch ki fèt Ozetazini ak lòt kote sou latè pa sipòte yon asosyasyon ant timewozal nan vaksen ak otis. Institute of Medicine ak Òganizsyon Mondyal Sante, pami lòt enstitisyon medikal ki gen otorite ak enstitisyon syantifik konfime prèv syantifik pa montre asosyasyon ant vaksen (avèk oswa timewozal) ak otis. Men, depi 2001, okenn vaksen FDA lisansye pou itilizasyon sou timoun pa gen timewozal kòm ajan pwoteksyon. Tout vaksen Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) rekòmande regilyèman pou timoun ki poko gen laj sizan pa gen timewozal, oswa genyen sèlman kantite tras, sof pou kèk fòmil vaksen kont grip la. Tout fòmil fyòl plizyè dòz yo gen timewozal. Tanpri galde lyen ki anba la a pou jwenn lòt enfòmasyon: http://www.cdc.gov/h1n1flu/vaccination/thimerosal_qa.htm
Ki kèk apwòch posib yon klinik ta ka pran pou administre vaksen kont H1N1? Pami chwa yo genyen òganizasyon klinik espesyal, entwodiksyon vaksinasyon kont H1N1 nan swen regilye, òf iminizasyon san randevou, oswa kouwòdinasyon avèk klinik lokal sante piblik si yo pa ka administre vaksen kont H1N1 poukont yo. Nan detèmine pi bon chwa, chak klinik ta dwe konsidere plizyè faktè, avèk tou disponiblite vaksen an, resous pratik ak demann pasyan yo.
Si pasyan mwen yo pa pran vaksen an nan klinik mwen, kijan enfòmasyon sa yo ap disponib pou anrejistre dosye medikal pèmanan pasyan yo? Moun ki pran vaksen kont H1N1 ap resevwa yon kat pòtatif pou sèvi kòm yon dosye vaksinasyon ak yon sous enfòmasyon si yon rapò ta nesesè pou voye nan Sistèm Rapòtaj Efè Segondè Vaksen (VAERS). N ap ankouraje moun ki pran vaksen an pou yo pote kat pòtatif yo nan pwochen vizit yo nan klinik founisè swen primè yo pou yo ka transkri enfòmasyon sou vaksinasyon an nan dosye medikal pèmanan pasyan yo.
Èske yo ka administre vaksen kont H1N1 nan menm vizit ak lòt vaksen yo? Yo kapab administre vaksen inaktif kont H1N1 nan menm vizit ak nenpòt lòt vaksen, avèk tou vaksen kont polisakarid nemokoksik. Yo kapab administre vaksen vivan kont H1N1 nan menm vizit ak nenpòt lòt vaksen vivan oswa inaktif SOF vaksen vivan modere kont grip sezonye a. Si yon moun kalifye epi li pito fòmil LAIV vaksen kont grip sezonye ak grip H1N1, yo ta dwe bay vaksen sa yo apa nan yon entèval kat semenn. Anjeneral:
- Yo ka bay vaksen aktif kont viris la (pa egzanp MMR, varisèl, LAIV) nan menm vizit la, men si se pa sa, yo ta dwe bay li omwen kat semenn apa. Eksepsyon an se vaksen vivan modere kont viris grip sezonye ak viris grip H1N1, ki pa ta dwe administre anmenmtan.
- Yo ka bay vaksen inaktif la ak vaksen aktif la nenpòt lè anvan, apre oswa nan menm vizit youn ak lòt.
- Yo ka bay de vaksen inaktif nenpòt lè anvan, apre, oswa nan menm vizit la youn ak lòt.
Èske vaksen an ap nan fyòl plizyè dòz? Pifò vaksen yo ap nan fyòl plizyè dòz, rès la nan sereng oswa espre nazal yon sèl dòz. Objektif la se pou gen ase vaksen nan sereng yon sèl dòz (sètadi san ajan pwoteksyon) pou jenn timoun ak fanm ansent.
Ki enfòmasyon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi k ap disponib pou itilize nan klinik yo pou ede eksplike nesesite pou pran vaksen kont grip sezonye ak grip H1N1? Divès kalite dokiman disponib nan sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) pou H1N1 nan http://www.cdc.gov/h1n1flu/vaccination/. Answit, yon Deskripsyon Enfòmasyon sou Vaksen (VIS) ki espesifik pou H1N1 ap disponib k ap ede eksplike vaksen an pou pasyan yo.
Èske y ap rekòmande vaksen kont H1N1 pou pasyan ki te gen maladi grip la depi sezon prentan 2009? Tout moun ki nan yon gwoup sible ki rekòmande pou vaksinasyon ki pa t gen enfeksyon viris H1N1 2009 konfime dapre vrè reyaksyon an chenn polimeraz transkripsyon envès (RT-PCR) ta dwe vaksinen avèk vaksen H1N1 2009. Moun ki te gen yon maladi ki konfime dapre rRT-PCR nan viris H1N1 2009 bonè an 2009 ka konsidere kòm moun ki iminize epi yo pa bezwen vaksinen ane sa a. Men, pifò moun ki genyen maladi respiratwa depi sezon prentan pa t fè tès avèk tès rRT-PCR, ki se sèl tès ki ka konfime enfeksyon sitou avèk viris H1N1 2009. Tès tankou esè pou deteksyon rapid antijèn, ak dyagnostik ki baze sou sentòm poukont yo san tès RT-PCR, pa ka sitou detèmine si yon moun gen grip H1N1 2009. Menmsi moun ki pa t fè tès la, men ki te vin malad nan 1-4 jou apre kontak sere avèk yon moun ki ki gen grip H1N1 2009 ki konfime nan laboratwa ta ka enfekte avèk H1N1 2009, yo pa ka sèten paske anpil patojèn kapab lakòz maladi respiratwa. Moun sa yo ta dwe pran vaksen kont H1N1 2009 jan sa rekòmande pou laj yo ak gwoup ki nan risk yo.
Yon moun ki te enfekte avèk viris H1N1 2009 epi ki pa gen yon sistèm imitè ki trè frajil ap gen chans pou gen iminite nan enfeksyon ki vin apre avèk viris H1N1 2009. Men, vaksinasyon yon moun ki gen iminite nan viris H1N1 2009 p ap nuizib epi pasyan ki pa sèten konsènan kijan yo te dyagnostike ta dwe pran vaksen kont H1N1 2009. Answit, moun yo rekòmande pou vaksen sezonye ta dwe pran yon vaksen sezonye paske enfeksyon avèk viris H1N1 2009 pa ofri pwoteksyon kont viris grip sezonye a.
Èske yon moun ki te gen yon maladi grip ant mwa avril ak kounye a ta dwe pran vaksen kont grip H1N1 2009? Èske mwen dwe teste si m bezwen oswa si m pa bezwen vaksen? Pa gen tès ki ka montre si yon moun te gen grip H1N1 2009 lontan epi kidonk, si yon vaksinasyon te endike oswa pa t endike. Anpil enfeksyon diferan, tankou grip, ka lakòz sentòm grip tankou tous, gòj fèmal ak lafyèv. Answit, enfeksyon avèk yon souch viris grip la p ap ofri pwoteksyon kont lòt souch yo. Moun yo rekòmande pou pran vaksen an ta dwe pran vaksen kont H1N1 2009, menmsi yo te gen yon maladi grip anvan, sof si yo ka sèten yo te gen grip H1N1 2009 dapre yon tès laboratwa (ki fèt nan moman maladi a) ki ka sitou detekte viris H1N1 2009. CDC rekòmande moun ki te fè tès pou grip H1N1 2009 pou yo diskite sou pwoblèm sa a avèk yon founisè swen sante pou wè si tès yo te fè a te swa yon RT-PCR oswa yon kilti viral ki te montre yo gen H1N1 2009. Pa gen pwoblèm pou vaksinen si ou te gen grip H1N1 2009 anvan.
Ki vaksen kont H1N1 orijinal yo apwouve ak prevwa k ap disponib? Administrasyon pou Kontwòl Manje ak Medikaman (FDA) Etazini te apwouve sipleman yo pou lisans vaksen ki egziste pou pwoteje kont viris grip pandemik H1N1) 2009. Vaksen monovalan kont Grip A H1N1) 2009 gen yon viris ki tankou /California/7/09 (al gade enfòmasyon sou apwobasyon Vaksen Monovalan kont Grip A (H1N1)2009). FDA te bay lisans pou kat vaksen. Tout vaksen ki jwenn lisans pou itilize Ozetazini pa gen sipleman.
- Vaksen medi-imize aktif, Entranazal kont grip A (H1N1) 2009
- Vaksen aktif modere pou moun ki gen 2-49 ane
- Pa ta dwe administre pou moun ki gen opresyon, timoun <5 ane ki gen souf anlè souvan, nenpòt timoun <24 mwa, oswa timoun ak adolesan ki sou terapi aspirin anmenmtan.
- Pa itilize sou moun ki gen sistèm imitè frajil, fanm ansent, ak moun ki gen eta sante kache ki endike davans yo ka gen konplikasyon nan enfeksyon grip la
- Espre nazal ki deja gen yon sèl dòz ki gen sispensyon 0.2 mL; san pwoteksyon
- Vaksen Monovalan Sanofi Pasteur kont Grip Flu A(H1N1) 2009
- Vaksen inaktif kont viris la pou moun 6 mwa ak plis, yo bay sou fòm piki nan miskilati
- Sereng touranpli, 0.25 mL; san pwoteksyon
- Sereng touranpli, 0.5 mL; san pwoteksyon
- Fyòl yon sèl dòz, 0.5 mL; san pwoteksyon
- Fyòl plizyè dòz, 5 mL; gen pwoteksyon timewozal
- Vaksen Monovalan Novartis kont grip A(H1N1) 2009
- Vaksen inaktif kont viris la pou moun 4 ane ak plis, yo bay sou fòm piki nan miskilati
- Sereng touranpli, 0.5 mL; pwoteksyon timewozal trase (<1 mcg Hg/ dòz 0.5mL)
- Fyòl plizyè dòz, 5 mL; gen pwoteksyon timewozal
- Vaksen Monovalan CSL kont grip A(H1N1) 2009
- Vaksen inaktif kont viris la pou moun 18 ane ak plis, yo bay sou fòm piki nan miskilati
- Sereng touranpli, 0.5 mL; san pwoteksyon
- Fyòl plizyè dòz, 5 mL; gen pwoteksyon timewozal
- GlaxoSmithKline (GSK) - FDA poko apwouve vaksen li
Èske gen kèk moun ki pa ta dwe pran vaksen sa a kont (H1N1)? Nenpòt moun ki fè yon alèji grav (ki menase lavi) ak ze oswa nan nenpòt lòt sibstans nan vaksen an pa ta dwe vaksinen. Moun ta dwe toujou fè founisè iminizasyon yo konnen si yo gen nenpòt alèji grav, si yo te janm gen yon reyaksyon alèjik apre vaksen kont grip la, oswa si yo te janm gen Sendwòm Guillain-Barré (GBS).
Founisè vaksen yo ta dwe revize chak etikèt pake vaksen espesifik pou kont-endikasyon ak avètisman/prekosyon ki endike ladan yo, paske fòmil yo ka diferan selon fabrikan an. Answit, vaksen vivan modere kont viris la deziyen sèlman pou moun ki gen laj 2-49 ane ki ansante epi ki pa ansent.
Pami sibstans komen ki nan vaksen yo, genyen: Antibyotik, fòmaldeyid, glitamat sodyòm (MSG) ak fenoksi-etanòl ak timewozal. Founisè swen sante yo ta dwe konnen alèji pasyan yo anvan vaksinasyon an.
Dokiman Referans: Sa Ou Ta Dwe konnen Sou Vaksen Yo:
http://www.cdc.gov/vaccines/vac-gen/additives.htm
Engredyan vaksen ki klase selon vaksen:
http://www.cdc.gov/vaccines/pubs/pinkbook/downloads/appendices/B/excipient-table-2.pdf
Ki entèval tan ki rekòmande ant premye ak dezyèm dòz la pou timoun ki poko gen 10 ane? Etikèt pake pou vaksen FDA apwouve yo endike ou ta dwe pran dezyèm dòz la nan apeprè 1 mwa apre premye a. CDC rekòmande pou pran dezyèm dòz vaksen monovalan kont H1N1 2009 nan 4 apre premye dòz la. Men, si dezyèm dòz la separe avèk premye dòz la nan omwen yon entèval 21 jou, dezyèm dòz la kka konsidere kòm yon dòz ki valab. Si entèval ki separe dòz yo mwens pase 21 jou, pasyan an ta dwe repran dezyèm dòz la nan kat semenn apre li te fin pran premye dòz la.
Ki kont-endikasyon ak prekosyon ki genyen nan bay vaksen kont H1N1 2009? Gade etikèt vaksen an pou enfòmasyon espesifik ki konsène chak vaksen. Answit, kont-endikasyon ak prekosyon ki endike anwo a ki espesifik pou vaksen viris vivan, si pasyan an te genyen sendwòm Guillain-Barré nan 6 semenn ki vini apre premye vaksen kont grip la, deziysyon pou bay vaksen a ta dwe baze sou konsiderasyon pridan benefis ak risk posib yo. Moun ki gen sistèm iminitè frajil ki pran vaksen inaktif la (pa ta dwe pran vaksen aktif la), ka gen yon reyaksyon iminitè redui. Kont-endikasyon yo genyen ipè-sansiblite grav nan pwoteyin ze oswa nenpòt eleman vaksen an, ak/oswa reyaksyon ki menase lavi apre premye administrasyon nenpòt vaksen kont grip. Lè yo mande yon moun si li ka manje ze san efè segondè, se yon fason rezon pou detèmine kimoun ki ta ka nan risk pou reyaksyon alèjik nan pran vaksen kont grip. Moun ki te gen sentòm tankou itikè oswa anfleman lèv oswa lang, oswa ki te gen twoub respiratwa grav apre yo fin manje ze, ta dwe kontakte yon doktè pou fè evalyasyon apwopriye pou ede yo detèmine si yo ta dwe pran vaksen kont grip la. Moun ki te ipè-sansiblite medye (IgE) nan ze ki endike nan dokiman, tankou moun ki te gen yon opresyon akòz aktivite travay ki asosye ak ekspozisyon nan ze oswa nan lòt reyaksyon alèjik nan pwoteyin ze, ta kapab nan gwo risk tou pou reyaksyon alèjik nan vaksen kont grip, epi yo ta dwe anvizaje wè yon doktè anvan yo pran vaksen an. Yo te devlope yon rejim pou administre vaksen kont grip pou timoun asmatik ki gen maladi grav ak ipè-sansiblite nan ze.
Èske ou ka di mwen plis bagay sou retrè vaksen pedyatrik Sanofi Pasteur ki tou-ranpli nan sereng yo?
- Nan dat 15 desanm epi ankò 29 janvye, yo te rantre sèten lo, men pa akòz pwoblèm pirite, efikasite oswa sekirite.
- Yo te retire lo yo akòz efò kontwòl pòs-pwodiksyon ki te jwenn gwoup (oswa lo) vaksen yo chwazi ki pa t satisfè espesifikasyon fabrikasyon an.
- Sèl dòz ki afekte se vaksen fabrikan Sanofi Pasteur an .25mL ki touranpli pou timoun ak yon lo vaksen yon sèl dòz 0.5 sereng ki touranpli pou pi gran timoun ak adilt.
- Eta Florid te resevwa 40,000 dòz vaksen ki retire.
- Moun ki te pran vaksen nan lo vaksen ki deziyen yo pa bezwen re-vaksinen - se yon vaksen ki efikas. Kidonk, moun ki te pran vaksen nan lo vaksen ki idantifye yo ap resevwa notifikasyon pou sa.
- Si yon timoun te pran premye dòz vaksen kont H1N1, li ta dwe pran 2yèm dòz la selon enstwiksyon.
- Fabrikan an (Sanofi Pasteur) pral kontakte founisè yo pou bay yo enstwiksyon pou yo retounen ba li nenpòt vaksen yo pa itilize nan lo ki anba la yo:
- 0.25 mL sereng tou-ranpli, 10 pake (NDC # 49281-650-25, pafwa ki kòde kòm 49281-0650-25): UT023DA, UT028DA, UT028CB
- 0.25 mL sereng tou-ranpli, 25 pake (NDC # 49281-650-70, pafwa ki kòde kòm 49281-0650-70): UT030CA
- Founisè yo dwe fè kòmann dapre pwosedi ki la pou sa [itilizasyon FLSHOTS http://www.flshots.com/ ] pou ranplase dòz yo retire yo. Lè w ap refè kòmann, y ap ba ou pwodui oksilyè yo gratis.
- Pou kounye a, nou pa prevwa okenn frè pou founisè swen sante yo peye. Lè vin genyen plis enfòmasyon, n ap divilge yo touswit ba kominote swen sante a.
- Akòz enkyetid piblik la genyen kont vaksen H1N1, fabrikan an te panse li oblije divilge enfòmasyon sa yo menmsi enfòmasyon yo pa genyen konsekans pou sekirtie vaksen an.
- Pou plis enfòmasyon ak kesyon yo poze souvan tanpri al gade:
Èske ou ka di mwen plis sou retrè vaksen espre nazal MedImmune kont H1N1?
- Nan dat 23 desanm, yo te retire sèten lo vaksen espre nazal MedImmune, men pa akòz pwoblèm pirite, puisans, oswa sekirite.
- Yo te retire lo yo akòz efò kontwòl pòs-pwodiksyon ki te jwenn gwoup (oswa lo) vaksen yo chwazi ki pa t satisfè espesifikasyon fabrikasyon an.
- Eta Florid te resevwa 297,650 dòz vaksen ki retire.
- Moun ki te pran vaksen nan lo vaksen ki deziyen yo pa bezwen re-vaksinen - se yon vaksen ki efikas. Kidonk, moun ki te pran vaksen nan lo vaksen ki idantifye yo ap resevwa notifikasyon pou sa.
- Si yon timoun te pran premye dòz vaksen kont H1N1, li ta dwe pran 2yèm dòz la selon enstwiksyon.
- Fabrikan an (MedImmune) pral kontakte founisè yo pou bay yo enstwiksyon pou bay yo enstwiksyon pou yo retounen ba li nenpòt vaksen yo pa itilize nan lo ki anba la yo:
500754P
500751P
500756P
500757P
500758P
500759P
500760P
500761P
500762P
500763P
500764P
500765P
500776P
- Founisè yo dwe fè kòmann dapre pwosedi ki la pou sa [itilizasyon FLSHOTS http://www.flshots.com/ ] pou ranplase dòz yo retire yo. Lè w ap refè kòmann, y ap ba ou pwodui oksilyè yo gratis.
- Pou kounye a, nou pa prevwa okenn frè pou founisè swen sante yo peye. Lè vin genyen plis enfòmasyon, n ap divilge yo touswit ba kominote swen sante a.
- Akòz enkyetid piblik la genyen kont vaksen H1N1, fabrikan an te panse li oblije divilge enfòmasyon sa yo menmsi enfòmasyon yo pa genyen konsekans pou sekirtie vaksen an.
- Pou plis enfòmasyon ak kesyon yo poze souvan tanpri al gade http://www.cdc.gov/h1n1flu/vaccination/syringes_qa.htm
_______________________________________________Retoune anwo
»
Swen Sante: Medikaman Antiviral
Ki benefis tretman medikaman antiviral kont grip la? Pifò moun k ap viv nan Florid ki mouri te gen faktè risk pou rezilta negatif nan grip la. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ak Depatman Sante Eta Florid rekòmande tretman bonè avèk oseltamivir oswa zanamivir pou moun ki gen enfeksyon yo konfime, ki posib, oswa ki sispèk avèk viris H1N1 2009 ki malad ase pou entène lopital oswa ki gen faktè risk pou rezilta grav, avèk gwosès tou. Pou tretman an, ou ta dwe kòmanse pran medikaman antiiviral nan 2 jou apre ou vin malad. Lè yo pran yo fason sa a, medikaman sa yo ka diminye gravite sentòm grip la ak diminye tan ou malad la a 1 oswa 2 jou.
Èske yon moun ka pran medikaman antiviral menm si moun la pa teste pou grip la oswa si yon tès grip pa endike moun lan gen grip? Wi. Pou chak pasyan apa, tès grip la pa nesesè pou yo preskri yo medikaman antiviral yo. Tès la fèt dapre rekòmandasyon founisè swen sante a.
Èske moun ki pa nan yon gwoup-a-wo-risk ka pran medikaman antiviral? Wi, men anjeneral sa pa nesesè. Konsilte doktè ou si ou malad oswa si ou te ekspoze nan grip la pou detèmine si ou ta dwe pran medikaman antiviral.
Èske fanm ansent ka pran medikaman antiviral kont grip? CDC te fè rekòmandasyon pwovizwa dènyèman pou founisè swen sante obstetrik ki gen pou wè ak itilizasyon medikaman antiviral; ou ka jwenn enfòmasyon sa yo nan http://www.cdc.gov/h1n1flu/pregnancy/antiviral_messages.htm
Ki rekòmandasyon fè CDC pou tretman antiviral? Menm jan ak rekòmandasyon antiviral anvan yo, priyorite pou itilize medikaman antiviral pou sezon sa a ap kontinye pou moun ki gen maladi pi grav tankou moun ki entène lopital avèk grip la, ak moun ki gen gwo konplikasyon ki asosye ak grip la. Yo te fè mizajou nan rekòmandasyon yo pou bay plis eklèsisman sou plizyè pwoblèm, avèk tou ogmantasyon risk pou konplikasyon sou jenn timoun, sitou timoun ki poko gen laj 2 ane.
Enfòmasyon tounèf nan dènye konsèy yo bay 22 septanm 2009 gen ladan:
-
Lòt kontèks ak konsèy pou klinisyen konsènan risk pou konplikasyon ak konsiderasyon tretman pou jenn moun ak trè jenn timoun.
- Enfòmasyon konsènan administrasyon dòz oral ki nan Tamiflu® pou pake Dòz Oral ak enstwiksyon pou asire inite mezi sou enstwiksyon pou preskripsyon ale ak dispozitif dozaj la ajoute tou.
- Plis enfòmasyon sou posib kondisyon sikolojik kache ki ka asosye avèk twoub newo-miskilè ak newo-koyitif ki ta ka lakòz ogmantasyon risk pou konplikasyon avèk grip la sou moun ki gen kalite twoub sa yo.
Dènye rekòmandasyon yo ap kontinye ekilibre ant bay klinisyen yo enfòmasyon yo ak konsèy ki nesesè pou rive nan gwo risk sa yo avèk tretman apwopriye, pou diminye chans rezistans antiviral nan chimyo-pwofilaksi ki pa apwopriye oswa ki pa nesesè; epoutan pou toujou rekonèt enpòtans jijman klinik nan desizyon pou fè tretman ak chimyo-pwofilaksi. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale nan sit wèb CDC sou sijè sa a nan: http://www.cdc.gov/h1n1flu/antiviral.htm
Pasyan mwen pa gen mwayen pou egzekite preskripsyon antiviral li. Ki kote li ka jwenn asistans? Eta Florid ap travay avèk diferan detayan toupatou nan eta a pou asire moun k ap viv nan Florid jwenn medikaman antiviral yo. Biwo Sèvis Famasetik Eta a te devlope yon Pwogram Rezèv Piblik Medikaman Antiviral pou asire founisè swen sante yo genyen yon resous pou rekòmande pasyan ki pa ka achte medikaman antiviral yo. Pasyan yo ka ale nan youn nan plizyè famasi patisipan yo toupatou nan eta a: Publix, Walgreen's, Winn Dixie ak Navarro.
Depatman Sante Konte yo ap genyen rezèv medikaman antiviral tou, kidonk moun k ap viv nan Florid ki bezwen li ka jwenn li.
Answit, amnpil founisè swen sante okouran pwogram asistans pou preskripsyon kominote a. Si w gen entènèt, ou ka itilize sit wèb Patenarya pou Ede ak Preskripsyon: http://www.pparx.org/prescription_assistance_programs/free_clinic_finder pou jwenn enfòmasyon sou èd ak preskripsyon ki toupre w.
Ki dòz ki genyen nan medikaman antiviral yo? Ale sou sit wèb Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi nan: http://www.cdc.gov/h1n1flu/recommendations.htm#table1 pou enfòmasyon sa yo.
Èske klinisyen yo ka preskri medikaman antiviral pou moun ki ka pa gen yon relasyon founisè-pasyan avèk yo, epi/oswa pou moun founisè a pa t egzamine ak/oswa konsilte? Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi bay rekòmandasyon espesifik pou klinisyen yo sou administrasyon swa chimyo-pwofilaksi antiviral pou kontak pwòch ki gen gwo risk asenptotik yon ka grip H1N1 ki konfime, posib oswa sispèk, oswa sou administrasyon tretman antiviral bonè, si siy ak sentòm grip la ta devlope nan kontak pwòch sa yo. Pou detay, al gade http://www.cdc.gov/h1n1flu/recommendations.htm. Klinisyen yo dwe toujou swiv Lwa Jeneral Florid ki anvigè yo, Kòd Administratif Florid, pèmi egzèsis ak limit kondisyon pou pratik pou yo bay kalite preskripsyon sa yo.
Èske ou gen nenpòt enfòmasyon pou famasyen yo? Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) te bay rekòmandasyon pou klinisyen yo sou itilizasyon medikaman antiviral nan tretman ak prevansyon grip la pou sezon 2009-2010. Oseltamivir (Tamiflu®) ak zanamivir (Relenza®) se de medikaman antiviral ki rekòmande kont grip la pou moman sa a. Itilizasyon priyorite pou medikaman sa yo sezon sa a se pou trete moun ki malad anpil (entène lopital) oswa moun ki malad avèk sentòm grip la epi ki nan gwo risk konplikasyon grav avèk grip la, tankou fanm ansent, jenn timoun, moun ki gen laj 65 ane ak plis ak moun ki gen eta sante kwonik.
Sitiyasyon kounye a ap ka gen enpak sou famasi peyi a lè gen plis moun pase kantite regilye k ap chèche achte egzekite preskripsyon yo pou medikaman antiviral kont grip la oswa pou antibyotik pou trete enfeksyon segondè, anplis konsèy sou medikaman san preskripsyon kont grip la. Sa ka genyen enpak sou kantite ak disponiblite medikaman antiviral ak lòt sibstans ki ka nesesè pou achte medikaman sou preskripsyon.
Pou kounye a, diskisyon CDC avèk chenn lojistik medikaman antiviral (fabrikan, distribitè ak detayan) endike estòk fòmil pou adilt (75 mg) oseltamivir (Tamiflu®) ak zanamivir (Relenza®) satisfè demann ki genyen pou medikaman sa a. Men, Administrasyon pou Kontwòl Manje ak Medikaman (FDA) ak Roche (fabrikan Tamiflu® rekonèt òf komèsyal ak rezèv sispansyon oral Tamiflu® ki estoke pa anpil.
Famasi yo ta dwe konnen kijan li enpòtan pou ofri pasyan yo medikaman sa yo kont grip la imedyatman lè pasyan yo gen preskripsyon pou yo. Tamiflu® ak Relenza® efikas pi byen lè yo administre yo nan 48 èdtan apre sentòm yo kòmanse. L ap enpòtan pou gen nivo estòk famasi, avèk tou dòz oseltamivir ak zanamivir ak rezèv pou konpoze Tamiflu® si sa nesesè pou asire pasyan ki bezwen tretman resevwa li san pèdi tan.
Pou plis enfòmasyon, ale nan: http://www.cdc.gov/H1N1flu/pharmacist/pharmacist_info.htm
Èske genyen yon mank Tamiflu® an sispansyon oral? Administrasyon pou Kontwòl Manje ak Medikaman (FDA) ak fabrikan Tamiflu® (Roche) te di estòk Tamiflu® an likid ki disponib pou timoun yo pa anpil.
Kisa k ap fèt pou sa? Genyen dòz Tamiflu® pou timoun an kapsil (30 mg ak 45 mg). Li posib tou pou yon famasyen kreye yon dòz likid pou timoun nan fòm sèk medikaman an. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi mete famasyen, doktè ak paran yo okouran chwa sa yo.
Kisa mwen ka fè si pitit mwen pa kapab vale kapsil? Si doktè ou preskri kapsil Tamiflu® pou pitit ou epi si pitit ou pa ka vale kapsil yo, ou ka louvri kapsil doktè a preskri yo epi melanje yo avèk yon likid sikre, ki ka san sik, epi pitit ou ap konsome li nèt.
Ki likid mwen ka itilize? Ou ka melanje yon likid epè ak sikre ki kache gou medikaman an avèk kontni kapsil Tamiflu® a. Gen likid sikre san sik ki disponib. Timoun lan ta dwe bwè tout melanj likid la. Men kèk egzanp: konpòt pòm, siwo mayi, pouding oswa siwo chokola/karamèl/karamèl ekosè. Ou ka itilize siwo myèl si timoun nan depase laj 1 ane. Si ou gen nenpòt kesyon konsènan fason pou melanje medikaman; kontakte famasyen kote ou te egzekite preskripsyon an oswa biwo founisè swen sante ou.
Èske ou gen enfòmasyon sou ijans pou konpoze yon dòz oral nan Tamiflu? FDA te mete yon deklarasyon sou sit wèb li nan http://www.fda.gov/Drugs/DrugSafety/InformationbyDrugClass/ucm100228.htm pou fè founisè swen sante ak famasi FDA apwouve yo sonje enstwiksyon pou ijans pou konpoze yon dòz oral nan kapsil 75mg Tamiflu® jan sa dekri etikèt ki nan pake fabrikan FDA apwouve pou oseltamivir (Tamiflu®). (Konpoze a se melanj medikaman yon pwofesyonè swen sante fè pou satisfè bezwen inik yon pasyan.)
Èske moun ki pran medikaman antiviral ka pran LAIV? Pasyan yo pa ta dwe pran medikaman antiviral pandan 48 apre yo fin pran yon LAIV. Si yo bay yon pasyan medikaman antiviral nan de semenn apre li fin pran LAIV, dòz vaksen an pa ta dwe konsidere kòm yon dòz ki valab. Medikaman antiviral yo pa nuizib pou sistèm iminitè a nan vaksen ki gen viris inaktif yo.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Swen Sante: Definisyon Ka ak Tès Laboratwa
Ki definisyon ka H1N1? Ou ka jwenn definisyon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) pou H1N1 nan sit wèb ki anba la a: http://www.cdc.gov/h1n1flu/casedef.htm
Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) te fè dènye mizajou nan definisyon ka 1ye jen 2009 a 12:15 PM ET Maladi grip (ILI) defini kòm lafyèv (tanperati 100°F [37.8°C] oswa pi wo) ak yon tous ak/oswa yon gòj fèmal nan absans yon kòz KONI ki diferan ak grip la.
Yon ka konfime enfeksyon viris H1N1 defini kòm yon moun ki gen maladi grip AK enfeksyon avèk viris grip orijinal A H1N1 ki konfime nan laboratwa dapre youn oswa plizyè tès ki anba la yo:
Yon ka posib enfeksyon avèk viris H1N1 defini kòm yon moun ki gen yon maladi grip ki pozitif pou grip A, men negatif pou H1 ak H3 imen dapre RT_PCR grip
Ka sispèk
Yon ka sispèk enfeksyon avèk viris H1N1 defini kòm yon moun ki pa satisfè definisyon ka konfime oswa ka posib, epi rezilta tès la pa negatif pou H1N1 orijinal, epi ki se/gen: yon moun ki gen < 65 ane ki entène lopital pou ILI
OSWA ILI ak viv nan yon eta san ka konfime, men te vwayaje nan yon eta oswa yon peyi kote genyen youn oswa plizyè ka konfime oswa posib
OSWA ILI epi gen yon lyen epidemyolojik nan 7 dènye jou nan yon ka konfime oswa yon ka posib Pou plis enfòmasyon tanpri kontakte Biwo Epidemyoloji nan 850-245-4401
Rekòmandasyon pou Tès: Moun ki anba la yo ta dwe teste pou enfeksyon H1N1 nan Biwo Laboratwa Florid:
- Moun yo admèt nan lopital akòz maladi ki menase lavi yo ki sanble enfeksyon grip la.
- Kantite limite moun ki sanble fè pati nan deklanchman grip la, espesyalman nan sèten anviwònman gwoup - tanpri al gade anba a pou plis enfòmasyon.
- Yon echantiyon moun ki prezante maladi grip la nan pratik espesifik ki patisipe nan Sistèm Pratik Santinèl pou Siveyans Grip la.
Lòt moun yo ta dwe not teste nan Biwo Laboratwa Florid.
Si yo sispèk grip la, epi si dyagnostik la ta ka chanje kontwòl pasyan an, li nesesè pou fè tès espesifik. FDOH sipòte pozisyon CDC ki endike"… pifò pasyan yo ki gen maladi ki pa konplike men ki konsistan avèk grip la ka fè dyagnostik nan klinik, epi yo pa bezwen fè tès pou gen grip pou kontwòl klinik, avèk tou desizyon pou tretman antiviral."
Kilè pou Mwen Rapòte Ka yo ba Depatman Sante Konte a?
- Rapòte ba depatman sante konte ou moun laboratwa konfime oswa yo sispèk anpil ak grip la ki a) gen maladi ki menase lavi yo oswa ki pral touye yo, b) ki ansent oswa apre akouchman (apeprè sis semèn) epi ki entène lopital c) ki gen plizyè enfeksyon grip la ki pwouve, d) ki pwouve yo devlopme grip malgre vaksinasyon, e) gen enfeksyon ki pwouve epi ki sispèk anpil kòm moun ki rezistan nan terapi antiviral oswa f) fè pati deklanchman an
- Deklanchman enterè patikilye se sa ki rive nan anviwònman yo pa obsève pandan epidemi grip la, tankou kominote moun ki retrete oswa mezon retrèt, oswa sa ki pa regilye oswa prezantasyon grav tankou nemoni emorajik. Tès laboratwa pou grip la rekòmande pou moun ki nan gwoup sa yo. Rapò yo kapab fèt tou nan Biwo Epidemyoloji nan 850-245-4401.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Swen Sante: Kontwòl Enfeksyon
Ki prekosyon mwen ta dwe pran lè m ap trete yon pasyan ki gen H1N1 (oswa H1N1) ki sispèk? Prekosyon estanda ta dwe swiv pou tout swen pasyan yo. Pou nenpòt aktivite ki ta ka lakòz gout sekresyon respiratwa, ou ta dwe mete rad lopital ansanm avèk pwoteksyon pou zye ou. Travayè swen sante ki gen kontak sere avèk pasyan yo sispèk oswa konfime ki gen grip H1N1 2009 ta dwe mete yon respiratè N95 ki teste pou ajisteman epi ki jetab.
Kèk pwosedi kapab lakòz pi gwo risk pou ta ekspoze moun, tankou ayewosòl ki jenere pwosedi, ki ta ka ogmante inalasyon ti gout respiratwa.
Anplwaye swen sante yo ta dwe:
-
Aplike prekosyon izòlman - Prekosyon izòlman ki anba la yo rekòmande pou anplwaye swen sante ki an kontak sere avèk pasyan ki gen grip H1N1 2009 ki sispèk oswa komfime. Pou dokiman sa a, kontak sere defini kòm moun k ap travay sou yon distans 6 pye avèk pasyan an oswa ki antre nan yon ti espas ayeryen ki pataje avèk pasyan an (pa egzanp, chanm mwayen pasyan an):
- Prekosyon Estanda - Pou tout swen pasyan, itilize gan ki pa esteril pou nenpòt kontak avèk dokiman ki kapab enfektye, answit obsève ijyèn men apre ou fin retire gan an; itilize rad lopital ansanm avèk pwoteksyon pou zye pou nenpòt aktivite ki ta ka pwodui gout sekresyon respiratwa oswa lòt sibtans enfektye. (Ale nan http://www.cdc.gov/ncidod/dhqp/gl_isolation_standard.html.)
- Pwoteksyon Respiratwa
- Rekòmandasyon: Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) kontinye ap rekòmande itilizasyon pwoteksyon respiratwa ki ofri pwoteksyon omwen menm jan respiratè N95 ki teste pou ajisteman epi ki jetab pou anplwaye swen sante ki an kontak sere avèk pasyan ki gen grip H1N1 2009 ki sispèk oswa konfime. Rekòmandasyon sa a aplike sèlman nan sikonstans espesyal H1N1 2009 pandemik pandan sezon lotòn ak livè 2009-2010 epitou CDC ap kontinye revize konsèy li yo lè enfòmasyon tounèf vin disponib, nan sezon sa a si sa nesesè.
- Itlize respiratè N-95 ak pwoteksyon zye pou ayewosòl ki jenere pwosedi avèk tou:
1. Bwonkoskopi
2. Louvri siksyon sekresyon gòjèt
3. Reyanimasyon ki gen pou wè ak entibasyon oswa reyaminasyon kadyo-respiratwa (CPR)
4. Entibasyon ak egzibasyon ando-trakeyal
5. Endiksyon krache
6. Otopsi
Pou diminye risk pou moun ekspoze, anplwaye swen medikal yo ya dwe fè pwosedi sa yo sèlman sou pasyan ki gen grip ki sispèk oswa konfime lè sa nesesè sou plan medikal, epi pa ta dwe gen anpil anplwaye nan chanm nan. Pwosedi sa yo kapab fèt tou nan chanm izòlman pou enfeksyon van pote, lè gen chanm pou sa. Anplwaye swen sante ta dwe pran prekosyon estanda epitou yo ta dwe mete pwoteksyon respiratwa (N 95 oswa pi wo) lè y ap fè aktivite sa yo.
Lyen ki anba la yo prezante dènye konsèy Depatman Sante ki gen pou wè ak itilizasyon mask: http://www.myflusafety.com/SwineFlu/documents/FLGuidanceMasksRespirators081309.pdf
http://www.myflusafety.com/SwineFlu/documents/FlInterimGuidanceforinfectioncontrol081209.pdf
Li enpòtan pou siveye regilyèman sit wèb ofisyèl Depatman Sante www.myflusafety.com pou mizajou yo.
Pou kisa rekòmandasyon pou pwoteksyon respiratwa travayè swen sante yo diferan pou grip H1N1 ak grip sezonye? Rekòmandasyon pou pwoteksyon respiratwa pou anplwaye swen sante pou pwoteksyon kont Grip H1N1 diferan avèk rekòmandasyon pou grip sezonye a paske genyen ti iminite ki egziste davans pou souch Grip H1N1 nan popilasyon an, avèk tou anplwaye swen sante yo.
_______________________________________________Retoune anwo
Lòt Enfòmasyon
»
Lòt Enfòmasyon: Dlo
Èske gen yon risk nan dlo potab? Dlo tiyo ki te trete dapre pwosesis dezenfeksyon konvansyonèl pa gen chans pou reprezante yon risk pou transmisyon viris grip la. Règleman ki genyen pou treteman dlo potab ofri yon gwo nivo pwoteksyon kont viris yo. Jiska prezan, pa gen ka grip yo obsève sou moun paske moun nan te ekspoze nan dlo potab ki kontamine ak grip.
Èske viris grip H1N1 ka transmèt nan dlo ki nan pisin, klib egzèsis fizik, pak kote gen dlo, fontenn entè-aktif, ak lòt espas lwazi kote gen dlo trete? Viris grip la enfekte pati siperyè aparèy respiratwa moun. Pa t janm gen ka enfeksyon viris grip yo obsève ki asosye avèk lè moun ekspoze nan dlo. Dlo lwazi yo te trete nan Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi ki rekòmande nivo dezenfektan pa gen chans pou reprezante yon risk pou transmisyon viris grip la.
Èske viris H1N1 ka transmèt nan espas lwazi kote gen dlo deyò dlo a? Wi, espas lwazi kote gen dlo pa diferan pase nenpòt espas angwoup. Yo panse transmisyon grip H1N1 fèt nan menm fason grip sezonye a gaye. Viris grip la transmèt sitou ant yon moun ak yon lòt moun lè yon moun ki gen grip la touse oswa etènye. Pafwa moun kapab vin enfekte lè yo manyen yon bagay ki gen viris grip la sou li epi apre yo manyen bouch yo oswa nen yo.
_______________________________________________Retoune anwo
»
Lòt Enfòmasyon: Bèt yo ak Grip la
Ki bèt ki ka enfekte avèk Grip H1N1 Anplis moun, kochon ak kodenn vivan, nou konnen firè (ki gen plis chans pou pran viris grip A) ak yon chat kay te enfekte avèk viris H1N1. Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi (CDC) ap travay nan tèt ansanm avèk patnè sante piblik ak sante animal lokal ak entènasyonal pou kontinye siveye sitiyasyon sa a epitou y ap bay lòt enfòmasyon pou piblik la lè enfòmasyon yo vin disponib.
Kijan bèt konpay yo vin enfekte avèk Grip H1N1? Tout enfòmasyon ki disponib yo sijere firè ak chat kay ki gen enfeksyon H1N1 te pran viris la nan kontak sere avèk moun ki malad. Transmisyon viris H1N1 ant moun ak bèt parèt sanblab ak transmisyon ant yon moun ak yon lòt moun.
Èske mwen ka pran Grip H1N1 nan bèt kay mwen? Gen prèv ki montre transmisyon an te fèt ant moun ki malad ak bèt konpay yo. Pa gen prèv ki disponib pou montre bèt yo enfekte moun ki gen viris H1N1.
Kisa pou m fè si m malad avèk sentòm grip la epi mwen gen bèt kay? Si w malad avèk maladi grip la, pran menm prekosyon avèk bèt kay ou, fason ou ta fè pou pwoteje sante fanmi ak zanmi ou yo:
-
Kouvri bouch ou lè w ap touse ak etènye
- Lave men ou souvan
- Minimize kontak avèk bèt kay ou jouk 24 èdtan apre lafyèv ou fin tonbe.
Kisa m ta dwe fè si m sispèk bèt kay mwen gen viris Grip H1N1? Si moun lakay ou gen sentòm grip la, epi bèt kay ou gen maladi respiratwa, kontakte veterinè ou.
Èske gen yon vaksen ki disponib pou bèt kay mwen? Pou kounye a, pa genyen yon vaksen kont H1N1 ki lisansye ak apwouve pou bèt konpay. (Genyen yon vaksen kont grip kanin, ki pwoteje chen yo kont viris grip kanin H3N8, men li p ap pwoteje bèt kay yo kont viris H1N1 epi yo pa ta dwe itilize li sou okenn espès ki diferan ak chen.)
Kijan maladi sa a grav sou bèt konpay yo? Firè kay ki gen enfeksyon H1N1 natirèl te gen maladi ki sanble grav menm jan ak yo obsève sa sou firè ki ekspoze nan viris grip sezonye ak viris H1N1 nan anviwònman laboratwa, avèk tou etènye, man aktivite ak diminisyon gwosè. Sèl chat yo konfime a te gen maladi respiratwa epi li te refè avèk swen sipò.
Lyen ki anba la yo bay lòt enfòmasyon: Asosyasyon Medikal Veterinè Ameriken
http://www.avma.org/public_health/influenza/default.asp
Depatman Agrikilti Etazini
http://www.usda.gov/wps/portal/?navid=USDA_H1N1
Èske m ka pran H1N1 nan manje oswa prepare vyann kochon? Non. Manje pa transmèt viris Grip H1N1. Ou pa ka pran grip la nan manje vyann kochon oswa pwodui abaz kochon. Pa gen pwoblèm pou manje pwodui kochon ki prepare ak kwit byen. Lè vyann kochon kwit nan yon tanperati entèn 160°F, bakteri ak viris yo mouri.
Kijan grip kochon transmèt pami kochon? Yo panse viris grip kochon transmèt sitou nan kontak sere pami kochon epi pètèt ant objè kontamine k ap deplase ant kochon ki enfekte ak kochon ki pa enfekte. Twoupo ki enfekte ak grip kochon kontajye ak twoupo ki vaksinen kont grip la ka gen maladi a toudenkou, oswa yo ka montre sèlman ti sentòm enfeksyon oswa yo ka pa montre.
Ki siy grip kochon an sou kochon yo? Pami siy grip kochon sou kochon yo ka gen kòmansman lafyèv toudenkou, depresyon, touse (gwòyman), sekresyon nan nen oswa zye, etènye, pwoblèm respirasyon, zye wouj oswa zye anfle, epi kochon yo pa manje.
Kijan grip kochon komen pami kochon yo? Anjeneral, yo jwenn viris grip kochon H1N1 ak H3N2 pami popilasyon kochon ki Ozetazini ak yon bagay endistri a fè fas avèk li regilyèman. Deklanchaman pami kochon yo fèt nòmalman nan mwa tan frèt (fen lotòn ak livè) epi pafwa lè yo mete nouvo kochon nan twoupo ki frajil. Etid yo montre gwip kochon H1N1 komen nan tout popilasyon kochon sou latè, avèk 25 pousan bèt ki montre prèv antikò enfeksyon.
_______________________________________________Retoune anwo
|